< Filip 1 >
1 Paul ak Timothée, sèvitè-atache nèt a Jésus Kri yo, a tout fidèl ki nan Kris Jésus ki nan vil Philippe yo, menm avèk dirijan legliz ak dyak yo tou:
Pavel in Timotej, hlapca Jezusa Kristusa, vsem svetim v Kristusu Jezusu bivajočim v Filipih, z vladikami in pomočniki.
2 Lagras pou nou, ak lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou an, e Senyè a Jésus Kri.
Milost vam in mir od Boga očeta našega in Gospoda Jezusa Kristusa!
3 Mwen remèsye Bondye mwen an nan tout fwa ke m sonje nou.
Zahvaljujem se Bogu svojemu, kader se vas spominjam.
4 Mwen toujou ap ofri lapriyè avèk jwa nan kè m nan tout priyè mwen pou nou tout,
(Ko vedno v sleherni molitvi svoji molim za vas vse z veseljem),
5 akoz de patisipasyon nou nan levanjil la depi premye jou a jiska koulye a.
Da ste se udeleževali evangelja od prvega do današnjega dne;
6 Paske mwen gen konfyans menm nan bagay sa a; ke Sila ki te kòmanse fè yon bon zèv nan nou an, va byen konplete li jiska jou a Kris Jésus a.
Prepričan prav tega, da bode on, ki je začel v vas dobro delo, dokončal ga do dné Jezusa Kristusa;
7 Paske li vrèman gen rezon ke m santi sa sou pati pa nou. Paske nou nan kè m akoz nou te patisipan depi lè m te nan prizon an, ni lè m t ap defann e konfime levanjil la nou te pataje gras la avè m.
Kakor je meni spodobno misliti za vas vse, ker vas imam v srci, v sponah svojih in zagovarjanji in utrjevanji evangelja, ki ste vsi sodeležniki mi milosti.
8 Paske Bondye se temwen mwen, de jan mwen anvi wè nou tout avèk tandrès a Kris Jésus a.
Kajti priča mi je Bog, kako hrepenim po vas vseh z osrčjem Jezusa Kristusa.
9 Mwen priye konsa, pou lanmou nou kapab ogmante ankò plis toujou nan vrè konesans, avèk tout bon jijman.
In tudi to molim, da naj ljubezen vaša še bolj in bolj raste v spoznanji in slehernem razumu;
10 Pou nou kapab vin dakò avèk bagay ki ekselan, pou nou kapab rete sensè e san fot jiska jou a Kris la;
Da presojate, kar je imenitno, da bodete čisti in neizpotakljivi za dan Kristusov,
11 Se pou nou vin ranpli nèt avèk fwi ladwati ki vini atravè Jésus Kri a, pou laglwa ak lwanj a Bondye.
Napolnjeni sè sadom pravice po Jezusu Kristusu v slavo in hvalo Božjo.
12 Koulye a, mwen vle nou konnen, frè m yo, ke sikonstans mwen yo vin pase pou pi gran pwogrè levanjil la.
Želim pa, da spoznate, bratje, da je stanje moje postalo bolj v uspeh evangelju,
13 Paske anprizonman mwen pou koz a Kris la vin konnen toupatou nan tout gad palè a e pa tout lòt moun yo.
Tako da so spone moje očitne postale, da so v Kristusu v vsem šatorišči telesne straže in vsem drugim,
14 Epi pifò nan frè nou yo mete plis konfyans nan Senyè a akoz anprizonman m nan, e yo vin gen plis kouraj toujou pou pale pawòl Bondye a san krent.
In da večina bratov v Gospodu zaupajoč mojim sponam upa se bolj brez strahu govoriti besedo.
15 Asireman kèk nan yo menm ap preche Kris avèk lanvi ak konfli, men kèk tou ap preche l avèk senserite.
Nekateri tudi iz nevoščljivosti in prepirljivosti, nekateri pa tudi iz dobre volje oznanjajo Kristusa.
