< Pwovèb 12 >

1 Nenpòt moun ki renmen disiplin, renmen konesans, men sila ki rayi korije a, se bèt.
هر‌که تادیب را دوست می‌دارد معرفت را دوست می‌دارد، اما هر‌که از تنبیه نفرت کند وحشی است.۱
2 Yon bon moun va jwenn favè SENYÈ a; men Bondye va kondane sila ki fè manèv mechanste a.
مرد نیکو رضامندی خداوند را تحصیل می‌نماید، اما او صاحب تدبیر فاسد را ملزم خواهد ساخت.۲
3 Yon nonm p ap etabli ak mal la; men rasin moun dwat la p ap sòti menm.
انسان از بدی استوار نمی شود، اما ریشه عادلان جنبش نخواهد خورد.۳
4 Yon bon madanm se kouwòn a mari li; men sila ki fè l wont lan se tankou pouriti nan zo li.
زن صالحه تاج شوهر خود می‌باشد، اما زنی که خجل سازد مثل پوسیدگی در استخوانهایش می‌باشد.۴
5 Panse a moun dwat yo jis; men konsèy a mechan yo se desepsyon.
فکرهای عادلان انصاف است، اما تدابیرشریران فریب است.۵
6 Pawòl a mechan yo kouche tann pyèj pou vèse san; men bouch moun dwat yo va delivre yo.
سخنان شریران برای خون در کمین است، اما دهان راستان ایشان را رهایی می‌دهد.۶
7 Mechan yo va boulvèse e vin disparèt; men kay a moun dwat yo va kanpe.
شریران واژگون شده، نیست می‌شوند، اماخانه عادلان برقرار می‌ماند.۷
8 Yon nonm ap twouve glwa selon entèlijans li; men sila ak panse pèvès la va meprize.
انسان برحسب عقلش ممدوح می‌شود، اماکج دلان خجل خواهند گشت.۸
9 Meyè se sila ki enkoni a, men gen sèvitè, pase sila ki onore pwòp tèt li e manke pen an.
کسی‌که حقیر باشد و خادم داشته باشد، بهتراست از کسی‌که خویشتن را برافرازد و محتاج نان باشد.۹
10 Yon nonm ladwati gen respè pou lavi a bèt li; men konpasyon a mechan an se mechanste.
مرد عادل برای جان حیوان خود تفکرمی کند، اما رحمتهای شریران ستم کیشی است.۱۰
11 Sila ki raboure tè li a va gen anpil pen; men sila ki swiv bagay san valè yo manke bon konprann.
کسی‌که زمین خود را زرع کند از نان سیرخواهد شد، اما هر‌که اباطیل را پیروی نمایدناقص العقل است.۱۱
12 Moun mechan an vle pran piyaj a mechan yo; men rasin ladwati yo va donnen fwi li.
مرد شریر به شکار بدکاران طمع می‌ورزد، اما ریشه عادلان میوه می‌آورد.۱۲
13 Yon moun mechan pyeje pa transgresyon lèv li; men moun dwat la va evite pwoblèm.
در تقصیر لبها دام مهلک است، اما مردعادل از تنگی بیرون می‌آید.۱۳
14 Yon nonm va satisfè avèk sa ki bon kon fwi a pawòl li, e zèv lamen a yon nonm va retounen kote li.
انسان از ثمره دهان خود از نیکویی سیرمی شود، و مکافات دست انسان به او رد خواهدشد.۱۴
15 Chemen a yon moun fou bon nan zye li; men yon nonm saj koute konsèy.
راه احمق در نظر خودش راست است، اماهر‌که نصیحت را بشنود حکیم است.۱۵
16 Lè yon moun fou vekse, ou konnen sa vit; men sila ki saj la evite wont.
غضب احمق فور آشکار می‌شود، اماخردمند خجالت را می‌پوشاند.۱۶
17 Sila ki pale verite a pale sa ki dwat; men yon fo temwen twonpe.
هر‌که به راستی تنطق نماید عدالت را ظاهرمی کند، و شاهد دروغ، فریب را.۱۷
18 Genyen yon moun ki pale san pridans tankou sila k ap goumen ak nepe yo; men lang a saj la pote gerizon.
هستند که مثل ضرب شمشیر حرفهای باطل می‌زنند، اما زبان حکیمان شفا می‌بخشد.۱۸
19 Lèv verite yo va etabli pou tout tan; men lang ki bay manti a rete pou yon moman.
لب راستگو تا به ابد استوار می‌ماند، اما زبان دروغگو طرفه العینی است.۱۹
20 Desepsyon se nan kè a sila k ap fè manèv mechanste yo; men konseye lapè yo gen jwa.
در دل هر‌که تدبیر فاسد کند فریب است، اما مشورت دهندگان صلح را شادمانی است.۲۰
21 Nanpwen mal ki rive moun dwat yo; men mechan yo plen ak twoub.
هیچ بدی به مرد صالح واقع نمی شود، اماشریران از بلا پر خواهند شد.۲۱
22 Lèv ki manti a abominab a SENYÈ a; men sila ki aji nan fidelite, se plezi Li.
لبهای دروغگو نزد خداوند مکروه است، اما عاملان راستی پسندیده او هستند.۲۲
23 Yon moun pridan kache sa li konnen; men kè moun san konprann pale jis nan foli.
مرد زیرک علم را مخفی می‌دارد، اما دل احمقان حماقت را شایع می‌سازد.۲۳
24 Men a dilijan yo va kòmande; men parese a va fè kòve.
دست شخص زرنگ سلطنت خواهدنمود، اما مرد کاهل بندگی خواهد کرد.۲۴
25 Gwo pwoblèm nan kè a yon moun peze li desann; men yon bon pawòl fè l leve.
کدورت دل انسان، او را منحنی می‌سازد، اما سخن نیکو او را شادمان خواهد گردانید.۲۵
26 Moun ladwati a se yon gid a vwazen li; men chemen a mechan fè yo egare.
مرد عادل برای همسایه خود هادی می‌شود، اما راه شریران ایشان را گمراه می‌کند.۲۶
27 Yon nonm parese pa menm boukannen bèt lachas li, men pi presye nan sa yon nonm posede se dilijans.
مرد کاهل شکار خود را بریان نمی کند، امازرنگی، توانگری گرانبهای انسان است.۲۷
28 Nan chemen ladwati se lavi; e nan wout li nanpwen lanmò.
در طریق عدالت حیات‌است، و درگذرگاههایش موت نیست.۲۸

< Pwovèb 12 >