< Resansman 1 >
1 SENYÈ a te pale a Moïse nan dezè Sinaï a, nan tant asanble a, nan premye jou a dezyèm mwa a, nan dezyèm ane lè yo te fin sòti nan peyi Égypte la. Li te di:
Und der HERR redete mit Mose in der Wüste Sinai in der Hütte des Stifts am ersten Tage des andern Monden im andern Jahr, da sie aus Ägyptenland gegangen waren, und sprach:
2 “Fè yon chif kontwòl tout asanble fis Israël yo selon fanmi zansèt pa yo, selon papa lakay yo, selon kantite, non a chak gason, tèt pa tèt,
Nehmet die Summa der ganzen Gemeine der Kinder Israel nach ihren Geschlechtern und ihrer Väter Häusern und Namen: alles, was männlich ist, von Haupt zu Haupt;
3 soti nan ventan oplis, nenpòt moun ki kapab fè lagè an Israël. Ou menm avèk Aaron va konte yo pa lame yo.
von zwanzig Jahren an und drüber, was ins Heer zu ziehen taugt in Israel; und sollt sie zählen nach ihren Heeren, du und Aaron.
4 Anplis de nou menm, va genyen yon moun ki sòti nan chak tribi, yo chak ki se tèt a fanmi zansèt pa li.
Und sollt zu euch nehmen je vom Geschlecht einen Hauptmann über seines Vaters Haus.
5 “Alò, sa yo se nonm mesye ki va kanpe avèk ou yo: pou Ruben: Élitsur, fis a Schedéur;
Dies sind aber die Namen der Hauptleute, die neben euch stehen sollen: Von Ruben sei Elizur, der Sohn Sedeurs.
6 pou Siméon: Schelumiel, fis a Tsurischaddaï;
Von Simeon sei Selumiel, der Sohn Zuri-Saddais.
7 pou Juda: Nachschon, fis a Amminadab;
Von Juda sei Nahesson, der Sohn Amminadabs.
8 pou Issacar: Nethaneel, fis a Tsuar;
Von Isaschar sei Nethaneel, der Sohn Zuars.
9 pou Zabulon: Éliab, fis a Hélon;
Von Sebulon sei Eliab, der Sohn Helons.
10 pou fis a Joseph yo, pou Éphraïm: Élischama, fis a Ammihud; pou Manassé: Gamaliel, fis a Pedahtsur;
Von den Kindern Joseph: Von Ephraim sei Elisama, der Sohn Ammihuds. Von Manasse sei Gamliel, der Sohn Pedazurs.
11 pou Benjamin: Abidan, fis a Guideoni;
Von Benjamin sei Abidan, der Sohn Gideonis.
12 pou Dan: Ahiézer, fis a Mamischaddaï;
Von Dan sei Ahieser, der Sohn Ammi-Saddais.
13 pou Aser: Paguiel, fis a Ocran;
Von Asser sei Pagiel, der Sohn Ochrans.
14 pou Gad: Éliasapah, fis a Déuel;
Von Gad sei Eliasaph, der Sohn Deguels.
15 pou Nephthali: Ahira, fis a Énan.”
Von Naphthali sei Ahira, der Sohn Enans.
16 Se sila yo ki te rele pa asanble a, dirijan a tribi fanmi zansèt pa yo; yo te chèf a dè milye an Israël.
Das sind die Vornehmsten der Gemeine, die Hauptleute unter den Stämmen ihrer Väter, die da Häupter und Fürsten in Israel waren.
17 Konsa, Moïse avèk Aaron te pran mesye sa yo ki te chwazi pa non yo.
Und Mose und Aaron nahmen sie zu sich, wie sie da mit Namen genannt sind,
18 Yo te reyini tout kongregasyon an ansanm nan premye jou nan dezyèm mwa a. Konsa, yo te fè anrejistreman selon fanmi zansèt pa yo, selon kay papa yo, selon kantite ki te nome yo, soti nan ventan oswa plis, tèt pa tèt.
und sammelten auch die ganze Gemeine am ersten Tage des andern Monden und rechneten sie nach ihrer Geburt, nach ihren Geschlechtern und Väter Häusern und Namen, von zwanzig Jahren an und drüber, von Haupt zu Haupt,
19 Jan SENYÈ a te kòmande Moïse la, konsa li te konte yo nan dezè ki rele Sinaï a.
wie der HERR Mose geboten hatte, und zähleten sie in der Wüste Sinai.
