< Filip 4 >
1 Konsa, frè byeneme mwen yo, ke mwen trè anvi wè, nou menm ki lajwa m ak kouwòn mwen yo, se konsa pou nou kanpe fèm nan Senyè a, byeneme mwen yo.
Затова, възлюбени и многожелани мои братя, моя радост и мой венец, стойте така твърдо в Господа, възлюбени мои.
2 Mwen ankouraje Évodie e mwen ankouraje Syntyche pou viv an amoni nan Senyè a.
Моля Еводия, моля и Синтихия, да бъдат единомислени в Господа.
3 Vrèman, fidèl kòlèg mwen yo, mwen mande nou osi pou ede fanm sa yo ki te pataje lit mwen an pou koz a levanjil la, ansanm avèk Clément osi ak tout lòt ouvriye parèy a mwen yo ki gen non yo nan liv lavi a.
Да! и тебе умолявам, искрени ми сътруднико, помагай на тия жени, защото се трудеха за делото на благовестието заедно с мене, и с Климента, и от другите ми съработници, чиито имена са в книгата на живота.
4 Toujou rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou!
Радвайте се всякога в Господа; пак ще кажа: Радвайте се.
5 Kite lespri jantiyès nou an byen koni a tout moun. Senyè a toupre.
Вашата кротост да бъде позната на всичките човеци; Господ е близу.
6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye.
Не се безпокойте за нищо; но във всяко нещо, с молитва и молба изказвайте прошенията си на Бога с благодарение;
7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.
и Божият мир, който никой ум не може да схване, ще пази сърцата ви и мислите ви в Христа Исуса.
8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo.
Най-после, братя, всичко, що е истина, що е честно, що е праведно, що е любезно, що е благодатно,
9 Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.
Това, което сте и научили, и приели, и чули, и видели в мене, него вършете; и Бога на мира ще бъде с вас.
10 Men mwen te rejwi mwen nan Senyè a anpil, ke koulye a, finalman nou retwouve santiman nou pou mwen. Anverite, nou te konsène pou mwen menm avan, men nou te manke okazyon.
Аз много се радвам в Господа, че сега най-после направихте да процъвти наново вашата грижа за мене; за което наистина сте се грижили, ала не сте имали благовремие.
11 Se pa ke m pale akoz ke m gen nesesite, paske mwen vin aprann jan pou m kontan nan nenpòt sikonstans ke mwen ye a.
Не казвам това поради оскъдност; защото се научих да съм доволен в каквото състояние и да се намеря.
12 Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen.
Зная и в оскъдност да живея, зная и в изобилие да живея; във всяко нещо и във всички обстоятелства съм научил тайната и да съм сит, и да съм гладен, и да съм в изобилие, и да съм в оскъдност.
13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.
За всичко имам сила чрез Онзи, Който ме подкрепява.
14 Sepandan, nou te fè byen pou pataje avè m nan soufrans mwen an.
Но сторихте добро, като заехте участие в скръбтта ми.
15 Nou menm konnen osi, Filipyen yo, ke nan premye predikasyon levanjil la, lè m fin kite Macédoine, ke pa t gen legliz ki te pataje avèk mwen nan kesyon bay ak resevwa a, men nou menm sèlman.
А и вие, филипяни, знаете, че когато излязох от Македония и почнах делото на благовестието, ни една църква, освен едни вие, не влезе във връзка с мене за даване и вземане;
16 Paske menm nan Théssalonique, nou te voye plis ke yon fwa yon don pou satisfè bezwen mwen yo.
защото и в Солун един два пъти ми пращаха за нуждата ми.
17 Se pa ke m chache don an pou kont li, men mwen chache pwofi ki ogmante pou kont pa nou.
Не че искам подаръка, но искам плода, който се умножава за ваша сметка.
18 Men konsa mwen te resevwa tout bagay nèt e mwen genyen an abondans. Mwen byen founi depi m te resevwa nan men Épaphrodite sa ke nou te voye a, yon pafen ki santi bon, yon sakrifis akseptab, ki byen fè Bondye plezi.
Но получих всичко, и имам изобилно; наситих се като получих от Епафродита изпратеното от вас, благоуханна миризма, жертва приятна, благоугодна на Бога.
19 Epi Bondye mwen an va founi tout bezwen nou yo selon richès Li nan glwa nan Kris Jésus a.
А моят Бог ще снабди всяка ваша нужда според Своето богатство в слава на Христа Исуса.
20 Koulye a, a Bondye nou an ak Papa a, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amèn. (aiōn )
А на нашия Бог и Отец да бъде слава во вечни векове. Амин. (aiōn )
21 Salye chak fidèl nan Kris Jésus a. Frè ki avè m yo salye nou.
Поздравете всеки светия в Христа Исуса. Поздравяват ви братята, които са с мене.
22 Tout fidèl yo salye nou, sitou sila ki lakay César yo.
Поздравяват ви всичките светии, а особено тия, които са от Кесаровия дом.
23 Ke lagras Senyè a Jésus Kri kapab avèk nou tout. Amen
Благодатта на Господа Исуса Христа да бъде с духа ви. [Амин].