< Resansman 8 >

1 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
וידבר יהוה אל משה לאמר׃
2 “Pale avèk Aaron e di li: ‘Lè ou monte lanp yo, sèt lanp sa yo va bay limyè pa devan chandelye a.’”
דבר אל אהרן ואמרת אליו בהעלתך את הנרת אל מול פני המנורה יאירו שבעת הנרות׃
3 Konsa, Aaron te fè sa. Li te monte lanp pa li a pa devan chandelye a, jis jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.
ויעש כן אהרן אל מול פני המנורה העלה נרתיה כאשר צוה יהוה את משה׃
4 Men kòman mendèv chandelye a te ye; fèt avèk lò ki bat, soti nan baz li jis rive nan flè yo, li te yon travay ki bat. Selon modèl ke SENYÈ a te montre a Moïse la, konsa li te fè chandelye a.
וזה מעשה המנרה מקשה זהב עד ירכה עד פרחה מקשה הוא כמראה אשר הראה יהוה את משה כן עשה את המנרה׃
5 Ankò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
וידבר יהוה אל משה לאמר׃
6 “Pran Levit yo soti nan fis Israël yo e fè yo vin pwòp.
קח את הלוים מתוך בני ישראל וטהרת אתם׃
7 Se konsa ou va fè pou fè yo vin pwòp: flite dlo ki pirifye sou yo. Kite yo pase razwa sou tout kò yo e lave rad yo; epi yo va vin pwòp.
וכה תעשה להם לטהרם הזה עליהם מי חטאת והעבירו תער על כל בשרם וכבסו בגדיהם והטהרו׃
8 Konsa, kite yo pran yon towo avèk ofrann sereyal li a, farin fen mele avèk lwil; epi yon dezyèm towo, ou va pran kòm yon ofrann peche.
ולקחו פר בן בקר ומנחתו סלת בלולה בשמן ופר שני בן בקר תקח לחטאת׃
9 Alò, ou va prezante Levit yo devan Tant Asanble a. Ou va osi rasanble tout kongregasyon a fis Israël yo.
והקרבת את הלוים לפני אהל מועד והקהלת את כל עדת בני ישראל׃
10 Ou va prezante Levit yo devan SENYÈ a. Fis Israël yo va poze men yo sou Levit yo,
והקרבת את הלוים לפני יהוה וסמכו בני ישראל את ידיהם על הלוים׃
11 epi Aaron va prezante Levit yo devan SENYÈ a kòm yon ofrann balanse vè lotèl la, soti nan fis Israël yo, pou yo kapab kalifye pou fè sèvis SENYÈ a.
והניף אהרן את הלוים תנופה לפני יהוה מאת בני ישראל והיו לעבד את עבדת יהוה׃
12 “Alò, Levit yo va poze men yo sou tèt a towo yo, epi ou va ofri youn kòm yon ofrann peche, e lòt la kòm yon ofrann brile bay SENYÈ a pou fè ekspiyasyon pou Levit yo.
והלוים יסמכו את ידיהם על ראש הפרים ועשה את האחד חטאת ואת האחד עלה ליהוה לכפר על הלוים׃
13 Ou va fè Levit yo kanpe devan Aaron ak devan fis li yo pou prezante yo kòm yon ofrann balanse vè lotèl la bay SENYÈ a.
והעמדת את הלוים לפני אהרן ולפני בניו והנפת אתם תנופה ליהוה׃
14 Konsa, ou va separe Levit yo soti nan fis Israël yo, e Levit yo va vin pou Mwen.
והבדלת את הלוים מתוך בני ישראל והיו לי הלוים׃
15 “Epi apre sa, Levit yo kapab antre pou fè sèvis nan Tant Asanble a. Konsa, ou va netwaye yo e prezante yo kòm yon ofrann balanse vè lotèl la;
ואחרי כן יבאו הלוים לעבד את אהל מועד וטהרת אתם והנפת אתם תנופה׃
16 paske yo te vin pou Mwen nèt soti nan fis Israël yo. Mwen te pran yo pou Mwen menm nan plas a tout sila ki sòti nan vant yo, premye ne nan tout fis Israël yo.
כי נתנים נתנים המה לי מתוך בני ישראל תחת פטרת כל רחם בכור כל מבני ישראל לקחתי אתם לי׃
17 Paske tout gason premye ne pami fis Israël yo se pou Mwen, pami moun yo, ak pami bèt yo. Nan jou ke M te frape tout premye ne nan peyi Égypte yo, Mwen te sanktifye yo pou Mwen menm.
כי לי כל בכור בבני ישראל באדם ובבהמה ביום הכתי כל בכור בארץ מצרים הקדשתי אתם לי׃
18 Men Mwen te pran Levit yo nan plas a chak premye ne pami fis Israël yo.
ואקח את הלוים תחת כל בכור בבני ישראל׃
19 Mwen te bay Levit yo kòm yon kado bay Aaron ak fis li yo soti pami fis Israël yo, pou ranpli sèvis a fis Israël yo nan Tant Asanble a, e pou fè ekspiyasyon pou fis Israël yo, jis pou pa vin gen gwo epidemi pami fis Israël yo akoz ke yo vin pwoche toupre sanktyè a.”
ואתנה את הלוים נתנים לאהרן ולבניו מתוך בני ישראל לעבד את עבדת בני ישראל באהל מועד ולכפר על בני ישראל ולא יהיה בבני ישראל נגף בגשת בני ישראל אל הקדש׃
20 Konsa Moïse avèk Aaron, ak tout kongregasyon a fis Israël yo te fè pou Levit yo. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse konsènan Levit yo, konsa fis Israël yo te fè yo.
ויעש משה ואהרן וכל עדת בני ישראל ללוים ככל אשר צוה יהוה את משה ללוים כן עשו להם בני ישראל׃
21 Levit yo tou, te pirifye yo menm de peche e te lave rad yo. Aaron te prezante yo kòm yon ofrann balanse vè lotèl la devan SENYÈ a. Aaron, osi, te fè ekspiyasyon pou yo, pou fè yo vin pwòp.
ויתחטאו הלוים ויכבסו בגדיהם וינף אהרן אתם תנופה לפני יהוה ויכפר עליהם אהרן לטהרם׃
22 Epi apre Levit yo te antre pou fè sèvis pa yo nan Tant Asanble a, devan Aaron ak devan fis li yo: jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse konsènan Levit yo, se konsa yo te fè pou yo.
ואחרי כן באו הלוים לעבד את עבדתם באהל מועד לפני אהרן ולפני בניו כאשר צוה יהוה את משה על הלוים כן עשו להם׃
23 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
וידבר יהוה אל משה לאמר׃
24 “Sa se lòd ki aplike pou Levit yo: soti nan laj venn-senkan e plis, yo va antre pou fè sèvis nan travay a Tant Asanble a.
זאת אשר ללוים מבן חמש ועשרים שנה ומעלה יבוא לצבא צבא בעבדת אהל מועד׃
25 Men nan laj a senkantan, yo va pran retrèt nan sèvis travay la. Yo p ap travay ankò.
ומבן חמשים שנה ישוב מצבא העבדה ולא יעבד עוד׃
26 Sepandan, yo va asiste frè yo nan Tant Asanble a, pou kenbe devwa yo, men yo pa pou travay yo menm. Konsa ou va aji avèk Levit yo konsènan devwa yo.”
ושרת את אחיו באהל מועד לשמר משמרת ועבדה לא יעבד ככה תעשה ללוים במשמרתם׃

< Resansman 8 >