16 Dènye nan sa yo, fè l avèk lanmou, paske yo konnen ke m te chwazi pou defans a levanjil la.
Oni, ki iz prepirljivosti, ne oznanjajo Kristusa iz čistega namena, češ da prinesó stisko sponam mojim;
17 Premye sa yo pwoklame Kris avèk anbisyon pèsonèl, olye santiman de bon kè, akoz yo panse ke sa ka fè m chagren nan anprizonman mwen an.
Kateri pa iz ljubezni, vedóč, da sem pripravljen v zagovarjanje evangelja.
18 Alò, kisa? Sèlman nan chak ka, kit se nan pretèks kit se nan verite, Kris la pwoklame. E se nan sa mwen rejwi mwen. Wi, mwen va rejwi mwen.
Kaj pač? Vendar tako ali tako, bodi si s pretvezo, bodi si v resnici, oznanja se Kristus; in tega se veselim, dà, bodem se tudi veselil.
19 Paske mwen konnen ke sa va sèvi pou delivrans mwen atravè lapriyè nou yo, ak pwovizyon Lespri Jésus Kri a.
Vem namreč, da mi bode to v blaginjo po prošnji vaši in pomoči duha Jezusa Kristusa,
20 Selon sensè volonte ak esperans mwen, pou m pa vin wont nan anyen, men ke avèk tout kouraj, Kris va menm koulye a, kòm toujou egzalte nan kò m kit se nan lavi kit se nan lanmò.
Po pričakovanji in upanji mojem, da se v ničemur ne osramotim, temuč v vsej prostodušnosti, kakor vedno, bode se tudi sedaj Kristus poveličeval v mojem telesu, bodi si z življenjem, bodi si sè smrtjo.
21 Paske pou mwen menm viv se Kris e mouri se avantaj.
Kajti meni je življenje Kristus, in smrt dobiček.
22 Men si mwen viv toujou nan lachè, sa va pote fwi pou travay mwen. Konsa, mwen pa menm konnen kilès pou m ta pito.
Ako pa življenje v mesu, to mi je dela sad, in kaj bodem izvolil, ne vem;
23 Men mwen sanse presyon nan toulède direksyon yo. Mwen ta anvi ale, pou m kapab avèk Kris, paske sa pi bon anpil,
Kajti pritiska me oboje, želja me je ločiti se in biti s Kristusom, mnogo je namreč bolje;
24 men pou m rete nan lachè a pi nesesè pou koz a nou menm.
Ostati pa v mesu potrebnejše za voljo vas.
25 Konvenk de sa, mwen konnen ke mwen va rete pou kontinye avèk nou tout, pou pwogrè ak lajwa nou nan lafwa.
In v tem zaupanji vem, da bodem ostal in z vami vsemi skupaj ostal v pospeh vaš in veselje v veri,
26 Konsa konfyans fyète nou an nan mwen kapab vin debòde nan Jésus Kri lè mwen vin bò kote nou an ankò.
Da bode slava vaša preobila v Kristusu Jezusu v meni, zaradi povrnitve moje k vam.
27 Sèlman, kondwi tèt nou nan yon fason ki dign de levanjil a Jésus Kri a, pou si mwen vini wè nou oubyen rete absan, mwen kapab tande ke nou kanpe fèm nan yon sèl espri, avèk yon sèl panse, nan lite ansanm pou lafwa a levanjil la,
Samo védite se spodobno evangelju Kristusovemu, da bodem, bodi si, da pridem in vidim, bodi si v daljavi, slišal, kako je pri vas, da stojite trdno v enem duhu, eni duši, vkup boreč se za vero evangelja,
28 san okenn perèz a lènmi nou yo, ki se yon sign destriksyon pou yo menm, men sali pou nou menm, e sa anplis, soti nan Bondye.
In da vas nikakor ne strašijo nasprotniki; kar je njim znamenje pogube, vam pa blaginje, in to od Boga;
29 Paske, a nou menm li te vin pèmèt, pou koz a Kris la, non sèlman pou kwè nan Li, men osi pou soufri pou koz Li.
Ker vam je bilo podeljeno za Kristusa, ne samo verovati vanj, nego tudi zanj trpeti;
30 Konsa nou ap pase menm konfli entèn ke nou te wè m pase a, e koulye a tande k ap fèt nan mwen.
Ko imate isti boj, katerega ste videli v meni, in zdaj slišite v meni.