< Pwovèb 21 >
1 Kè a wa a se tankou kanal dlo nan men SENYÈ a; Li vire l kote Li vle.
王的心在耶和华手中, 好像陇沟的水随意流转。
2 Chemen a yon moun bon nan pwòp zye li; men SENYÈ a peze kè yo.
人所行的,在自己眼中都看为正; 惟有耶和华衡量人心。
3 SENYÈ a pito ladwati ak lajistis plis pase sakrifis.
行仁义公平 比献祭更蒙耶和华悦纳。
4 Zye ki leve wo ak kè ki plen ògèy; lanp a mechan yo se peche.
恶人发达,眼高心傲, 这乃是罪。
5 Plan a dilijan an mennen byen si, vè avantaj; men tout moun ki aji san reflechi va, san dout, vin pòv.
殷勤筹划的,足致丰裕; 行事急躁的,都必缺乏。
6 Ranmase anpil byen ak lang k ap bay manti se yon vapè k ap sove ale, k ap kouri dèyè lanmò.
用诡诈之舌求财的,就是自己取死; 所得之财乃是吹来吹去的浮云。
7 Vyolans a mechan yo va trennen yo fè yo pati, akoz yo refize aji ak jistis.
恶人的强暴必将自己扫除, 因他们不肯按公平行事。
8 Chemen a yon moun koupab kwochi; men pou sila ki san tach la, kondwit li dwat.
负罪之人的路甚是弯曲; 至于清洁的人,他所行的乃是正直。
9 Li pi bon pou viv nan ti kwen sou twati a pase nan yon kay ak yon fanm k ap fè kont tout tan.
宁可住在房顶的角上, 不在宽阔的房屋与争吵的妇人同住。
10 Nanm a mechan an vle mal; vwazen li an pa twouve gras nan zye l.
恶人的心乐人受祸; 他眼并不怜恤邻舍。
11 Lè mokè a vin pini, moun san konprann nan vin saj; men lè moun saj la enstwi, li resevwa konesans.
亵慢的人受刑罚,愚蒙的人就得智慧; 智慧人受训诲,便得知识。
12 Lè sila ki dwat, pran an konsiderasyon kay mechan an, afè mechan an vin detwi nèt.
义人思想恶人的家, 知道恶人倾倒,必致灭亡。
13 Sila ki fèmen zòrèy li a kri aflije a, va vin kriye pou kont li, men li p ap jwenn repons.
塞耳不听穷人哀求的, 他将来呼吁也不蒙应允。
14 Yon kado vèse an sekrè kalme fachez, e yon anba tab ki glise rive, bese gwo kòlè.
暗中送的礼物挽回怒气; 怀中搋的贿赂止息暴怒。
15 Aplike lajistis se yon plezi pou moun dwat; men se yon gwo laperèz pou malfektè inikite yo.
秉公行义使义人喜乐, 使作孽的人败坏。
16 Yon nonm egare ki kite chemen bon konprann nan, va jwenn repo nan asanble mò yo.
迷离通达道路的, 必住在阴魂的会中。
17 Sila ki renmen plezi, va vin pòv; sila ki renmen diven ak lwil, p ap janm rich.
爱宴乐的,必致穷乏; 好酒,爱膏油的,必不富足。
18 Mechan an se yon ranson pou moun dwat yo; e sila ki fè trèt la pou sila ki kanpe janm.
恶人作了义人的赎价; 奸诈人代替正直人。
19 Li pi bon pou rete nan dezè pase viv ak yon fanm k ap agase moun tout tan.
宁可住在旷野, 不与争吵使气的妇人同住。
20 Gen bèl trezò ak lwil nan abitasyon a moun saj la; men, moun san konprann nan vale tout.
智慧人家中积蓄宝物膏油; 愚昧人随得来随吞下。
21 Sila ki swiv ladwati ak fidelite a jwenn lavi, ladwati ak lonè.
追求公义仁慈的, 就寻得生命、公义,和尊荣。
22 Yon nonm saj monte sou miray vil pwisan, e fè tonbe sitadèl la ki te bay yo konfyans.
智慧人爬上勇士的城墙, 倾覆他所倚靠的坚垒。
23 Sila ki veye bouch li ak lang li pwoteje nanm li kont gwo twoub.
谨守口与舌的, 就保守自己免受灾难。
24 Ògèy, Monte Tèt Wo, Mokè; men tit a sila ki aji nan ògèy ak ensolans yo.
心骄气傲的人名叫亵慢; 他行事狂妄,都出于骄傲。
25 Se volonte a parese a ki fè l mouri, paske men li refize travay;
懒惰人的心愿将他杀害, 因为他手不肯做工。
26 Gen moun tout lajounen kap anvi yon bagay, pandan moun dwat yo ap vèse bay san rete.
有终日贪得无厌的; 义人施舍而不吝惜。
27 Sakrifis a mechan yo abominab; se konbyen anplis, lè l pote ak movèz fwa.
恶人的祭物是可憎的; 何况他存恶意来献呢?
28 Yon fo temwen va peri; men sila ki koute verite a va pale ak letènite.
作假见证的必灭亡; 惟有听真情而言的,其言长存。
29 Moun mechan an afiche yon figi brav; men pou moun ladwati a, chemen li an sèten.
恶人脸无羞耻; 正直人行事坚定。
30 Nanpwen sajès, ni bon konprann, ni konsèy kont SENYÈ a.
没有人能以智慧、聪明、 谋略敌挡耶和华。
31 Cheval la prepare pou jou batay la; men viktwa a se nan men SENYÈ a.
马是为打仗之日预备的; 得胜乃在乎耶和华。