< Pwovèb 15 >
1 Yon repons ki dous kalme kòlè; men yon mo sevè pwovoke gwo fache.
回答柔和,使怒消退; 言语暴戾,触动怒气。
2 Lang a saj la gen pou mèt, konnesans; men bouch a sila ki manke konprann nan eksprime foli.
智慧人的舌善发知识; 愚昧人的口吐出愚昧。
3 Zye a SENYÈ a tout kote; L ap veye sa ki bon ak sa ki mal.
耶和华的眼目无处不在; 恶人善人,他都鉴察。
4 Yon lang ki kalme se yon pyebwa lavi; men si l gen desepsyon, l ap kraze lespri.
温良的舌是生命树; 乖谬的嘴使人心碎。
5 Yon moun ensanse refize disiplin a papa l; men sila ki aksepte repwòch gen sajès.
愚妄人藐视父亲的管教; 领受责备的,得着见识。
6 Gran richès twouve nan kay a moun dwat yo; men gwo twoub se salè a mechan an.
义人家中多有财宝; 恶人得利反受扰害。
7 Lèv a moun saj yo gaye konesans; men se pa konsa ak kè moun ensansib yo.
智慧人的嘴播扬知识; 愚昧人的心并不如此。
8 Sakrifis a mechan an abominab a SENYÈ a; men lapriyè moun dwat yo se gwo plezi Li.
恶人献祭,为耶和华所憎恶; 正直人祈祷,为他所喜悦。
9 Chemen mechan an abominab a SENYÈ a; men Li renmen sila ki chache ladwati a.
恶人的道路,为耶和华所憎恶; 追求公义的,为他所喜爱。
10 Pinisyon byen di ap tann sila ki abandone chemen an; sila ki rayi korije a va mouri.
舍弃正路的,必受严刑; 恨恶责备的,必致死亡。
11 Sejou mò yo ak labim nan parèt devan zye SENYÈ a; konbyen, anplis, pou kè a lòm! (Sheol )
阴间和灭亡尚在耶和华眼前, 何况世人的心呢? (Sheol )
12 Sila ki moke a pa renmen sila ki fè l repwòch la; li pa janm ale kote moun saj.
亵慢人不爱受责备; 他也不就近智慧人。
13 Kè ki gen lajwa fè figi moun rejwi; men lè kè a tris, lespri a vin brize.
心中喜乐,面带笑容; 心里忧愁,灵被损伤。
14 Lespri a moun entèlijan an chache konesans; men bouch a moun sòt la, manje foli.
聪明人心求知识; 愚昧人口吃愚昧。
15 Tout jou aflije yo move; men yon kè kontan se yon fèt ki pa janm sispann.
困苦人的日子都是愁苦; 心中欢畅的,常享丰筵。
16 Pi bon se piti ak lakrent SENYÈ a, pase gwo richès ak gwo twoub ladann.
少有财宝,敬畏耶和华, 强如多有财宝,烦乱不安。
17 Pi bon se yon plato legim avèk lanmou, pase yon bèf gra ak rayisman.
吃素菜,彼此相爱, 强如吃肥牛,彼此相恨。
18 Yon nonm ki kolerik pwovoke konfli; men sila ki lan nan kòlè a kalme yon kont.
暴怒的人挑启争端; 忍怒的人止息纷争。
19 Wout a parese a se tankou yon ran pikan; men pa a moun dwat la se yon gran chemen.
懒惰人的道像荆棘的篱笆; 正直人的路是平坦的大道。
20 Yon fis ki saj fè papa l kontan; men yon gason ensanse meprize manman l.
智慧子使父亲喜乐; 愚昧人藐视母亲。
21 Foli se gwo plezi pou sila ki manke bon konprann nan; men yon nonm ak bon konprann mache dwat.
无知的人以愚妄为乐; 聪明的人按正直而行。
22 San konsèy, plan yo vin jennen; men ak anpil konseyè, yo vin reyisi.
不先商议,所谋无效; 谋士众多,所谋乃成。
23 Yon nonm jwenn kè kontan nan yon repons ki jis, e a la bèl yon mo livre nan pwòp lè li bèl!
口善应对,自觉喜乐; 话合其时,何等美好。
24 Wout lavi a mennen moun saj la anwo, pou l kab evite Sejou mò k ap tann li anba a. (Sheol )
智慧人从生命的道上升, 使他远离在下的阴间。 (Sheol )
25 SENYÈ a va demoli kay moun ògeye a; men L ap etabli lizyè vèv la.
耶和华必拆毁骄傲人的家, 却要立定寡妇的地界。
26 Plan mechan yo abominab a SENYÈ a; men pawòl agreyab yo san tach.
恶谋为耶和华所憎恶; 良言乃为纯净。
27 Sila ki fè pwofi ak movèz fwa a, twouble pwòp lakay li; men sila ki rayi afè anba tab la, va viv.
贪恋财利的,扰害己家; 恨恶贿赂的,必得存活。
28 Kè a moun dwat la reflechi anpil pou bay repons; men bouch a mechan an fè anpil move bagay vin parèt.
义人的心,思量如何回答; 恶人的口吐出恶言。
29 SENYÈ a lwen mechan an; men Li tande lapriyè a moun dwat yo.
耶和华远离恶人, 却听义人的祷告。
30 Zye klè fè kè kontan; bòn nouvèl kon mete grès sou zo.
眼有光,使心喜乐; 好信息,使骨滋润。
31 Zòrèy k ap koute repwòch ap viv; zore ki koute koreksyon ap alèz pami saj yo.
听从生命责备的, 必常在智慧人中。
32 Sila ki neglije disiplin meprize pwòp tèt li; men sila ki koute repwòch ranmase bon konprann.
弃绝管教的,轻看自己的生命; 听从责备的,却得智慧。
33 Lakrent SENYÈ a se enstriksyon ki bay sajès; avan onè, fòk imilite.
敬畏耶和华是智慧的训诲; 尊荣以前,必有谦卑。