< Pwovèb 20 >
1 Diven se yon mokè, e bwason fò fè goumen rive nan tenten; nenpòt moun ki vin sou pa li, pa saj.
酒能使人亵慢,浓酒使人喧嚷; 凡因酒错误的,就无智慧。
2 Laperèz a wa a se tankou gwo vwa lyon k ap rele fò; sila ki fè l fache va pèdi lavi l.
王的威吓如同狮子吼叫; 惹动他怒的,是自害己命。
3 Rete lwen konfli ak rayisman, e ou va gen respe; alò, nenpòt moun ensanse ka fè yon kont.
远离纷争是人的尊荣; 愚妄人都爱争闹。
4 Parese a pa laboure tè nan sezon otòn; akoz sa li mande charite pandan rekòlt la, e li p ap gen anyen.
懒惰人因冬寒不肯耕种, 到收割的时候,他必讨饭而无所得。
5 Yon plan nan kè moun se tankou dlo fon; men yon nonm ak bon konprann rale l fè l sòti.
人心怀藏谋略,好像深水, 惟明哲人才能汲引出来。
6 Gen anpil moun ki pwomèt fidelite; men kibò pou jwenn yon nonm onèt?
人多述说自己的仁慈, 但忠信人谁能遇着呢?
7 Yon nonm dwat ki mache nan entegrite l; A la beni fis ki vini apre li yo beni!
行为纯正的义人, 他的子孙是有福的!
8 Yon wa ki chita sou twòn lajistis fè tout mal sove ale ak pwòp zye l.
王坐在审判的位上, 以眼目驱散诸恶。
9 Se kilès ki kapab di: “Mwen te netwaye kè m; mwen vin pirifye de tout peche m?”
谁能说,我洁净了我的心, 我脱净了我的罪?
10 Balans ki pa ojis ak mezi ki pa ojis; tou de abominab a SENYÈ a.
两样的法码,两样的升斗, 都为耶和华所憎恶。
11 Menm yon ti moun se rekonnet pa zèv li yo; si li aji byen e si kondwit li dwat.
孩童的动作是清洁,是正直, 都显明他的本性。
12 Zòrèy ki tande ak zye ki wè; se SENYÈ a ki te fè tou de.
能听的耳,能看的眼, 都是耶和华所造的。
13 Pa renmen dòmi, sinon ou va vin malere; ouvri zye ou e ou va satisfè ak manje.
不要贪睡,免致贫穷; 眼要睁开,你就吃饱。
14 “Pa bon, pa bon”, di sila k ap achte a; men lè l fè wout li, li pale kè l kontan.
买物的说:不好,不好; 及至买去,他便自夸。
15 Gen lò ak tout kalite bijou; men lèv plèn konesans se pi bèl bagay.
有金子和许多珍珠, 惟有知识的嘴乃为贵重的珍宝。
16 Lè l sèvi garanti pou yon enkoni, pran manto li; epi pou fanm andeyò a, fè papye pwose vèbal pou sa li pwomèt la.
谁为生人作保,就拿谁的衣服; 谁为外人作保,谁就要承当。
17 Pen kòn twouve nan bay manti dous; men pita, bouch la plen gravye.
以虚谎而得的食物,人觉甘甜; 但后来,他的口必充满尘沙。
18 Fè tout plan ak konsiltasyon; fè lagè ak konsèy saj.
计谋都凭筹算立定; 打仗要凭智谋。
19 Sila ki difame moun devwale sekrè; pou sa a, pa asosye ou ak moun ki mache bouch ouvri.
往来传舌的,泄漏密事; 大张嘴的,不可与他结交。
20 Sila ki modi papa li oswa manman li an, lanp li va etenn nan tan fènwa.
咒骂父母的,他的灯必灭, 变为漆黑的黑暗。
21 Yon eritaj ranmase vit nan kòmansman a, p ap beni nan lafen.
起初速得的产业, 终久却不为福。
22 Pa di: “M ap rekonpanse mechanste”; tann SENYÈ a, e Li va sove ou.
你不要说,我要以恶报恶; 要等候耶和华,他必拯救你。
23 Pwa ki pa ojis ak mezi ki pa ojis; tou de abominab a SENYÈ a.
两样的法码为耶和华所憎恶; 诡诈的天平也为不善。
24 Pa a yon nonm regle pa SENYÈ a; konsa, kijan yon nonm kab vin konprann chemen li?
人的脚步为耶和华所定; 人岂能明白自己的路呢?
25 Se yon pèlen pou yon nonm ta di avèk enpridans: “Sa sen!” e aprè ve yo fèt, pou fè ankèt.
人冒失说,这是圣物, 许愿之后才查问,就是自陷网罗。
26 Yon wa ki saj va vannen mechan yo e fè wou moulen pase anwo yo.
智慧的王簸散恶人, 用碌碡滚轧他们。
27 Lespri a lòm se lanp SENYÈ a, ki chache pati ki pi entim nan li yo.
人的灵是耶和华的灯, 鉴察人的心腹。
28 Fidelite ak verite prezève wa a, e ladwati bay twòn li an soutyen.
王因仁慈和诚实得以保全他的国位, 也因仁慈立稳。
29 Glwa a jèn yo se fòs yo, e lonè a granmoun yo se cheve blan yo.
强壮乃少年人的荣耀; 白发为老年人的尊荣。
30 Kout fwèt ki blese fè disparèt mechanste; li frape rive nan pati pi fon yo.
鞭伤除净人的罪恶; 责打能入人的心腹。