< Resansman 6 >
1 Ankò, SENYÈ a te pale avè Moïse. Li te di:
Господ говори още на Моисея, казвайки:
2 “Pale avèk fis Israël yo e di yo: ‘Lè yon nonm oswa yon fanm fè yon ve, ve a yon Nazareyen, pou dedye tèt li bay SENYÈ a,
Говори на израилтяните, казвайки им: Когато мъж или жена направи изричен обрек на назирейство, за да посвети себе си Господу,
3 li va refize diven avèk bwason fò. Li pa pou bwè vinèg, kit li fèt avèk diven kit bwason fò, ni li p ap bwè ji rezen, ni manje rezen, ni fre, ni sèch.
тогава да се отказва от вино и от спиртни питиета, да не пие оцет от вино или оцет от спиртни питиета, нито да пие какво да е питие направено от грозде, нито да яде прясно или сухо грозде.
4 Tout jou apa sa yo, li pa pou manje anyen ki pwodwi pa pye rezen, soti nan grenn li yo, jis rive nan po li.
През всичкото време на назирейството си да не яде нищо, което се прави от лозе, от зърното до ципата.
5 “‘Tout jou yo, pandan ve apa li a, okenn razwa p ap pase sou tèt li. Li va sen jiskaske jou li yo vin akonpli pou sa li te separe tèt li bay SENYÈ a. Li va kite cheve tèt li vin long.
През всичкото време на назирейския си обрек да не тури бръснач на главата си; догдето се изпълни времето, което е обрекъл Господу, ще бъде свет, и нека остави да растат космите на главата му.
6 “‘Tout jou a separasyon li yo, li pa pou pwoche yon mò.
През всичкото време на обрека си, че ще бъде назирей Господу, да не се приближи при мъртвец;
7 Li pa pou fè tèt li pa pwòp ni pou papa li, ni manman li, pou frè li, oswa pou sè li, lè yo ta mouri, akoz separasyon li pou Bondye poze sou tèt li.
да се не оскверни, заради баща си или майка си, брата си или сестра си, когато умрат; понеже назирейският обрек на Бога му е на главата му.
8 Tout jou a separasyon li yo, li va sen a SENYÈ a.
През всичкото време на назирейството си той е свет Господу.
9 “‘Men si yon nonm mouri sibitman bò kote li, e li konwonpi tèt cheve ki se apa li a, alò, li va pase razwa sou tèt li nan jou ke li vin pwòp la. Li va pase razwa sou li nan setyèm jou a.
И ако някой умре ненадейно при него, и главата на назирейството му се оскверни, тогава, в деня на очищението си, той да обръсне главата си; на седмия ден да я обръсне.
10 Konsa, nan dizyèm jou a, li va pote de toutrèl oswa de jenn pijon vè prèt la, nan pòtay tant asanble a.
А на осмия ден да донесе две гургулици или две гълъбчета при свещеника при входа на шатъра за срещане;
11 Prèt la va ofri youn kòm yon ofrann peche a, e lòt la kòm yon ofrann brile, epi fè ekspiyasyon pou li konsènan peche li, akoz mò a. Epi nan menm jou sa a, li va konsakre tèt li,
и свещеникът да принесе едното в принос за грях, а другото за всеизгаряне; и да направи умилостивение за него, понеже е съгрешил поради мъртвеца, и в същия ден да освети главата му.
12 epi li va dedye a SENYