< Filemon 1 >
1 Paul, yon prizonye Kris Jésus, ak Timothée, frè nou an: a Philémon, frè byeneme e ouvriye parèy nou an,
Paulus vinctus Christi Jesu, et Timotheus frater, Philemoni dilecto, et adjutori nostro,
2 ak Apphia, sè ou, a Archippe sòlda parèy a nou, e a legliz lakay ou a:
et Appiæ sorori carissimæ, et Archippo commilitoni nostro, et ecclesiæ, quæ in domo tua est.
3 Lagras pou ou, ak lapè Bondye, Papa nou, e Senyè a, Jésus Kri.
Gratia vobis, et pax a Deo Patre nostro, et Domino Jesu Christo.
4 Mwen remèsye Bondye m nan toujou, e nonmen non ou nan lapriyè m yo
Gratias ago Deo meo, semper memoriam tui faciens in orationibus meis,
5 paske mwen tande de lanmou ou, ak lafwa ke ou genyen anvè Senyè a, Jésus, e anvè tout sen yo.
audiens caritatem tuam, et fidem, quam habes in Domino Jesu, et in omnes sanctos:
6 Anplis, mwen priye pou lamitye lafwa ou kapab vin efikas selon konesans a tout bon bagay ki nan ou pou koz a Kris la.
ut communicatio fidei tuæ evidens fiat in agnitione omnis operis boni, quod est in vobis in Christo Jesu.
7 Paske nou gen tan twouve anpil lajwa ak rekonfò nan lanmou ou, paske kè a fidèl yo vin rafrechi atravè ou menm, frè.
Gaudium enim magnum habui, et consolationem in caritate tua: quia viscera sanctorum requieverunt per te, frater.
8 Konsa malgre ke mwen gen ase konfyans nan Kris pou bay ou lòd pou fè sa ki bon,
Propter quod multam fiduciam habens in Christo Jesu imperandi tibi quod ad rem pertinet:
9 malgre pou koz lanmou an, mwen pito sipliye ou—paske mwen se yon moun tankou Paul granmoun lan, e koulye a, osi yon prizonye a Kris Jésus.
propter caritatem magis obsecro, cum sis talis, ut Paulus senex, nunc autem et vinctus Jesu Christi:
10 Mwen sipliye ou, pou pitit mwen an, Onésime, ke mwen te vin fè pandan mwen te nan prizon an,
obsecro te pro meo filio, quem genui in vinculis, Onesimo,
11 ke avan, te initil a ou menm, men koulye a, li itil ni pou ou, ni pou mwen.
qui tibi aliquando inutilis fuit, nunc autem et mihi et tibi utilis,
12 Mwen voye li tounen kote ou an pèsòn. Sa vle di, se kè m menm ke m voye a.
quem remisi tibi. Tu autem illum, ut mea viscera, suscipe:
13 Mwen te pito kenbe l avè m, pou l ta kapab, nan non ou, fè sèvis pou mwen, pandan mwen anprizone pou levanjil la.
quem ego volueram mecum detinere, ut pro te mihi ministraret in vinculis Evangelii:
14 Men san pèmisyon ou, mwen pa t vle fè anyen, pou bonte ou pa ta, anfèt “pa lafòs”, men m ta pito akoz bòn volonte pa ou.
sine consilio autem tuo nihil volui facere, uti ne velut ex necessitate bonum tuum esset, sed voluntarium.
15 Paske, li ka petèt separe de ou, eksprè pou rezon sa a, pou yon ti tan, pou ou ta kapab genyen l vin retounen nèt, (aiōnios )
Forsitan enim ideo discessit ad horam a te, ut æternum illum reciperes: (aiōnios )
16 pa tankou yon esklav ankò, men plis ke yon esklav yon frè byeneme, sitou pou mwen menm, men plis ankò pou ou, nan lachè e nan Senyè a.
jam non ut servum, sed pro servo carissimum fratrem, maxime mihi: quanto autem magis tibi et in carne, et in Domino?
17 Si, konsa, ou gade mwen kòm yon ouvriye parèy ou, aksepte li kòm ou ta aksepte mwen.
Si ergo habes me socium, suscipe illum sicut me:
18 Men si, nan nenpòt jan li te fè ou tò, oswa dwe ou yon bagay, mete sa sou kont mwen.
si autem aliquid nocuit tibi, aut debet, hoc mihi imputa.
19 Mwen, Paul, mwen ap ekri sa avèk pwòp men mwen. Mwen va ranbouse ou li (annou pa menm pale ke ou menm dwe m menm pwòp tèt ou tou.)
Ego Paulus scripsi mea manu: ego reddam, ut non dicam tibi, quod et teipsum mihi debes:
20 Wi, frè m, kite m benefisye de ou nan Senyè a. Rafrechi kè m nan Kris la.
ita, frater. Ego te fruar in Domino: refice viscera mea in Domino.
21 Avèk konfyans nan obeyisans ou, mwen ekri ou, paske m konnen ke ou va fè menm plis ke sa mwen di a.
Confidens in obedientia tua scripsi tibi: sciens quoniam et super id, quod dico, facies.
22 An menm tan an tou, prepare pou mwen yon kote pou m rete, paske mwen gen espwa ke pa lapriyè ou yo pou mwen, y ap lage m nan men ou.
Simul autem et para mihi hospitium: nam spero per orationes vestras donari me vobis.
23 Épaphras, prizonye parèy mwen nan Kris Jésus, salye ou
Salutat te Epaphras concaptivus meus in Christo Jesu,
24 tankou Marc, Aristarque, Démas Luc, ouvriye parèy a mwen yo.
Marcus, Aristarchus, Demas, et Lucas, adjutores mei.
25 Ke lagras Senyè a, Jésus Kri, rete avèk lespri ou. Amen.
Gratia Domini nostri Jesu Christi cum spiritu vestro. Amen.