< Pwovèb 24 >

1 Pa fè anvi a moun mechan, ni dezire pou avèk yo;
你不要嫉妒恶人, 也不要起意与他们相处;
2 paske panse yo fòmante vyolans e lèv yo pale inikite.
因为,他们的心图谋强暴, 他们的口谈论奸恶。
3 Avèk sajès, kay la bati e avèk bon konprann, li vin etabli.
房屋因智慧建造, 又因聪明立稳;
4 Pa konesans, chanm yon moun vin ranpli avèk tout bèl kalite richès.
其中因知识充满各样美好宝贵的财物。
5 Yon nonm saj byen fò, e yon nonm ak konesans ogmante pouvwa li.
智慧人大有能力; 有知识的人力上加力。
6 Paske ak konsèy saj ou va fè lagè, e ak konseye an abondans, gen viktwa.
你去打仗,要凭智谋; 谋士众多,人便得胜。
7 Sajès twò wo pou moun ensanse a; li pa ouvri bouch li nan pòtay la.
智慧极高,非愚昧人所能及, 所以在城门内不敢开口。
8 Yon moun ki fè plan pou fè mal, moun va rele li magouyè.
设计作恶的, 必称为奸人。
9 Fòmante foli se peche, e mokè a abominab a tout moun.
愚妄人的思念乃是罪恶; 亵慢者为人所憎恶。
10 Si ou lach nan jou gran pwoblèm nan, fòs ou pa fò.
你在患难之日若胆怯, 你的力量就微小。
11 Delivre sila k ap mennen vè lanmò a, ak sila k ap mache tonbe vè labatwa a. O, kenbe yo!
人被拉到死地,你要解救; 人将被杀,你须拦阻。
12 Si ou di: “Gade, nou pa t konnen sa”; èske Li pa konsidere sa, sila ki peze kè? Epi èske Li pa konnen sa, sila kap kenbe nanm ou an? Èske Li p ap rann a lòm selon zèv li?
你若说:这事我未曾知道, 那衡量人心的岂不明白吗? 保守你命的岂不知道吗? 他岂不按各人所行的报应各人吗?
13 Fis mwen, manje siwo myèl, paske li bon; wi, siwo sòti nan nich lan dous pou goute.
我儿,你要吃蜜,因为是好的; 吃蜂房下滴的蜜便觉甘甜。
14 Konnen ke sajès se konsa pou nanm ou; si ou twouve li, va gen yon avni, e espwa ou p ap anile.
你心得了智慧,也必觉得如此。 你若找着,至终必有善报; 你的指望也不致断绝。
15 Pa kouche mete pyèj, o lòm mechan, kont kote ke moun dwat la rete a. Pa detwi kote repo li a;
你这恶人,不要埋伏攻击义人的家; 不要毁坏他安居之所。
16 paske yon nonm ladwati tonbe sèt fwa e leve ankò, men se nan lè gwo malè ke mechan an tonbe.
因为,义人虽七次跌倒,仍必兴起; 恶人却被祸患倾倒。
17 Pa rejwi lè lènmi ou tonbe. Ni pa kite kè ou kontan lè l tonbe;
你仇敌跌倒,你不要欢喜; 他倾倒,你心不要快乐;
18 Oswa, SENYÈ a va wè l, vin pa kontan e detounen kòlè Li de li.
恐怕耶和华看见就不喜悦, 将怒气从仇敌身上转过来。
19 Pa twouble tèt ou pou malveyan yo, ni fè lanvi pou mechan yo,
不要为作恶的心怀不平, 也不要嫉妒恶人;
20 paske pou yon nonm mechan, pa gen avni. Lanp a mechan an va etenn nèt.
因为,恶人终不得善报; 恶人的灯也必熄灭。
21 Fis mwen an, gen lakrent SENYÈ a ak wa a; pa asosye ak sila ki pa stab yo,
我儿,你要敬畏耶和华与君王, 不要与反复无常的人结交,
22 paske, malè yo va leve vit. Kilès ki konnen destriksyon an k ap sòti nan yo de a.
因为他们的灾难必忽然而起。 耶和华与君王所施行的毁灭, 谁能知道呢?
23 Sila yo, anplis, se pawòl a sajès: Fè patipri nan jijman pa bon.
以下也是智慧人的箴言: 审判时看人情面是不好的。
24 Sila ki di a mechan an: “Ou dwat”, pèp yo va modi li e nasyon yo va rayi li;
对恶人说“你是义人”的, 这人万民必咒诅,列邦必憎恶。
25 men pou sila ki repwoche mechan yo, lap wale byen ak yo. Bon benediksyon va tonbe sou yo.
责备恶人的,必得喜悦; 美好的福也必临到他。
26 Yon repons onèt tankou yon bo sou lèv yo.
应对正直的,犹如与人亲嘴。
27 Prepare tout travay ou a deyò; byen prepare chan ou. Apre, alò, bati kay ou.
你要在外头预备工料, 在田间办理整齐, 然后建造房屋。
28 Pa vin yon temwen kont vwazen ou san koz, e pa bay manti ak lèv ou.
不可无故作见证陷害邻舍, 也不可用嘴欺骗人。
29 Pa di: “Se konsa mwen va fè l paske li te fè m konsa; mwen va rann a nonm nan selon zèv li yo.”
不可说:人怎样待我,我也怎样待他; 我必照他所行的报复他。
30 Mwen te pase nan chan parese a; akote chan rezen a nonm ki manke bon konprann nan.
我经过懒惰人的田地、 无知人的葡萄园,
31 Epi gade byen, li te plen ak raje pikan, e kouvri ak move zèb, Miray an wòch la te fin kraze nèt.
荆棘长满了地皮, 刺草遮盖了田面, 石墙也坍塌了。
32 Lè m te wè, mwen te reflechi sou sa; mwen te gade e m te resevwa enstriksyon.
我看见就留心思想; 我看着就领了训诲。
33 “Yon ti dòmi, yon ti somèy, yon ti pliye men pou repoze,”
再睡片时,打盹片时, 抱着手躺卧片时,
34 Konsa mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vòlè; ak bezwen tankou yon bandi kon zam.
你的贫穷就必如强盗速来, 你的缺乏仿佛拿兵器的人来到。

< Pwovèb 24 >