< Pwovèb 1 >

1 Pwovèb Salomon yo, fis a David la, wa Israël la:
The proverbs of Solomon the son of David, the king of Israel:
2 pou konnen sajès avèk enstriksyon, Pou dekouvri pawòl bon konprann yo,
To know wisdom and instruction; to comprehend the sayings of understanding;
3 Pou resevwa enstriksyon nan jan pou aji ak sajès, ladwati, jistis, menm jan pou tout moun;
To accept the instruction of intelligence, righteousness, and justice, and equity;
4 Pou avèti san konprann yo e bay konesans ak pridans a jenn yo.
To give to the simple prudence, to the youth knowledge and discretion.
5 Yon nonm saj va tande, va grandi nan konesans li e yon nonm bon konprann va twouve konsèy ki saj,
The wise will hear, and will increase [his] information; and the man of understanding will obtain wise counsels:
6 Pou konprann yon pwovèb ak mo kache, pawòl a saj yo avèk devinèt yo.
To understand a proverb, and a sage sentence; the words of the wise, and their riddles.
7 Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès la; sila ki plen foli, meprize sajès ak lenstriksyon.
The fear of the Lord is the beginning of knowledge: wisdom and instruction fools [alone] despise.
8 Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou, e pa abandone leson a manman ou yo;
Hear, my son, the instruction of thy father, and cast not off the teaching of thy mother;
9 Anverite, yo fè yon kouwòn byen bèl sou tèt ou, ak yon bèl dekorasyon nan kou ou.
For a wreath of grace are they unto thy head, and chains for thy throat.
10 Fis mwen an, si pechè yo vin tante ou, pa dakò.
My son, if sinners wish to entice thee, consent thou not.
11 Si yo di: “Vini avèk nou, annou kouche yon pyèj pou san, annou fè anbiskad pou inosan yo san koz;
If they should say, Come with us, let us lie in wait for blood, let us watch in concealment for the uselessly innocent;
12 Annou vale yo vivan tankou Sejou mò yo, menm an antye tankou sila k ap desann nan fòs yo. (Sheol h7585)
We will swallow them up like the grave alive; and the men of integrity, as those that go down into the pit; (Sheol h7585)
13 Nou va jwenn tout kalite byen presye, nou va ranpli lakay nou ak piyaj.
We shall find all [kinds of] precious wealth, we will fill our houses with booty;
14 Tire osò pa ou ansanm ak nou. Nou tout va gen yon sèl bous”—
Thy lot must thou cast in our midst; one purse shall be for us all:
15 Fis mwen an, pa mache nan chemen avèk yo. Anpeche pye ou antre sou wout yo,
My son, walk not thou on the way with them; withhold thy foot from their path;
16 Paske pye yo kouri jwenn mal, e yo fè vit pou yo vèse san.
For their feet run after evil, and they make haste to shed blood.
17 Anverite, se initil pou ouvri yon filè ak pen gaye devan nenpòt kalite zwazo;
For uselessly is the net spread out before the eyes of every winged bird:
18 men yap kouche yon pyèj pou pwòp san pa yo. Yo fè anbiskad pou pwòp lavi pa yo.
While they lie in wait for their [own] blood; they watch in concealment for their [own] lives.
19 Se konsa tout chemen yo ye a pou tout moun ki vin genyen pa mwayen vyolans. Se pwòp lavi yo kap vin rache.
So are the paths of every one that is greedy after [unlawful] gain; it taketh away the life of those that own it.
20 Sajès rele fò nan lari. Li leve vwa li nan plas la.
Wisdom crieth loudly without; in the public places she uttereth her voice;
21 Nan tèt lari ki gen zen yo, li kriye fò. Nan antre pòtay lari yo, li fè moun tande tout pawòl li yo:
At the corner of noisy streets she calleth, at the entrances of gates; in the city she sayeth her speeches:
22 “Jiskilè, O moun san bon konprann yo, nou va renmen rete san konprann anyen? Pou mokè yo rejwi yo nan moke moun e moun san konprann yo rayi konesans?
How long, ye simple ones, will ye love simplicity? and the scorners take their delight in scorning, and fools hate knowledge?
23 Vire sou repwòch mwen an. Gade byen, mwen va vide lespri m sou nou. Mwen va fè nou konnen pawòl mwen yo.
Turn back to my admonition: behold, I will pour out my spirit unto you, I will make known my words unto you.
24 Akoz mwen te rele nou e nou te refize; mwen te lonje men m, e pèsòn pa t okipe sa,
Whereas I called, and ye refused; I stretched out my hand, and no man was attentive;
25 men nou te neglije tout konsèy mwen yo, e nou pa t vle tande repwòch mwen;
And ye have set at nought all my counsel, and would not accept my admonition:
26 konsa, mwen menm anplis, va ri sou malè nou yo. Mwen va moke nou lè gran laperèz la rive,
[Therefore] I also will truly laugh at your calamity; I will deride [you] when your terror cometh;
27 lè gran laperèz nou rive tankou tanpèt e gwo dezas nou yo tankou toubiyon, lè gwo pwoblèm ak soufrans rive sou nou.
When your terror cometh like the tempest-cloud, and your calamity hasteneth like a whirlwind; when there come upon you distress and affliction.
28 Nan lè sa a, yo va rele m, men mwen p ap reponn. Yo va chache mwen avèk dilijans, men yo p ap twouve m,
Then will they call me, but I will not answer; they will seek me earnestly, but they shall not find me;
29 akoz yo te rayi konesans e pa t chwazi gen lakrent SENYÈ a.
For the reason that they hated knowledge, and the fear of the Lord they did not choose;
30 Yo te refize konsèy mwen. Yo te rejte tout repwòch mwen yo.
[That] they would not attend to my counsel: [that] they rejected all my admonition.
31 Pou sa, yo va manje fwi a pwòp chemen yo, e vant yo va vin plen ak pwòp manèv yo.
Therefore shall they eat of the fruit of their own way, and from their own counsels shall they be satisfied.
32 Paske chemen kwochi a moun san konprann yo va touye yo. Kè kontan a sila ki plen foli va detwi yo.
For the defection of the simple will slay them, and the prosperity of fools will cause them to be lost.
33 Men sila ki koute mwen an va viv ansekirite, e li va rete alèz san pè malè.”
But he that hearkeneth unto me shall dwell safely, and shall be at rest from the dread of evil.

< Pwovèb 1 >