< Pwovèb 13 >
1 Yon fis ki saj aksepte disiplin a papa l, men yon mokè pa koute repwòch.
智慧之子,聽從父親的教訓;輕狂的人,不聽任何人規勸。
2 Fwi pawòl la ki soti nan bouch moun se rejwisans de sa ki bon; men volonte moun infidèl se vyolans.
義人必飽嘗自己口舌的果實,惡人的慾望只有飽食強暴。
3 Sila ki kontwole bouch li, konsève lavi li; sila ki ouvri lèv li byen laj va detwi nèt.
謹口慎言,方能自保性命;信口開河,終必自取滅亡。
4 Nanm a parese a anvi, e li pa jwenn; men nanm a moun dilijan an vin gra.
懶人雖常盼望,卻一無所得;勤勞的人,卻常如願以償。
5 Yon nonm dwat rayi sa ki fo; men zak mechan yo degoutan e fè gwo wont.
義人憎惡謊言,惡人令人可憎可惡。
6 Ladwati se yon pwotèj pou sila ki san fot la; men mechanste fè pechè a vin souye nèt.
正義保衛行為正直的人,邪惡卻使罪人滅亡。
7 Genyen moun ki pretann yo rich, men yo pa gen anyen; yon lòt pretann li malere men li gen gwo richès.
有人自充富人,其實一貧如洗;有人佯作窮人,其實腰纏萬貫。
8 Ranson pou lavi a yon nonm rich se richès li; men malere a pa tande menas.
富人的錢財只是性命的贖價,窮人卻沒有這樣的威脅。
9 Limyè a moun dwat la se rejwisans; men lanp a mechan an va etenn.
義人的光明,必要高升;惡人的燈火,勢必熄滅。
10 Ògèy pa pote anyen sof ke konfli; men sajès rete ak sila ki resevwa konsèy yo.
傲慢只有引起爭端,虛心受教的人纔有智慧。
11 Richès ki sòti nan manti koule ale; men sila ki rasanble ak men li, fè l grandi.
儻來之物,容易消逝;經久積存,日漸增多。
12 Lespwa jennen fè kè a malad; men dezi acheve a se yon pyebwa lavi.
希望遲不兌現,令人心神煩惱;願望獲得滿足,像株生命樹。
13 Sila ki meprize lenstriksyon va peye fwe a; men sila ki respekte lòd yo va resevwa rekonpans li.
誰輕視法令,必遭滅亡;誰敬畏誡命,必得安全。
14 Lenstriksyon a saj yo se yon fontèn dlo lavi pou detounen pèlen lanmò a.
智慧人的教訓是生命的泉源,人可賴以脫免死亡的羅網。
15 Bon konprann pwodwi favè; men chemen moun ki pa fidèl la di.
明哲的規勸,使人蒙恩,殘暴人的舉止,粗魯蠻橫。
16 Tout moun ki pridan aji ak konesans; men yon moun san konprann parèt ak foli li.
精明的人,常按理智行事;愚昧的人,只自誇其糊塗。
17 Yon mesaje mechan tonbe nan advèsite; men sila ki pote pawòl ak bòn fwa a, pote gerizon
奸妄的使者,使人陷於災禍;忠誠的使者,給人帶來安和。
18 Mizè ak wont se pou sila ki manke disiplin nan; men sila ki konsidere repwòch la va onore.
拒絕規勸的,必遭貧苦羞辱;接受懲戒的,反要受人尊敬。
19 Yon dezi ki realize se dous a nanm nan, men moun bèt pa vle kite mechanste.
願望獲得滿足,能使心靈愉快;遠離邪惡,卻為愚昧人所深惡。
20 Sila ki mache ak moun saj va vin saj; men bon zanmi a moun ensanse a va soufri.
與智慧人往來,可成智慧人;與愚昧人作伴,必受其連累。
21 Se malè ki kouri dèyè pechè yo; men moun dwat yo va pwospere.
惡運追蹤罪人,義人卻得善報。
22 Yon bon moun va lese eritaj pou pitit pitit li; men richès a pechè yo konsève pou moun dwat yo.
善人為子子孫孫留下產業,罪人的財富是為義人積蓄。
23 Gen anpil manje nan tè malere a; men li fin bale nèt akoz enjistis.
窮人開墾的田地,生產大量食物;誰若缺乏正義,定不免於滅亡。
24 Sila ki ralanti baton li, rayi fis li; men sila ki renmen l va ba li disiplin ak dilijans.
不肯使用棍杖的人,實是恨自己的兒子;真愛兒子的人,必時加以懲罰。
25 Moun dwat la gen kont pou satisfè dezi li; men vant mechan an toujou gen bezwen.
義人必得飽食,惡人無以果腹。