< Pwovèb 23 >

1 Lè ou chita sou tab ak yon ki gouvènè, konsidere byen sa ki devan ou.
你若與官長坐席, 要留意在你面前的是誰。
2 Konsa, mete yon kouto sou gòj ou si ou se yon nonm ak gwo lanvi.
你若是貪食的, 就當拿刀放在喉嚨上。
3 Pa dezire bon manje sa yo, paske se yon repa desepsyon.
不可貪戀他的美食, 因為是哄人的食物。
4 Pa fatige kò ou pou jwenn richès; sispann reflechi sou sa.
不要勞碌求富, 休仗自己的聰明。
5 Depi ou mete zye ou sou li, l ale. Paske, anverite, li gen zèl kon yon èg k ap vole vè syèl yo.
你豈要定睛在虛無的錢財上嗎? 因錢財必長翅膀,如鷹向天飛去。
6 Pa manje pen a yon mesye ki chich, ni anvi bèl bagay li;
不要吃惡眼人的飯, 也不要貪他的美味;
7 paske jan li panse nan tèt li a, se konsa li ye. Li di ou: “Manje e bwè!” Men kè li pa avè w.
因為他心怎樣思量, 他為人就是怎樣。 他雖對你說,請吃,請喝, 他的心卻與你相背。
8 Ou va vomi mòso ke ou te manje a e gaspiye tout bèl pawòl ou yo.
你所吃的那點食物必吐出來; 你所說的甘美言語也必落空。
9 Pa pale nan zòrèy a moun sòt, paske l ap meprize sajès a pawòl ou yo.
你不要說話給愚昧人聽, 因他必藐視你智慧的言語。
10 Pa deplase ansyen bòn nan, ni antre nan chan òfelen yo,
不可挪移古時的地界, 也不可侵入孤兒的田地;
11 Paske Redanmtè yo a pwisan. Li va plede ka yo kont ou.
因他們的救贖主大有能力, 他必向你為他們辨屈。
12 Aplike kè ou a disiplin ak zòrèy ou a pawòl ki pote konesans.
你要留心領受訓誨, 側耳聽從知識的言語。
13 Pa ralanti disiplin sou yon timoun; malgre ou frape li ak yon baton, li p ap mouri.
不可不管教孩童; 你用杖打他,他必不至於死。
14 Ou va frape li ak baton pou delivre nanm li de sejou mò yo. (Sheol h7585)
你要用杖打他, 就可以救他的靈魂免下陰間。 (Sheol h7585)
15 Fis mwen an, si kè ou saj, pwòp kè m va kontan tou.
我兒,你心若存智慧, 我的心也甚歡喜。
16 Wi, jis anndan m va rejwi lè lèv ou pale sa ki dwat.
你的嘴若說正直話, 我的心腸也必快樂。
17 Pa kite kè ou fè lanvi pechè yo, men viv nan lakrent SENYÈ a tout tan.
你心中不要嫉妒罪人, 只要終日敬畏耶和華;
18 Anverite, gen davni, e espwa ou p ap anile.
因為至終必有善報, 你的指望也不致斷絕。
19 Koute, fis mwen an, vin saj pou dirije kè ou nan chemen an.
我兒,你當聽,當存智慧, 好在正道上引導你的心。
20 Pa bwè twòp diven, ni fè voras nan manje vyann;
好飲酒的,好吃肉的, 不要與他們來往;
21 paske sila ki bwè twòp la ak moun voras la va vin pòv; e dòmi nan zye a va fè l abiye ak vye twal chire.
因為好酒貪食的,必致貧窮; 好睡覺的,必穿破爛衣服。
22 Koute papa ou ki te fè ou a, e pa meprize manman ou lè l vin granmoun.
你要聽從生你的父親; 你母親老了,也不可藐視她。
23 Achte verite e pa vann li! Ranmase sajès, enstriksyon ak bon konprann.
你當買真理; 就是智慧、訓誨,和聰明也都不可賣。
24 Papa a sila ki dwat la va rejwi anpil, e sila ki fè yon fis ki saj la va gen kè kontan nan li.
義人的父親必大得快樂; 人生智慧的兒子,必因他歡喜。
25 Kite papa ou ak manman ou fè kè kontan; kite fanm ki te fè ou a, rejwi.
你要使父母歡喜, 使生你的快樂。
26 Ban m kè ou, fis mwen an; kite zye ou fè kè kontan nan chemen mwen yo.
我兒,要將你的心歸我; 你的眼目也要喜悅我的道路。
27 Paske yon pwostitiye se yon fòs byen fon, e yon fanm adiltè se yon ti pwi etwat.
妓女是深坑; 外女是窄阱。
28 Anverite, li kache veye tankou vòlè, pou l ogmante enfidelite pami lòm.
她埋伏好像強盜; 她使人中多有奸詐的。
29 Se kilès ki gen gwo pwoblèm? Se kilès ki gen tristès? Se kilès ki gen konfli? Se kilès kap plenyèn? Se kilès ki blese san rezon? Se kilès ki gen zye wouj?
誰有禍患?誰有憂愁? 誰有爭鬥?誰有哀歎? 誰無故受傷?誰眼目紅赤?
30 Sila ki mize sou diven nan, sila ki ale goute diven mele an.
就是那流連飲酒、 常去尋找調和酒的人。
31 Pa gade diven an lè l wouj, lè l fè klè nan tas la, lè l desann byen dous.
酒發紅,在杯中閃爍, 你不可觀看, 雖然下咽舒暢, 終久是咬你如蛇,刺你如毒蛇。
32 Nan dènye moman an, li mòde tankou sèpan; li brile tankou bouch koulèv.
33 Zye ou va wè bagay ki dwòl, e panse ou va twouble anpil.
你眼必看見異怪的事; 你心必發出乖謬的話。
34 Ou va tankou yon moun ki kouche nan mitan lanmè, oswa tankou yon moun ki kouche sou ma batiman.
你必像躺在海中, 或像臥在桅杆上。
35 “Yo te frape m, men mwen pa t santi anyen! Yo te bat mwen, men mwen pa t konnen sa! Lè m leve, m ap chache pou m kab bwè ankò.”
你必說:人打我,我卻未受傷; 人鞭打我,我竟不覺得。 我幾時清醒,我仍去尋酒。

< Pwovèb 23 >