< Pwovèb 14 >

1 Fanm saj la bati kay li, men fanm ensanse a demoli li ak pwòp men li.
The wisdom of women buildeth their house; but folly plucketh it down with her hands.
2 Sila ki mache nan ladwati a gen lakrent SENYÈ a; men sila ki fè chemen kwochi a meprize li.
He that walketh in his uprightness feareth Jehovah; but he that is perverted in his ways despiseth him.
3 Nan bouch a moun sòt la, se yon baton pou do li; men lèv a saj yo va pwoteje yo.
In the fool's mouth is a rod of pride; but the lips of the wise shall preserve them.
4 Kote nanpwen bèf, manjwa a pwòp; men se fòs a bèf la ki fè richès.
Where no oxen are, the crib is clean; but much increase is by the strength of the ox.
5 Yon temwen fidèl p ap bay manti; men yon fo temwen pale manti.
A faithful witness will not lie; but a false witness uttereth lies.
6 Yon mokè chache sajès, e li pa jwenn anyen; men konesans fasil pou sila ki gen bon konprann nan.
A scorner seeketh wisdom, and there is none [for him]; but knowledge is easy unto the intelligent.
7 Kite prezans a yon moun ensanse, sinon ou p ap rekonèt pawòl a saj yo.
Go from the presence of a foolish man, in whom thou perceivest not the lips of knowledge.
8 Sajès a moun rezonab la se pou l konprann chemen li; men betiz a moun ensanse a se desepsyon.
The wisdom of the prudent is to discern his way; but the folly of the foolish is deceit.
9 Moun ensanse kontwole peche kon jwèt; men pami moun dwat yo, gen bòn volonte.
Fools make a mock at trespass; but for the upright there is favour.
10 Kè a konnen pwòp amètim ak bonè li; men ak lòt, sa p ap pataje.
The heart knoweth its own bitterness, and a stranger doth not intermeddle with its joy.
11 Lakay mechan yo va detwi; men tant a moun dwat la va fleri.
The house of the wicked shall be overthrown; but the tent of the upright shall flourish.
12 Gen yon chemen ki sanble bon pou lòm; men fen li se chemen lanmò an.
There is a way that seemeth right unto a man, but the end thereof is the ways of death.
13 Menm lè bouch ri, kè a ka gen doulè, e lajwa kon fini nan tristès.
Even in laughter the heart is sorrowful, and the end of mirth is sadness.
14 Kè a ki pa fidèl va jwen rekonpans pou pwòp chemen li; men yon bon moun va rekonpanse pou sa li fè a.
The backslider in heart shall be filled with his own ways, and the good man from what is in himself.
15 Moun san konprann kwè nan tout bagay; men yon nonm k ap refleshi veye pa li yo.
The simple believeth every word; but the prudent [man] heedeth his going.
16 Yon nonm saj fè atansyon pou l vire kite mal; men yon moun fou plen ògèy; li pa pè anyen.
A wise [man] feareth and departeth from evil; but the foolish is overbearing and confident.
17 Yon nonm kolerik aji nan foli, e yon nonm kokèn va rayi pa lòt yo.
He that is soon angry dealeth foolishly, and a man of mischievous devices is hated.
18 Moun san konprann yo gen foli kon eritaj; men moun rezonab lan kouwone ak konesans.
The simple inherit folly; but the prudent are crowned with knowledge.
19 Mal la va bese devan sa ki bon an; e mechan an devan pòtay a moun dwat la.
The evil bow before the good, and the wicked at the gates of the righteous [man].
20 Malere a vin rayi menm pa vwazen li; men moun gwo kòb gen anpil zanmi.
He that is poor is hated even of his own neighbour; but the rich hath many friends.
21 Sila ki meprize vwazen li fè peche; men sila ki fè gras a malere a, beni.
He that despiseth his neighbour sinneth; but he that is gracious to the afflicted, happy is he.
22 Èske sila ki fòmante mechanste a, pa egare? Men ladousè avèk verite se pou sa yo ki fè sa ki bon.
Do they not err that devise evil? but loving-kindness and truth are for those that devise good.
23 Nan tout travay gen pwofi; men pale anpil mennen nan povrete.
In all labour there is profit; but the talk of the lips [tendeth] only to want.
24 Kouwòn saj yo se richès yo; men betiz moun ensanse se foli yo.
The crown of the wise is their riches; the folly of the foolish is folly.
25 Yon vrè temwen sove lavi a moun; men sila ki pale manti pase moun nan betiz.
A true witness delivereth souls; but deceit uttereth lies.
26 Nan lakrent SENYÈ a, gen gwo konfyans; e pitit li yo va jwenn sekou.
In the fear of Jehovah is strong confidence, and his children shall have a place of refuge.
27 Lakrent SENYÈ a se yon fontèn dlo lavi, pou moun ka evite pèlen lanmò yo.
The fear of Jehovah is a fountain of life, to turn away from the snares of death.
28 Nan fòs kantite a pèp yo se glwa a yon wa, men afè prens ki manke moun gate nèt.
In the multitude of people is the king's glory; but in the lack of people is the ruin of a prince.
29 Sila ki lan nan kòlè a, gen gwo konprann; men sila ki fè fache vit, leve foli byen wo.
He that is slow to anger is of great understanding; but he that is hasty of spirit exalteth folly.
30 Yon kè trankil se lavi pou kò a; men pasyon fè tout zo yo pouri.
A sound heart is the life of the flesh; but envy the rottenness of the bones.
31 Sila ki oprime malere a ap vekse Kreyatè li; men sila ki gen bonte anvè pòv la, onore L.
He that oppresseth the poor reproacheth his Maker; but he that honoureth Him is gracious to the needy.
32 Mechan an jete anba pa malfezans li; men moun ladwati a gen sekou lè l mouri.
The wicked is driven away by his evil-doing; but the righteous trusteth, [even] in his death.
33 Sajès se nan kè a sila ki gen bon konprann nan; menm moun ensanse yo, nan kè, yo konnen.
Wisdom resteth in the heart of the intelligent [man]; but that which is in the foolish maketh itself known.
34 Ladwati leve yon nasyon; men peche se yon gwo wont pou yon pèp.
Righteousness exalteth a nation; but sin is a reproach to peoples.
35 Favè a wa a se anvè sèvitè ki aji ak sajès; men kòlè li se anvè sila ki fè gwo wont.
The king's favour is toward a wise servant; but his wrath is [against] him that causeth shame.

< Pwovèb 14 >