< Pwovèb 22 >

1 Yon bon non pi bon pase tout richès; e favè Bondye, pase ajan ak lò.
美名胜过大财; 恩宠强如金银。
2 Rich la ak malere a mare ansanm; se SENYÈ a ki fè yo tout.
富户穷人在世相遇, 都为耶和华所造。
3 Sila ki reflechi, wè mal e kache kò li; men ensanse yo antre ladann e jwenn pinisyon.
通达人见祸藏躲; 愚蒙人前往受害。
4 Rekonpans pou imilite avèk lakrent SENYÈ a se richès, bon repitasyon, ak lavi.
敬畏耶和华心存谦卑, 就得富有、尊荣、生命为赏赐。
5 Pikan ak pèlen se nan chemen a pèvès yo; sila ki veye nanm li, va rete lwen yo.
乖僻人的路上有荆棘和网罗; 保守自己生命的,必要远离。
6 Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale, e lè li vin gran, li p ap kite li; menm lè l granmoun, li p ap kite li.
教养孩童,使他走当行的道, 就是到老他也不偏离。
7 Rich yo domine sou pòv yo, e moun ki prete vin esklav a sila k ap bay prè a.
富户管辖穷人; 欠债的是债主的仆人。
8 Sila ki simen inikite a va rekòlte vanite; e baton kòlè li a va detwi.
撒罪孽的,必收灾祸; 他逞怒的杖也必废掉。
9 Sila ki bay ak men louvri va beni; paske li bay manje a malere.
眼目慈善的,就必蒙福, 因他将食物分给穷人。
10 Mete moun k ap moke moun yo deyò, e diskisyon an prale tou; wi, konfli ak dezonore moun ap sispann.
赶出亵慢人,争端就消除; 纷争和羞辱也必止息。
11 Sila ki renmen kè ki san tach e ki pale ak gras, va zanmi a wa a.
喜爱清心的人因他嘴上的恩言, 王必与他为友。
12 Zye a SENYÈ a konsève konesans; men Li boulvèse pawòl moun malveyan yo.
耶和华的眼目眷顾聪明人, 却倾败奸诈人的言语。
13 Parese a di: “Gen yon lyon deyò a; m ap mouri nan lari!”
懒惰人说:外头有狮子; 我在街上就必被杀。
14 Bouch a fanm adiltè a se yon fòs byen fon; sila ke SENYÈ a modi va tonbe ladann.
淫妇的口为深坑; 耶和华所憎恶的,必陷在其中。
15 Foli mare nan kè a yon timoun; baton disiplin nan va retire sa mete lwen li.
愚蒙迷住孩童的心, 用管教的杖可以远远赶除。
16 Sila ki oprime malere a pou ogmante tèt li; ni sila k ap fè kado a rich yo, va rive nan povrete.
欺压贫穷为要利己的, 并送礼与富户的,都必缺乏。
17 Apiye zòrèy ou pou tande pawòl a saj yo; epi aplike ou a konesans mwen.
你须侧耳听受智慧人的言语, 留心领会我的知识。
18 Paske sa va byen agreyab pou ou si ou kenbe yo anndan ou, pou yo toujou prè sou lèv ou.
你若心中存记, 嘴上咬定,这便为美。
19 Pou konfyans ou kapab nan SENYÈ a, mwen te enstwi ou jodi a, menm ou menm nan.
我今日以此特特指教你, 为要使你倚靠耶和华。
20 Èske mwen pa t ekri ou trant bèl bagay, de konsèy ak konesans yo?
谋略和知识的美事, 我岂没有写给你吗?
21 Pou fè ou konnen vrè pawòl verite yo, pou ou kab byen reponn sila ki te voye ou a?
要使你知道真言的实理, 你好将真言回复那打发你来的人。
22 Pa vòlè malere a paske li pòv, ni kraze aflije nan pòtay la;
贫穷人,你不可因他贫穷就抢夺他的物, 也不可在城门口欺压困苦人;
23 paske, SENYÈ a va plede ka yo e pran lavi a sila ki vòlè yo.
因耶和华必为他辨屈; 抢夺他的,耶和华必夺取那人的命。
24 Pa asosye ak yon nonm ki livre a kòlè; oswa ale ak yon moun kolerik,
好生气的人,不可与他结交; 暴怒的人,不可与他来往;
25 sinon, ou va aprann mès li yo e jwenn yon pèlen pou tèt ou.
恐怕你效法他的行为, 自己就陷在网罗里。
26 Pa konte pami sila ki sèvi kon garanti yo, pami sila ki fè sekirite pou dèt yo.
不要与人击掌, 不要为欠债的作保。
27 Si ou pa gen mwayen pou ou kab peye, poukisa ou ta kite l rale kabann nan sòti anba ou?
你若没有什么偿还, 何必使人夺去你睡卧的床呢?
28 Pa deplase ansyen bòn ke papa zansèt nou yo te mete a.
你先祖所立的地界, 你不可挪移。
29 Èske ou wè yon nonm byen abil nan travay li? Li va kanpe devan wa yo; li p ap oblije kanpe devan nenpòt kalite vye moun.
你看见办事殷勤的人吗? 他必站在君王面前, 必不站在下贱人面前。

< Pwovèb 22 >