< Pwovèb 11 >

1 Yon fo balans se abominasyon a SENYÈ a; men yon pwa ki jis se plezi Li.
מאזני מרמה תועבת יהוה ואבן שלמה רצונו׃
2 Lè ògèy vin monte, dezonè vin swiv; men avèk moun enb lan, se sajès.
בא זדון ויבא קלון ואת צנועים חכמה׃
3 Entegrite a moun dwat la va gide yo; men koripsyon a sila ki fè konplo a va detwi yo.
תמת ישרים תנחם וסלף בוגדים ושדם׃
4 Richès pa gen avantaj nan jou jijman an; men ladwati va delivre moun soti nan lanmò.
לא יועיל הון ביום עברה וצדקה תציל ממות׃
5 Ladwati a sila ki san tò a va fè wout li vin swa; men mechan an va tonbe akoz pwòp inikite pa Li.
צדקת תמים תישר דרכו וברשעתו יפל רשע׃
6 Ladwati a moun dwat yo va delivre yo; men moun trèt yo va kenbe pa pwòp vorasite yo.
צדקת ישרים תצילם ובהות בגדים ילכדו׃
7 Lè yon nonm mechan mouri, sa li anvizaje a mouri avè l.
במות אדם רשע תאבד תקוה ותוחלת אונים אבדה׃
8 Moun dwat la va delivre soti nan twoub; men mechan an va pran plas li.
צדיק מצרה נחלץ ויבא רשע תחתיו׃
9 Avèk bouch li, moun san Bondye a detwi vwazen li; men ak konesans, moun dwat yo va delivre.
בפה חנף ישחת רעהו ובדעת צדיקים יחלצו׃
10 Lè sa ale byen ak moun dwat yo, vil la fè rejwisans; e lè mechan yo peri, gen gwo kri lajwa.
בטוב צדיקים תעלץ קריה ובאבד רשעים רנה׃
11 Avèk benediksyon a moun dwat yo, yon vil vin leve wo; men avèk bouch a mechan yo, li vin chire nèt.
בברכת ישרים תרום קרת ובפי רשעים תהרס׃
12 Sila ki meprize vwazen li an, manke bon tèt; men yon nonm ak bon konprann pa pale menm.
בז לרעהו חסר לב ואיש תבונות יחריש׃
13 Sila ki mache toupatou tankou rapòte, revele sekrè yo; men sila ki dign de konfyans sere yon bagay.
הולך רכיל מגלה סוד ונאמן רוח מכסה דבר׃
14 Kote ki pa gen gid, moun yo tonbe; men ak anpil konseye, gen viktwa.
באין תחבלות יפל עם ותשועה ברב יועץ׃
15 Sila ki se garanti pou yon moun li pa konnen, va vrèman soufri pou sa a; men sila ki rayi vin yon garanti va asire.
רע ירוע כי ערב זר ושנא תקעים בוטח׃
16 Yon fanm ak gras twouve onè; e mesye san prensip yo twouve richès.
אשת חן תתמך כבוד ועריצים יתמכו עשר׃
17 Yon nonm ki fè gras fè byen pou pwòp tèt li; men yon nonm mechan fè tèt li mal.
גמל נפשו איש חסד ועכר שארו אכזרי׃
18 Mechan an ranmase salè li nan koken; men sila ki simen ladwati a, va twouve vrè rekonpans lan.
רשע עשה פעלת שקר וזרע צדקה שכר אמת׃
19 Sila ki fidèl nan ladwati a va jwenn lavi, e sila ki pouswiv mal la va jwenn pwòp lanmò pa li.
כן צדקה לחיים ומרדף רעה למותו׃
20 Sila ki pèvès nan kè yo abominab a SENYÈ a; men sila ki san tò nan chemen yo, se plezi Li.
תועבת יהוה עקשי לב ורצונו תמימי דרך׃
21 Anverite, moun mechan an p ap chape anba pinisyon; men desandan a moun dwat yo va delivre.
יד ליד לא ינקה רע וזרע צדיקים נמלט׃
22 Tankou yon bag fèt an lò nan nen a kochon, se konsa yon bèl fanm ki manke bon sans.
נזם זהב באף חזיר אשה יפה וסרת טעם׃
23 Dezi a moun dwat la se sèlman sa ki bon; men dezi a mechan an mennen jijman.
תאות צדיקים אך טוב תקות רשעים עברה׃
24 Gen yon moun ki separe bay; malgre sa li vin ogmante plis. Genyen ki refize bay sa ke li dwe, e sa fè l vin manke.
יש מפזר ונוסף עוד וחושך מישר אך למחסור׃
25 Sila ki bay ak bon kè a va pwospere; sila ki bay dlo a va jwenn dlo kont pou tèt li.
נפש ברכה תדשן ומרוה גם הוא יורא׃
26 Sila ki refize bay manje sereyal la, va modi pa pèp la; men benediksyon va tonbe sou sila ki vann li an.
מנע בר יקבהו לאום וברכה לראש משביר׃
27 Sila ki chache sa ki bon an, chache favè Bondye; men sila ki chache mal la, se mal la k ap vin jwenn li.
שחר טוב יבקש רצון ודרש רעה תבואנו׃
28 Sila ki mete konfyans nan richès li va vin tonbe; men moun dwat la va grandi tankou fèy vèt sou pyebwa.
בוטח בעשרו הוא יפל וכעלה צדיקים יפרחו׃
29 Sila ki mennen twoub lakay li va eritye van; e san konprann nan va vin sèvitè a sila ki gen kè saj la.
עוכר ביתו ינחל רוח ועבד אויל לחכם לב׃
30 Fwi ladwati a se yon pyebwa lavi, e sila ki saj va sove nanm yo.
פרי צדיק עץ חיים ולקח נפשות חכם׃
31 Si moun dwat yo twouve rekonpans yo sou latè, konbyen anplis pou mechan an avèk pechè a!
הן צדיק בארץ ישלם אף כי רשע וחוטא׃

< Pwovèb 11 >