20 Alò fis a Ruben yo, premye ne pou Israël, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite ki te nome yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
Der Kinder Ruben, des ersten Sohns Israels, nach ihrer Geburt, Geschlecht, ihrer Väter Häusern und Namen, von Haupt zu Haupt, alles, was männlich war, von zwanzig Jahren und drüber, und ins Heer zu ziehen taugte,
21 Kantite mesye ki te konte nan tribi Ruben an te karann-si-mil-senk san.
wurden gezählet zum Stamm Ruben sechsundvierzigtausend und fünfhundert.
22 Pou fis Siméon yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite ki te nome yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
Der Kinder Simeon nach ihrer Geburt, Geschlecht, ihrer Väter Häusern, Zahl und Namen, von Haupt zu Haupt, alles, was männlich war, von zwanzig Jahren und drüber, und ins Heer zu ziehen taugte,
23 Kantite mesye ki te konte nan tribi Siméon an te senkant-nèf-mil, twa-san.
wurden gezählet zum Stamm Simeon neunundfünfzigtausend und dreihundert.
24 Pou fis Gad yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite ki te nome yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
Der Kinder Gad nach ihrer Geburt, Geschlecht, ihrer Väter Häusern und Namen, von zwanzig Jahren und drüber, was ins Heer zu ziehen taugte,
25 Kantite mesye ki te konte nan tribi Gad la te karann-senk-mil-sis-san-senkant.
wurden gezählet vom Stamm Gad fünfundvierzigtausend sechshundertundfünfzig.
26 Pou fis Juda yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
Der Kinder Juda nach ihrer Geburt, Geschlecht, ihrer Väter Häusern und Namen, von zwanzig Jahren und drüber, was ins Heer zu ziehen taugte,
27 Kantite mesye ki te konte nan tribi Juda a te swasann-katòz-mil-sis-san.
wurden gezählet vom Stamm Juda vierundsiebenzigtausend und sechshundert.
28 Pou fis Issacar yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
Der Kinder Isaschar nach ihrer Geburt, Geschlecht, ihrer Väter Häusern und Namen, von zwanzig Jahren und drüber, was ins Heer zu ziehen taugte,
29 Kantite mesye ki te konte nan tribi Issacar a te senkant-kat-mil-kat-san.
wurden gezählet zum Stamm Isaschar vierundfünfzigtausend und vierhundert.
30 Pou fis Zabulon yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
Der Kinder Sebulon nach ihrer Geburt, Geschlecht, ihrer Väter Häusern und Namen, von zwanzig Jahren und drüber, was ins Heer zu ziehen taugte,
31 Kantite mesye ki te konte nan tribi Zabulon an te senkant-sèt-mil-kat-san.
wurden gezählet zum Stamm SebuIon siebenundfünfzigtausend und vierhundert.
32 Pou fis Joseph sa vle di Éphraïm, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
Der Kinder Joseph von Ephraim nach ihrer Geburt, Geschlecht, ihrer Väter Häusern und Namen, von zwanzig Jahren und drüber, was ins Heer zu ziehen taugte,
33 Kantite mesye ki te konte nan tribi Éphraïm nan te karann-sèt-mil-senk-san.
wurden gezählet zum Stamm Ephraim vierzigtausend und fünfhundert.
34 Pou fis Manassé yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
Der Kinder Manasse nach ihrer Geburt, Geschlecht, ihrer Väter Häusern und Namen, von zwanzig Jahren und drüber, was ins Heer zu ziehen taugte,
35 Fòs kantite mesye ki te konte nan tribi Manassé a te trann-de-mil-de-san.
wurden zum Stamm Manasse gezählet zweiunddreißigtausend und zweihundert.
36 Pou fis Benjamin yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
Der Kinder Benjamin nach ihrer Geburt, Geschlecht, ihrer Väter Häusern und Namen, von zwanzig Jahren und drüber, was ins Heer zu ziehen taugte,
37 Kantite mesye ki te konte nan tribi Benjamin an te trann-senk-mil-kat-san.
wurden zum Stamm Benjamin gezählet fünfunddreißigtausend und vierhundert.
