< Pwovèb 2 >

1 Fis mwen an, si ou resevwa pawòl mwen yo, e gade kòmandman mwen yo nan kè ou,
My son, if you will receive my words, and hide my commandments with you;
2 e fè zòrèy ou atantif a sajès; e enkline zòrèy ou vè bon konprann,
So that you incline your ear unto wisdom, and apply your heart to understanding;
3 wi, si ou leve vwa w pou sajès; e leve vwa ou vè bon konprann;
Yea, if you cry after knowledge, and lift up your voice for understanding;
4 si ou chache li kon ajan, e fè rechèch dèyè li kon trezò ki kache;
If you seek her as silver, and search for her as for hid treasures;
5 nan lè sa a, ou va dekouvri lakrent SENYÈ a, e dekouvri konesans Bondye a.
Then shall you understand the fear of the LORD, and find the knowledge of God.
6 Paske, SENYÈ a bay sajès. Nan bouch Li, soti konesans ak bon konprann.
For the LORD gives wisdom: out of his mouth comes knowledge and understanding.
7 Li mete sajès nan depo pou moun dwat la. Li se boukliye pou sila ki mache ak entegrite yo,
He lays up sound wisdom for the righteous: he is a buckler to them that walk uprightly.
8 Ka p veye chemen lajistis yo, e pwoteje chemen a fidèl Li yo.
He keeps the paths of judgment, and perserves the way of his saints.
9 Konsa, ou va dekouvri ladwati ak jistis, e menm egalite avèk tout bon chemen yo.
Then shall you understand righteousness, and judgment, and equity; yea, every good path.
10 Paske, sajès va antre nan kè ou, e konesans va fè ou alèz jis rive nan nanm ou.
When wisdom enters into your heart, and knowledge is pleasant unto your soul;
11 Bon konprann va pwoteje ou, konesans va veye sou ou,
Discretion shall preserve you, understanding shall keep you:
12 pou pwoteje ou kont chemen mal la, kont lòm ki pale bagay pèvès yo.
To deliver you from the way of the evil man, from the man that speaks perverse things;
13 Kont sila ki kite chemen ladwati yo pou mache nan chemen fènwa yo;
Who leave the paths of uprightness, to walk in the ways of darkness;
14 ki pran plezi nan fè sa ki mal e rejwi nan mechanste mal la.
Who rejoice to do evil, and delight in the perverseness of the wicked;
15 Chemen a sila ki vin kwochi yo e ki vin gaye kò yo nan tout sa yo fè.
Whose ways are crooked, and they perverse in their paths:
16 Pou delivre ou soti nan men fanm etranje a, soti nan men fanm adiltè ki flate ak pawòl li;
To deliver you from the strange woman, even from the stranger which flatters with her words;
17 ki kite konpanyen jenès li a, e ki bliye akò a Bondye li;
Which forsakes the guide of her youth, and forgets the covenant of her God.
18 paske lakay li mennen a lanmò e tras a pla pye li yo rive kote mò yo.
For her house inclines unto death, and her paths unto the dead.
19 Pèsòn ki ale kote li menm, pa retounen ankò, ni yo pa jwenn pa lavi.
None that go unto her return again, neither take they hold of the paths of life.
20 Akoz sa a, ou va mache nan chemen a sila ki bon yo, e swiv tras a moun ladwati yo.
That you may walk in the way of good men, and keep the paths of the righteous.
21 Paske moun dwat yo va viv nan peyi a, e sila ki san tò yo va rete ladann;
For the upright shall dwell in the land, and the perfect shall remain in it.
22 men mechan yo va koupe retire nèt de peyi a, e moun trèt yo va dechouke de li.
But the wicked shall be cut off from the earth, and the transgressors shall be rooted out of it.

< Pwovèb 2 >