< Pwovèb 26 >

1 Tankou lanèj nan sezon chalè a, tankou lapli nan sezon rekòlt, se konsa respè pa merite rive sou yon moun ensanse.
夏天落雪,收割时下雨,都不相宜; 愚昧人得尊荣也是如此。
2 Tankou yon ti zwazo k ap sove ale, tankou yon ti iwondèl nan vòl li, se konsa yon madichon san koz p ap poze.
麻雀往来,燕子翻飞; 这样,无故的咒诅也必不临到。
3 Yon fwèt se pou chwal la, yon brid pou bourik la, ak baton pou do a moun ensanse a.
鞭子是为打马,辔头是为勒驴; 刑杖是为打愚昧人的背。
4 Pa reponn yon moun ensanse selon foli li, oswa ou va vin tankou li.
不要照愚昧人的愚妄话回答他, 恐怕你与他一样。
5 Reponn yon moun ensanse selon foli li merite, pou l pa vin saj nan pwòp zye li.
要照愚昧人的愚妄话回答他, 免得他自以为有智慧。
6 Li koupe pwòp pye li, e bwè vyolans, ki voye yon mesaj pa men a moun ensanse a.
借愚昧人手寄信的, 是砍断自己的脚,自受损害。
7 Tankou janm ki initil pou moun bwate a, se konsa yon pwovèb nan bouch a moun ensanse.
瘸子的脚空存无用; 箴言在愚昧人的口中也是如此。
8 Tankou yon moun ki mare wòch anndan fistibal se konsa sila ki bay respè a moun ensanse a.
将尊荣给愚昧人的, 好像人把石子包在机弦里。
9 Tankou yon pikan ki tonbe nan men yon moun k ap bwè gwòg, se konsa yon pwovèb nan bouch a moun ki ensanse.
箴言在愚昧人的口中, 好像荆棘刺入醉汉的手。
10 Tankou moun ak banza k ap blese tout moun, se konsa sila ki anplwaye moun ensanse a, ak sila ki anplwaye sila k ap pase pa aza a.
雇愚昧人的,与雇过路人的, 就像射伤众人的弓箭手。
11 Tankou yon chen ki retounen nan vomi li, se konsa yon moun ensanse kap repete foli li.
愚昧人行愚妄事,行了又行, 就如狗转过来吃它所吐的。
12 Èske ou wè yon moun ki saj nan pwòp zye li? Gen plis espwa pou moun fou pase li menm.
你见自以为有智慧的人吗? 愚昧人比他更有指望。
13 Parese a di: “Gen yon lyon nan lari a! Yon lyon nan plas la!”
懒惰人说:道上有猛狮, 街上有壮狮。
14 Tankou pòt la vire sou gon li, se konsa parese a sou kabann li.
门在枢纽转动, 懒惰人在床上也是如此。
15 Parese a fouye men l nan plato a; men l twò fatige pou fè l ankò rive nan bouch li.
懒惰人放手在盘子里, 就是向口撤回也以为劳乏。
16 Parese a pi saj nan pwòp zye li pase sèt moun ki kab reponn ak bon konprann.
懒惰人看自己比七个善于应对的人更有智慧。
17 Tankou yon moun ki pran yon chen pa zòrèy, se konsa sila k ap pase pa aza a, pou l gaye nan goumen ki pa apatyen a li menm nan.
过路被事激动,管理不干己的争竞, 好像人揪住狗耳。
18 Tankou yon moun fou k ap jete bwa dife, flèch ak lanmò,
人欺凌邻舍,却说: 我岂不是戏耍吗? 他就像疯狂的人抛掷火把、利箭, 与杀人的兵器。
19 se konsa nonm ki tronpe vwazen li an pou di: “Èske se pa blag mwen t ap fè?”
20 Akoz mank bwa, dife a etenn; lè ti koze sispann, rayisman vin kalme.
火缺了柴就必熄灭; 无人传舌,争竞便止息。
21 Tankou chabon tou limen anvè sann cho, ak bwa anvè dife, se konsa yon moun tchenpwèt chofe pwoblèm pou limen konfli.
好争竞的人煽惑争端, 就如余火加炭,火上加柴一样。
22 Pawòl a moun k ap chichote nan zòrèy moun nan, vin tankou bèl ti mòso delika. Yo desann rive jis nan pati pi fon kò a.
传舌人的言语,如同美食, 深入人的心腹。
23 Tankou veso ki fèt ak tè ki kouvri ak yon kouch ajan, se konsa lèv ki brile ak yon kè ki mechan.
火热的嘴,奸恶的心, 好像银渣包的瓦器。
24 Yon nonm malonèt, kache sa pou l pa parèt sou lèv li; men nan kè l, li fè depo desepsyon.
怨恨人的,用嘴粉饰, 心里却藏着诡诈;
25 Lè l pale byen dous, pa kwè l; paske, gen sèt abominasyon nan kè l.
他用甜言蜜语,你不可信他, 因为他心中有七样可憎恶的。
26 Malgre rayisman kouvri kò l ak riz, mechanste li va devwale devan asanble a.
他虽用诡诈遮掩自己的怨恨, 他的邪恶必在会中显露。
27 Sila ki fouye fòs la va tonbe ladann, e sila ki woule wòch la, sou li menm l ap retounen.
挖陷坑的,自己必掉在其中; 滚石头的,石头必反滚在他身上。
28 Yon lang ki bay manti, rayi sila li kraze yo, e zèv a lang flatè a se dega.
虚谎的舌恨他所压伤的人; 谄媚的口败坏人的事。

< Pwovèb 26 >