< Pwovèb 27 >
1 Pa vin ògeye sou bagay demen, paske ou pa konnen kisa yon jou ka pote.
不要為明日自誇, 因為一日要生何事,你尚且不能知道。
2 Kite yon lòt moun ba ou lwanj, e pa fè ak pwòp bouch ou. Kite l fèt pa yon ou pa konnen, e pa de pwòp lèv ou.
要別人誇獎你,不可用口自誇; 等外人稱讚你,不可用嘴自稱。
3 Yon gwo wòch lou ak sab gen pwa; men moun ensanse k ap anmède a pi lou pase yo tou de.
石頭重,沙土沉, 愚妄人的惱怒比這兩樣更重。
4 Fachez rèd fè move. Kòlè se yon inondasyon. Men se kilès ki ka kanpe devan jalouzi.
忿怒為殘忍,怒氣為狂瀾, 惟有嫉妒,誰能敵得住呢?
5 Repwòch ki klè pi bon pase lanmou ki kache.
當面的責備強如背地的愛情。
6 Fidèl se blese a yon zanmi; men twonpri se bo a yon ènmi.
朋友加的傷痕出於忠誠; 仇敵連連親嘴卻是多餘。
7 Moun vant plen rayi siwo myèl; men pou sila ki grangou, nenpòt bagay anmè vin dous.
人吃飽了,厭惡蜂房的蜜; 人飢餓了,一切苦物都覺甘甜。
8 Tankou yon zwazo ki egare nich li, se konsa yon nonm ki mache lwen kay li.
人離本處飄流, 好像雀鳥離窩遊飛。
9 Lwil ak pafen fè kè kontan; se konsa konsèy a yon nonm dous pou zanmi li.
膏油與香料使人心喜悅; 朋友誠實的勸教也是如此甘美。
10 Pa abandone pwòp zanmi ou, ni zanmi a papa ou. Pa ale lakay frè ou nan jou malè ou. Pi bon se yon vwazen toupre pase yon frè ki byen lwen.
你的朋友和父親的朋友, 你都不可離棄。 你遭難的日子,不要上弟兄的家去; 相近的鄰舍強如遠方的弟兄。
11 Sèvi ak sajès, fis mwen, e fè kè m kontan pou m kab reponn sila ki repwoche mwen an.
我兒,你要作智慧人,好叫我的心歡喜, 使我可以回答那譏誚我的人。
12 Yon nonm ki saj wè mal e li kache kò l; men sila ki fou a avanse pou peye pri a.
通達人見禍藏躲; 愚蒙人前往受害。
13 Pran vètman li lè l sèvi garanti pou yon enkoni, e pou yon fanm adiltè, kenbe mesye a menm kon garanti a.
誰為生人作保,就拿誰的衣服; 誰為外女作保,誰就承當。
14 Sila ki beni zanmi li ak gwo vwa bonè maten an, sa va rekonèt kon madichon pou li.
清晨起來,大聲給朋友祝福的, 就算是咒詛他。
15 Dlo k ap degoute san rete nan jou gwo lapli avèk fanm k ap fè kont san rete sòti menm jan:
大雨之日連連滴漏, 和爭吵的婦人一樣;
16 Sila ki ta anpeche fanm sa a, vle anpeche van, oswa sezi lwil ak men dwat li.
想攔阻她的,便是攔阻風, 也是右手抓油。
17 Se fè ki file fè; se konsa yon nonm file zanmi l.
鐵磨鐵,磨出刃來; 朋友相感也是如此。
18 Sila ki pran swen pye fig la va manje fwi li, e sila ki pran swen mèt li a va jwenn lonè.
看守無花果樹的,必吃樹上的果子; 敬奉主人的,必得尊榮。
19 Tankou nan dlo, figi reflete figi, konsa kè a yon nonm reflete lentansyon l.
水中照臉,彼此相符; 人與人,心也相對。
20 Sejou Lanmò ak labim pa janm satisfè; ni zye a lòm pa janm satisfè. (Sheol )
陰間和滅亡永不滿足; 人的眼目也是如此。 (Sheol )
21 Po fonn nan se pou ajan, e founo se pou lò; konsa, yon nom rafine pa lwanj ke l resevwa.
鼎為煉銀,爐為煉金, 人的稱讚也試煉人。
22 Malgre ou ta foule yon moun fou ak pilon jiskaske li fè poud, tankou sereyal byen kraze a, foli li p ap sòti sou li.
你雖用杵將愚妄人與打碎的麥子一同搗在臼中, 他的愚妄還是離不了他。
23 Konnen byen kondisyon a bann ou yo, e okipe twoupo ou yo;
你要詳細知道你羊群的景況, 留心料理你的牛群;
24 paske richès pa la pou tout tan, ni yon kouwòn pa rete pandan tout jenerasyon.
因為資財不能永有, 冠冕豈能存到萬代?
25 Zèb yo vin disparèt, e sa ki nèf la vin pouse, e zèb mòn yo fin ranmase.
乾草割去,嫩草發現, 山上的菜蔬也被收斂。
26 Jenn mouton yo va sèvi kon vètman ou, e kabrit yo va mennen pri a yon chan.
羊羔之毛是為你作衣服; 山羊是為作田地的價值,
27 Lèt kabrit ap kont pou manje ou, pou manje tout lakay ou, ak soutyen pou tout sèvant lakay ou yo.
並有母山羊奶夠你吃, 也夠你的家眷吃, 且夠養你的婢女。