< Pwovèb 16 >

1 Plan kè a sòti nan lòm; men repons a lang lan sòti nan SENYÈ a.
Lèzòm fè lide nan kè yo. Men, dènye mo a nan men Bondye.
2 Tout chemen a yon nonm pwòp nan zye pa li; men SENYÈ a peze sa k nan kè l.
Lèzòm mete nan lide yo tou sa yo fè bon. Men, pa bliye se Bondye k'ap jije sa ki nan kè yo.
3 Konsakre tout zèv ou yo a SENYÈ a, e plan ou yo va etabli.
Mande Seyè a pou l' beni tout travay w'ap fè, w'ap reyisi nan tou sa w'ap fè.
4 SENYÈ a te fè tout bagay pou pwòp sèvis li; menm mechan yo pou jou jijman an.
Tou sa Seyè a fè, li gen yon rezon ki fè l' fè li. Menm mechan an, li kreye l' pou l' ka pini l'.
5 Tout sila ki gen kè ògèy, abominab a SENYÈ a; anverite, li p ap chape anba pinisyon.
Seyè a pa ka sipòte moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun. Wè pa wè, l'ap fè yo peye sa.
6 Pa lanmou dous avèk verite, inikite lave; e pa lakrent SENYÈ a moun chape anba mal.
Si ou pa janm vire do bay Bondye, si ou toujou kenbe pawòl ou, Bondye va padonnen peche ou yo. Lè yon moun gen krentif pou Bondye, l'ap evite fè sa ki mal.
7 Lè chemen a yon nonm fè SENYÈ a kontan, l ap fè menm lènmi li yo vin anpè avè l.
Lè yon moun ap viv yon jan ki fè Seyè a plezi, Seyè a ap fè ata lènmi l' yo aji byen avè l'.
8 Pi bon se piti ak ladwati pase gwo kòb k ap antre avèk enjistis.
Pito ou fè ti pwofi nan fè sa ki dwat pase pou ou fè gwo benefis nan fè sa ki mal.
9 Panse a lòm fè plan pou wout li; men SENYÈ a dirije pa li yo.
Lèzòm fè plan travay yo nan kè yo. Men, se Seyè a k'ap dirije sa y'ap fè a.
10 Se desizyon diven ki nan lèv a wa a; bouch li pa dwe fè erè nan jijman.
Lè yon wa pale, se tankou si se te Bondye ki pale. Lè l'ap jije, li p'ap janm rann move jijman.
11 Yon balans ki jis apatyen a Bondye; li veye sou tout pwa nan sak yo.
Seyè a mande pou yo sèvi ak bon balans pou peze. Li pa vle pou yo sèvi ak move mezi nan kòmès.
12 Se abominab pou wa yo komèt zak mechan, paske yon twòn etabli sou ladwati.
Wa yo pa ka sipòte lè moun ap fè mechanste, paske tout fòs yon gouvènman se lè li defann dwa tout moun.
13 Lèv ki dwat se plezi a wa yo; e sila ki pale dwat, vin renmen.
Wa a kontan ak tout moun ki di verite. Li renmen moun ki pa nan bay manti.
14 Kòlè a yon wa se tankou mesaje lanmò; men yon nonm saj va kalme li.
Lè wa a move, atansyon, moun ka mouri! Moun ki gen bon konprann ap toujou chache fè kè wa a kontan.
15 Nan vizaj a yon wa briye lavi; e favè li se tankou yon nwaj avèk lapli prentan.
Lè wa a kontan, se lavi pou tout moun. Lè li bay yon moun favè l', se tankou yon nwaj ki pote yon bon lapli prentan.
16 A la bon li pi bon pou resevwa sajès pase lò! Pito nou jwenn bon konprann pase ajan.
Pito ou gen bon konprann pase pou ou gen byen. Pito ou gen konesans pase ou gen lajan.
