< Pwovèb 10 >

1 Pwovèb a Salomon yo. Yon fis ki saj fè papa li kontan, men yon fis ki plen ak foli se yon gwo doulè pou manman l.
The Proverbs of Solomon. A wise son maketh a glad father, But a foolish son is the grief of his mother.
2 Richès ranmase pa mechanste pa reyisi, men ladwati delivre soti nan lanmò.
Treasures of wickedness do not profit; But righteousness delivereth from death.
3 SENYÈ a p ap kite moun ladwati yo grangou, men l ap rejte lanvi mechan an.
The LORD will not suffer the righteous to famish; But he disappointeth the craving of the wicked.
4 Malere se sila ki travay ak men lach; men lamen moun dilijan an, anrichi.
He that worketh with a slack hand becometh poor; But the hand of the diligent maketh rich.
5 Sila ki fè rekòlt nan gran sezon an a, se yon fis ki aji ak sajès; men sila ki dòmi nan lè rekòlt la, fè gwo wont.
He that gathereth in summer is a wise son; But he that sleepeth in harvest is a son causing shame.
6 Benediksyon se sou tèt a moun dwat la; men bouch mechan an kache vyolans.
Blessings are upon the head of the just; But the mouth of the wicked concealeth violence.
7 Memwa a moun dwat la beni; men non mechan an vin pouri.
The memory of the righteous man shall be blessed; But the name of the wicked shall rot.
8 Saj nan kè yo va resevwa lòd chèf la; men yon moun fou ki pale anpil ap pèdi.
He who is wise in heart receiveth precepts; But the foolish talker falleth headlong.
9 Sila ki mache ak entegrite a, mache an sekirite; men sila ki fè wout kwochi a va vin dekouvri.
He that walketh uprightly walketh securely; But he that perverteth his ways shall be punished.
10 Sila ki bat zye a, koze pwoblèm, e moun fou a ki pale anpil, fè dega.
He that winketh with the eye causeth sorrow; And a foolish talker falleth headlong.
11 Bouch a moun dwat se yon fontèn dlo lavi, men bouch a mechan an kache vyolans.
The mouth of the righteous is a fountain of life; But the mouth of the wicked concealeth violence.
12 Rayisman pwovoke konfli; men lanmou kouvri tout fot.
Hatred stirreth up strife; But love covereth all offences.
13 Sou lèv a moun ki konn disène, nou twouve sajès; men gen baton pou do a sila ki manke konprann nan.
Upon the lips of a man of understanding wisdom is found; But a rod is for the back of him that lacketh understanding.
14 Moun saj yo ranmase konesans; men ak bouch moun fou a, destriksyon an toupre.
Wise men treasure up knowledge; But the mouth of the foolish is destruction close at hand.
15 Byen a moun rich se yon sitadèl pou li. Sa ki detwi malere a se mizè.
The rich man's wealth is his strong city; The destruction of the poor is their poverty.
16 Salè a moun dwat se lavi; revni a mechan an se pinisyon.
The earnings of the righteous minister to life; The revenues of the wicked, to sin.
17 Sila ki swiv enstriksyon an, sou wout lavi; men sila ki pa tande repwòch la vin egare nèt.
He that keepeth instruction is in the path of life; But he that refuseth reproof goeth astray.
18 Sila ki kache rayisman an gen lèv k ap bay manti; e sila ki gaye difamasyon an se yon moun fou.
He that hideth hatred hath lying lips; And he that uttereth slander is a fool.
19 Lè gen anpil pawòl, transgresyon pa kab evite; men sila ki frennen lèv li gen sajès.
In the multitude of words there wanteth not offence; But he who restraineth his lips is wise.
20 Lang a moun dwat yo se tankou ajan pi chwazi a; men kè a mechan an vo piti.
The tongue of the righteous is as choice silver; The understanding of the wicked is of little worth.
21 Lèv a moun dwat yo fè anpil moun manje; men moun fou yo mouri akoz mank bon konprann.
The lips of the righteous feed many; But fools die through want of wisdom.
22 Benediksyon SENYÈ a fè moun rich; konsa li pa mele ak chagren.
It is the blessing of the LORD that maketh rich, And he addeth no sorrow with it.
23 Fè mal se tankou fè spò pou moun san konprann nan; e se konsa sajès la ye pou moun entèlijan an.
It is as sport to a fool to do mischief; But a man of understanding hath wisdom.
24 Sa ke mechan an pè a, ap rive sou li; men sa ke moun dwat la vle, va vin reyisi.
The fear of the wicked shall come upon him; But the desire of the righteous shall be granted.
25 Lè toubiyon an fin pase, mechan an vin disparèt; men moun dwat la gen yon fondasyon etènèl.
When the whirlwind passeth by, the wicked is no more; But the righteous is an everlasting foundation.
26 Tankou vinèg anba dan ak lafimen nan zye; se konsa parese a ye pou sila ki voye li yo.
As vinegar to the teeth, and as smoke to the eyes, So is the sluggard to them that send him.
27 Lakrent SENYÈ a pwolonje lavi; men lane mechan yo va kout.
The fear of the LORD prolongeth life; But the years of the wicked shall be shortened.
28 Lespwa a moun dwat la se kè kontan; men entansyon mechan an va peri.
The hope of the righteous shall be gladness: But the expectation of the wicked shall come to nothing.
29 Chemen Bondye a se yon sitadèl pou moun dwat yo; men destriksyon nèt pou tout ouvriye inikite yo.
The way of the LORD is a stronghold for the upright, But destruction for those who do iniquity.
30 Moun ladwati a p ap janm souke; men mechan yo p ap demere nan peyi a.
The righteous shall never be moved; But the wicked shall not dwell in the land.
31 Bouch a moun dwat la koule ak sajès; men lang pèvès la vin koupe.
The mouth of the righteous man yieldeth wisdom; But the perverse tongue shall be cut off.
32 Lèv a moun dwat yo fè parèt sa ki bon; men bouch a mechan an, sa ki pèvèti.
The lips of the righteous know what is acceptable; But the mouth of the wicked what is perverse.

< Pwovèb 10 >