< Filip 3 >
1 Finalman, frè m yo rejwi nou nan Senyè a! Pou m ekri menm bagay yo ankò pa yon pwoblèm pou mwen, e se yon pwotèj pou nou menm.
Finally, my brethren, rejoice in the Lord. To write the same things to you, to me indeed is not irksome, but for you it is safe.
2 Veye chen yo, veye ouvriye mechan yo, veye fo sikonsizyon an.
Beware of the dogs, beware of the evil workers, beware of the concision:
3 Paske nou menm se vrè sikonsizyon an, ki adore nan Lespri Bondye a, e bay glwa nan Kris Jésus, e ki pa mete konfyans nan lachè.
for we are the circumcision, who worship by the Spirit of God, and glory in Christ Jesus, and have no confidence in the flesh:
4 Byenke mwen menm ta kapab gen konfyans menm nan lachè. Si gen nenpòt lòt moun ki gen lide pou mete konfyans li nan lachè, mwen menm bokou plis ke sa:
though I myself might have confidence even in the flesh: if any other man thinketh to have confidence in the flesh, I yet more:
5 sikonsi nan uityèm jou a, ne nan nasyon Israël la, nan tribi Benjamin an, yon Ebre a Ebre yo; selon Lalwa a, yon Farizyen;
circumcised the eighth day, of the stock of Israel, of the tribe of Benjamin, a Hebrew of Hebrews; as touching the law, a Pharisee;
6 kòm zele, yon pèsekitè legliz la; kòm ladwati ki nan Lalwa a, ki twouve san fot.
as touching zeal, persecuting the church; as touching the righteousness which is in the law, found blameless.
7 Men nenpòt bagay ki te benefis pou mwen, mwen konte bagay sa yo kòm pèt pou koz a Kris la.
Howbeit what things were gain to me, these have I counted loss for Christ.
8 Anplis de sa, mwen konte tout bagay kòm pèt an konsiderasyon ak piwo valè ke m konnen Kris Jésus a, Senyè mwen an. Pou Sila mwen te soufri pèt tout bagay yo, e konte yo kòm fatra, pou m kapab genyen Kris.
Yea verily, and I count all things to be loss for the excellency of the knowledge of Christ Jesus my Lord: for whom I suffered the loss of all things, and do count them but dung, that I may gain Christ,
9 E pou m ta kab twouve nan Li, pa avèk ladwati pa m, ki sòti nan Lalwa a, men ki soti pa lafwa nan Kris la, ladwati ki sòti nan Bondye sou baz lafwa a.
and be found in him, not having a righteousness of mine own, [even] that which is of the law, but that which is through faith in Christ, the righteousness which is of God by faith:
10 Pou mwen kapab konnen Li, ak pouvwa a rezirèksyon Li an, ak lamitye a soufrans li yo, ki fè m konfòme menm a lanmò Li,
that I may know him, and the power of his resurrection, and the fellowship of his sufferings, becoming conformed unto his death;
11 pou m ta kapab rive menm nan rezirèksyon a lanmò a.
if by any means I may attain unto the resurrection from the dead.
12 Se pa ke m rive la deja oubyen ke m vin pafè deja, men mwen ap pouse pi rèd pou m kapab rive sou pèfeksyon sa a ki te fè Kris Jésus mete men l sou mwen an.
Not that I have already obtained, or am already made perfect: but I press on, if so be that I may apprehend that for which also I was apprehended by Christ Jesus.
13 Frè m yo, mwen pa gade tèt mwen kòm youn ki rive sou li deja, men yon sèl bagay ke m fè; se bliye sa ki dèyè e lonje pa devan pou sa k ap vini an,
Brethren, I count not myself yet to have apprehended: but one thing [I do], forgetting the things which are behind, and stretching forward to the things which are before,
14 mwen pouse rive vè objektif la, pou m genyen pri wo apèl Bondyenan Kris Jésus a.
I press on toward the goal unto the prize of the high calling of God in Christ Jesus.
15 Konsa, otan nan nou ki pafè, annou gen menm panse sa a. Epi si nan nenpòt bagay nou pa reflechi konsa Bondye va osi revele sa a nou.
Let us therefore, as many as be perfect, be thus minded: and if in anything ye are otherwise minded, even this shall God reveal unto you:
16 Sepandan, nan menm fòs ke nou deja reyisi, annou kontinye viv pa menm prensip ke nou fin atenn deja a. Annou toujou gen menm panse.
only, whereunto we have already attained, by that same [rule] let us walk.
17 Frè m yo vin swiv egzanp mwen an, e swiv sila ki mache selon modèl ke nou gen nan nou an.
Brethren, be ye imitators together of me, and mark them which so walk even as ye have us for an ensample.
18 Paske anpil moun mache, de sila mwen te souvan di nou yo, e koulye a mwen di nou ankò menm avèk dlo nan zye m, ke yo se lènmi lakwa a Kris la,
For many walk, of whom I told you often, and now tell you even weeping, [that they are] the enemies of the cross of Christ:
19 ki gen pou fen, destriksyon, ki gen pou dye pa yo apeti yo, e ki gen pou glwa yo, wont yo, ki fikse panse yo sou bagay tèrès yo.
whose end is perdition, whose god is the belly, and [whose] glory is in their shame, who mind earthly things.
20 Paske pou nou menm sitwayènte nou se nan syèl la. E soti nan li menm, n ap tann ak enpasyans yon Sovè, Senyè a, Jésus Kri,
For our citizenship is in heaven; from whence also we wait for a Saviour, the Lord Jesus Christ:
21 ki va transfòme move kò sila a, pou l vin konfòme ak kò laglwa pa Li a. Li va fè sa pa egzèsis a pouvwa ke Li genyen pou soumèt tout bagay anba otorite pa L.
who shall fashion anew the body of our humiliation, [that it may be] conformed to the body of his glory, according to the working whereby he is able even to subject all things unto himself.