17 Gran chemen a moun dwat la se pou kite mal; sila ki veye chemen li an prezève lavi li.
Moun ki mache dwat fè chemen yo yon jan pou yo pa fè sa ki mal. Gade kote w'ap mete pye ou pou ou pa mouri mal.
18 Ògèy ale devan destriksyon e yon lespri ògèy devan moun kap tonbe.
Lè ou gen lanbisyon, yo pa lwen kraze ou. Lè w'ap fè awogans, ou pa lwen mouri.
19 Li pi bon pou rete enb nan lespri avèk sila ki ba yo, pase divize piyaj ak moun ògeye yo.
Pito ou mennen ti vi ak pòv malere yo pase pou ou nan separe ak awogan yo nan sa yo vòlò.
20 Sila ki bay atansyon a pawòl la va jwenn sa ki bon; beni se sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.
Moun k'ap repase nan tèt li tou sa yo moutre l' va wè zafè l' mache byen. Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan Seyè a!
21 Moun saj nan kè va rekonèt kon moun bon konprann; e dousè nan pale va ogmante kapasite konvenk moun.
Lè yon moun gen bon konprann, yo di li gen lespri. Lè ou pale byen sa fè ou gen plis konesans.
22 Bon konprann se yon fontèn dlo lavi pou sila ki genyen l; men pou disipline moun ensanse yo se foli.
Moun ki gen bon konprann gen lavi. Men, moun sòt ap toujou sòt.
23 Kè moun saj la enstwi bouch li; li ogmante pouvwa l pou konvenk moun ak lèv li.
Yon moun ki gen bon konprann kalkile anvan li pale. Konsa pawòl li vin gen plis pèz.
24 Pawòl agreyab se yon nich gato siwo myèl; dous pou nanm nan, ak gerizon pou zo.
Bon pawòl se siwo myèl. Yo bon pou sante ou, yo dous pou nanm ou.
25 Gen wout ki parèt bon a yon nonm; men fen li se lanmò.
Chemen ou kwè ki bon an, se li ki mennen ou tou dwat nan lanmò.
26 Apeti a yon ouvriye fè byen pou li; paske se grangou ki ankouraje l.
Grangou fè ou travay rèd, paske ou bezwen manje pou ou mete nan bouch.
27 Yon sanzave fòmante mechanste; pawòl li yo brile tankou dife wouj.
Mechan an toujou ap chache jan pou li fè moun mal. Ata pawòl nan bouch li boule tankou dife.
28 Yon nonm pèvès gaye konfli, e yon nonm k ap bay kout lang ap separe bon zanmi yo.
Ipokrit toujou ap pouse dife. Moun k'ap fè tripotay mete zanmi dozado.
29 Yon nonm vyolan ap tante vwazen li pou l mennen li nan move chemen.
Mechan an pran tèt kanmarad li, li fè l' fè sa ki pa bon.
30 Sila kap bay je dou, fè l pou l kab mennen bagay pèvès; sila ki fèmen sere lèv li, fè mal la rive.
Moun k'ap twenzi je yo sou moun, se moun ki gen move lide dèyè tèt yo. Moun k'ap fè siy sou moun, se moun ki sou move kou.
31 Yon tèt blanch se yon kouwòn laglwa; li jwenn nan chemen ladwati a.
Cheve blan se bèl rekonpans. Moun ki mache dwat va viv lontan.
32 Sila ki lan nan kòlè a pi bon pase pwisan yo; e sila ki gouvène lespri li a pi bon pase sila kap kaptire yon gran vil.
Pito ou aji ak pasyans pase pou ou fè fòs sou moun. Pito ou konn kontwole tèt ou pase pou ou gwo chèf lame k'ap mache pran lavil.
33 Tiraj osò fèt nan fon wòb; men tout desizyon ki sòti, sòti nan SENYÈ a.
Moun tire kat pou yo konnen sa pou yo fè. Men, desizyon an se nan men Bondye li ye.

< Pwovèb 16 >