< Abdias 1 >

1 Vizyon Abdias la. Konsa pale Senyè BONDYE a konsènan Édom. Nou te tande yon rapò soti nan SENYÈ a, yon mesaje te voye pami nasyon yo. Li t ap di: “Leve, annou ale goumen kont li”—
The prophecy of Obadiah. Thus saith the Lord Jehovah concerning Edom. We have heard a message from Jehovah, And an ambassador hath been sent among the nations “Arise ye, and let us rise up against her to war.”
2 Gade byen, Mwen va fè ou vin piti pami nasyon yo. Ou vin meprize anpil.
Behold, I will make thee small among the nations; Thou shalt be greatly despised.
3 Awogans a kè nou te twonpe nou, nou menm ki rete nan falèz wòch yo, nan wotè a abitasyon nou, ki di nan kè nou: “Se kilès ki ka rale m rive atè?”
The pride of thine heart hath deceived thee, Thou that dwellest in the clefts of the rock, Whose habitation is high, Who sayest in thine heart, “Who shall bring me down to the ground?”
4 “Menmsi nou bati anlè tankou èg, menmsi nou mete nich nou pami zetwal yo, mwen va rale nou fè nou desann soti la,” deklare SENYÈ a.
Though thou lift thyself up as the eagle, And though thou set thy nest among the stars, Thence will I bring thee down, saith Jehovah.
5 Si vòlè te vin kote nou, vòlè nan lannwit yo— o ala devaste nou va vin devaste— èske yo pa t ap vòlè sèlman pou yo ta jwenn ase? Si ranmasè rezen yo te rive kote nou èske yo pa t ap kite kèk ti rès?
If thieves had come upon thee, Or robbers by night, Would they not have ceased stealing when they had enough? How art thou utterly destroyed! If grape-gatherers had come upon thee, Would they not have left gleanings of the grapes?
6 Ala depouye Ésaü va vin depouye! Ala fouye yo va fouye trezò kache li yo!
How is Esau searched through! How are his hidden places explored!
7 Tout sila ki fè alyans avèk nou yo va voye nou kote fwontyè a. Sila ki anpè ak nou yo te twonpe nou, e yo deja genyen nou. Zanmi ki manje pen nou yo ap fè pèlen pou nou. Nanpwen bon konprann nan li.
All thine allies have brought thee to the border; They that were at peace with thee have deceived thee, and prevailed against thee; They that ate thy bread have spread a snare under thee; There is no understanding in thee.
8 Èske Mwen p ap nan jou sa a, deklare SENYÈ a; “Detwi mesye saj Édom yo, e retire bon konprann ki soti sou mòn Ésaü a?
In that day, saith Jehovah, I will destroy the wise men from Edom, And understanding from the mount of Esau.
9 Answit, mesye pwisan nou yo va vin enkyete, O Théman, jis tout kapab koupe retire nèt de mòn Ésaü ak gwo masak.
Thy mighty men, O Teman, shall be dismayed; Every one shall be cut off from the mount of Esau.
10 Akoz vyolans anvè frè nou Jacob, nou va vin kouvri ak wont, e nou va vin koupe retire nèt jis pou tout tan.
For slaughter and for oppression of thy brother Jacob shall shame cover thee, And thou shalt be destroyed forever.
11 Nan jou ke nou te kanpe a distans, nan jou ke etranje yo te bwote tout byen li, lòt nasyon yo te antre nan pòtay li, e te fè tiraj osò pou Jérusalem—nou menm tou te sanble ak yo.
In the day when thou stoodest over against him, In the day when strangers carried away captive his forces, And when foreigners entered his gates, And when they cast lots upon Jerusalem, Thou also wast as one of them.
12 Pa vin rejwi ou nan jou malè frè ou a, ni pa rejwi ou sou fis a Juda yo nan jou destriksyon yo a. Pa anfle ou menm nan jou malè yo.
But thou shouldst not have looked with delight on the day of thy brother in the day of his calamity; Nor shouldst thou have rejoiced over the children of Judah in the day of their destruction, Nor have spoken haughtily in the day of his distress.
13 Pa antre nan pòtay pèp Mwen an nan jou malè yo. Ni pa rejwi ou de gwo dega nan jou malè yo. Pa piyaje byen yo nan jou malè yo.
Thou shouldst not have entered into the gate of my people in the day of their calamity, Nor have looked with delight on their affliction in the day of their calamity, Nor have laid hand on their substance in the day of their calamity,
14 Pa kanpe nan kafou chemen pou touye sila k ap sove ale sòti nan yo. Epi pa livre a lènmi sila ki chape nan jou malè yo.
Nor have stood in the cross-way to cut off their fugitives, Nor have delivered up those that remained in the day of distress!
15 Paske jou SENYÈ a ap rapwoche sou tout nasyon yo! Jan ou te fè a, se konsa yo va fè ou.
For the day of Jehovah is near upon all the nations: As thou hast done, so shall it be done to thee; Thy dealing shall return upon thine own head.
16 Paske menm jan ou te bwè sou mòn sen Mwen an, Konsa tout nasyon yo va bwè tout tan. Yo va bwè, yo va vale, l ap vin konsi yo pa t janm te la.
For as ye have drunk upon my holy mountain, So shall all the nations drink perpetually, Yea, they shall drink and swallow it down, And they shall be as though they had not been.
17 Men sou mòn Sion, va genyen sila ki chape yo, e mòn sa va sen. Epi lakay Jacob va posede posesyon yo.
But upon mount Zion shall be deliverance, and it shall be holy; And the house of Jacob shall regain their possessions.
18 Answit, lakay Jacob va vin yon dife, e lakay Joseph va vin yon flanm; men lakay Ésaü va vin kon pay. Konsa, yo va limen dife sou yo pou brile yo nèt pou pa gen ki rete lakay Ésaü ankò,” paske SENYÈ a fin pale.
And the house of Jacob shall be a fire, And the house of Joseph a flame, And the house of Esau stubble, And they shall kindle them and devour them. And there shall be none remaining of the house of Esau; For Jehovah hath spoken it.
19 Moun Negev la va vin posede mòn a Ésaü ak sila a Schfela yo, gwo plèn Philistie a. Yo va posede teritwa Éphraïm, teritwa Samarie, e Benjamin va vin posede Galaad, tou.
And they of the south shall possess the mountain of Esau, And they of the plain, the Philistines; And they shall possess the fields of Ephraim, And the fields of Samaria; And Benjamin shall possess Gilead.
20 Epi egzile a lame fis Israël sa a, ki pami Kananeyen yo, va posede jis rive Sarepta, e egzile Jérusalem ki Sepharad yo va vin posede vil Negev yo.
And the captives of this host of the sons of Israel shall possess the land of the Canaanites unto Sarepta, And the captives of Jerusalem which are at Sepharad shall possess the cities of the south.
21 Liberatè yo va monte Mòn Sion pou jije mòn Ésaü a e wayòm nan va vin pou a SENYÈ a.
And saviors shall go up to mount Zion, To rule the mount of Esau. And the kingdom shall be Jehovah's.

< Abdias 1 >