< Pwovèb 19 >

1 Pi bon se yon malere ki mache ak entegrite pase sila ak bouch konwonpi ki ensanse a.
Pito ou pòv men ou se nèg serye pase pou w'ap bay manti epi pou ou sòt met sou li.
2 Anplis, li pa bon pou gen gwo kouraj, san konesans, ni pou prese rive fè fo pa.
Sa pa bon pou ou prese fè anyen san ou pa konprann sa w'ap fè. Si ou pa gen pasyans, ou ka nan pwoblèm.
3 Foli a yon nonm fè chemen l gate; e kè li anraje kont SENYÈ a.
Se sotiz yon nonm ki fini avè l'. Apre sa, li konprann pou l' fache sou Bondye.
4 Richès fè zanmi ogmante anpil; men malere pèdi zanmi li yo.
Lè ou gen lajan, ou toujou gen zanmi. Men lè ou pòv, dènye zanmi vire do ba ou.
5 Yon fo temwen pa prale san pinisyon; e sila ki fè manti a, p ap chape.
Lè yon moun ap sèvi temwen nan tribinal, si li fè manti, yo gen pou yo pini l'. Pa gen rechap pou moun k'ap bay manti.
6 Anpil moun va chache favè a yon moun jenere ak men ouvri; tout moun se zanmi a sila ki bay kado.
Anpil moun ap achte figi grannèg. Tout moun vle zanmi moun k'ap bay favè.
7 Tout frè a malere yo a rayi li; konbyen, anplis, pou zanmi l kouri kite l. L ale jwenn yo ak pawòl plede, men yo fin ale.
Lè ou pòv, ata frè ou pa vle wè ou. Ou pa bezwen mande si zanmi p'ap lage ou! Tout chache w'ap chache pale ak yo, yo pa okipe ou!
8 Sila ki twouve sajès renmen pwòp nanm li. Sila ki kenbe ak bon konprann nan va jwenn sa ki bon.
Si ou renmen tèt ou, chache gen konprann. Pa bliye sa ou te aprann, zafè ou va mache byen.
9 Yon fo temwen pa prale san pinisyon; epi sila ki bay manti a, va peri.
Lè yon moun ap sèvi temwen nan tribinal, si li fè manti, yo gen pou yo pini l'. Moun k'ap bay manti gen pou mouri.
10 Lavi alèz pa fèt pou moun ensanse; bokou mwens pou yon esklav ta gen otorite sou prens yo.
Yon moun ki san konprann pa fèt pou gen tout bagay, ni yon esklav pa fèt pou chèf sou grannèg.
11 Yon nonm ak bon konprann lan nan kòlè; se glwa li pou bliye yon transgresyon.
Yon moun ki gen bon konprann pa fè kòlè fasil. Tout kalite li, se pa okipe moun ki fè mal.
12 Kòlè a wa a se tankou yon lyon k ap rele fò; men favè li se tankou lawouze sou zèb vèt.
Lè yon wa ankòlè, se tankou yon lyon k'ap gwonde. Men, favè yon chèf se tankou lapli sou jaden.
13 Se yon fis plen foli k ap detwi papa l, e yon madanm k ap diskite a se tankou dlo kap degoute san rete.
Yon pitit ki san konprann se yon malè pou papa l'. Yon fanm ki toujou ap chache kont, se yon goutyè k'ap degoute dlo san rete.
14 Kay ak byen se eritaj ki sòti nan papa; men yon fanm pridan sòti nan SENYÈ a.
Kay ak lajan, se byen manman ak papa ka mouri kite pou ou. Men, yon fanm ki gen konprann, se Seyè a ase ki ka fè ou jwenn sa.
15 Parès va voye yon pwofon somèy sou moun, e yon nonm ki pa travay, va soufri grangou.
Parès fè je ou toujou lou. Moun ki rete san fè anyen ap rete grangou.
16 Sila ki kenbe kòmandman an kenbe nanm li, men sila ki enpridan nan kondwit va mouri.
Moun ki fè sa Bondye mande ap viv lontan. Moun ki pa mache jan Bondye vle l' l'a pa lwen mouri.
17 Yon moun ki fè gras a yon malere prete a SENYÈ a, e Li va bay li rekonpans pou bon zèv li a.
Lè ou bay pòv lacharite, se Bondye ou prete. Se li menm ki va renmèt ou sa.
18 Bay fis ou a disiplin pandan gen espwa; pa chache lanmò li.
Korije pitit ou yo lè yo piti toujou. Men, pa bat yo jouk ou touye yo.
19 Yon nonm ak gwo kòlè va pote pinisyon li; paske si ou pwoteje moun nan ou va oblije fè l ankò.
Moun ki gen san wo ap peye konsekans zak li yo. Si ou wete l' nan move pa a yon fwa, w'ap blije fè l' pou li tout tan.
20 Koute konsèy e aksepte disiplin pou ou kab vin saj pou tout rès vi ou.
Koute konsèy y'ap ba ou. Louvri zòrèy ou pou aprann. Konsa w'a gen bon konprann jouk ou mouri.
21 Plan nan kè lòm yo anpil; men se konsèy SENYÈ a ki kanpe.
Yon moun te mèt fè tout kalite lide nan tèt li. Men, sa Seyè a vle a, se sa ki pou rive.
22 Sa ki dezirab nan yon nonm se yon kè ki dous. Pito yon nonm ta malere pase li ta yon mantè.
Tou sa yo mande yon moun se pou l' gen bon kè. Pito yon moun pòv pase l' mantò.
23 Lakrent SENYÈ a dirije a lavi pou fè moun dòmi ak kè satisfè, san kontamine ak mal.
Gen krentif pou Bondye, w'a jwenn lavi, w'ap toujou kontan. Malè p'ap rive ou.
24 Parese a fouye men l nan plato a; men li refize rale l rive nan bouch li.
Gen moun ki sitèlman parese ata manje yo pa vle mete nan bouch yo.
25 Frape yon mokè pou moun san konprann nan vin gen lespri; repwòch a yon moun bon konprann, va fè l genyen konesans.
Pase awogan yo yon je baton, moun san konprann yo va konprann. Rale zòrèy moun ki gen konprann yo, y'a vin gen plis konesans.
26 Sila ki atake papa li e chase manman l ale, se yon fis ki fè wont ak dega patou.
Se yon wont, se yon dezonè pou yon pitit aji mal ak papa l', osinon pou l' mete manman l' deyò lakay li.
27 Sispann koute disiplin, fis mwen an e ou va pèdi chemen konesans.
Pitit mwen, lè ou sispann aprann, ou pa lwen bliye sa ou konnen deja.
28 Yon temwen ki fè dezòd moke lajistis; e bouch mechan an gaye inikite.
Yon temwen k'ap bay manti pase lajistis nan betiz. Mechan yo pran plezi nan fè mechanste.
29 Gen desizyon jijman pou mokè yo; ak kou pou do a moun ensanse yo.
Baton an tou la pou moun k'ap pase moun nan betiz. Fwèt la tou pare pou dèyè moun ki san konprann.

< Pwovèb 19 >