38 Pou fis Dan yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
Der Kinder Dan nach ihrer Geburt, Geschlecht, ihrer Väter Häusern und Namen, von zwanzig Jahren und drüber, was ins Heer zu ziehen taugte,
39 Kantite mesye ki te konte nan tribi Dan nan te swasann-de-mil-sèt-san.
wurden gezählet zum Stamm Dan zweiundsechzigtausend und siebenhundert.
40 Pou fis Aser yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
Der Kinder Asser nach ihrer Geburt, Geschlecht, ihrer Väter Häusern und Namen, von zwanzig Jahren und drüber, was ins Heer zu ziehen taugte,
41 Kantite mesye ki te konte nan tribi Aser a te karanteyen-mil-senk-san.
wurden zum Stamm Asser gezählet einundvierzigtausend und fünfhundert.
42 Pou fis Nephthali yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.
Der Kinder Naphthali nach ihrer Geburt, Geschlecht, ihrer Väter Häusern und Namen, von zwanzig Jahren und drüber, was ins Heer zu ziehen taugte,
43 Kantite mesye ki te konte nan tribi Nephtali a te senkant-twa-mil-kat-san.
wurden zum Stamm Naphthali gezählet dreiundfünfzigtausend und vierhundert.
44 Sa yo se sila ki te konte yo, ke Moïse avèk Aaron te konte yo, selon chèf Israël yo, douz gason, chak ki te sòti lakay zansèt papa pa yo.
Dies sind, die Mose und Aaron zähleten, samt den zwölf Fürsten Israels, deren je einer über ein Haus ihrer Väter war.
45 Konsa se tout gason nan fis Israël yo ki te konte selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè an Israël.
Und die Summa der Kinder Israel nach ihrer Väter Häusern, von zwanzig Jahren und drüber, was ins Heer zuziehen taugte in Israel,
46 Jiskaske tout mesye ki te konte yo te sis-san-twa-mil-senk-san-senkant.
deren war sechsmalhunderttausend und dreitausend fünfhundertundfünzig.
47 Men Levit yo pa t konte pami yo selon tribi zansèt papa pa yo.
Aber die Leviten nach ihrer Väter Stamrn wurden nicht mit unter gezählet.
48 Paske SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
Und der HERR redete mit Mose und sprach:
49 “Sèlman tribi Levi a, nou p ap konte, ni nou p ap fè kontwòl anrejistreman pa yo pami fis Israël yo.
Den Stamm Levi sollst du nicht zählen, noch ihre Summa nehmen unter den Kindern Israel,
50 Men nou va chwazi Levit yo sou tabènak temwayaj la, sou tout zafè li yo ak tout sa ki apatyen a li menm. Yo va pote tabènak la avèk tout zafè li, e yo va okipe li; yo va osi fè kan antoure tabènak la.
sondern du sollst sie ordnen zur Wohnung bei dem Zeugnis und zu allem Geräte und zu allem, was dazu gehöret. Und sie sollen die Wohnung tragen und alles Geräte; und sollen sein pflegen und um die Wohnung her sich lagern.
51 Konsa lè tabènak la ap pati, Levit yo va desann li; epi lè tabènak la vin kanpe, Levit yo va monte li. Men sila ki pa Levit ki vin toupre va vin mete a lanmò.
Und wenn man reisen soll, so sollen die Leviten die Wohnung abnehmen. Wenn aber das Heer zu lagern ist, sollen sie die Wohnung aufschlagen. Und wo ein Fremder sich dazu machet, der soll sterben.
52 “Fis Israël yo va fè kan, chak mesye bò kote kan pa li, e chak mesye bò drapo pa li, selon lame yo.
Die Kinder Israel sollen sich lagern, ein jeglicher in sein Lager und bei dem Panier seiner Schar.
53 Men Levit yo va fè kan antoure tabènak temwayaj la, pou kòlè pa vin sou asanble fis Israël yo. Konsa Levit yo va kenbe chaj sou Tabènak Temwayaj la.”
Aber die Leviten sollen sich um die Wohnung des Zeugnisses her lagern, auf daß nicht ein Zorn über die Gemeine der Kinder Israel komme; darum sollen die Leviten der Hut warten an der Wohnung des Zeugnisses.
54 Se konsa ke fis Israël yo te fè. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo, konsa yo te fè.
Und die Kinder Israel taten alles, wie der HERR Mose geboten hatte.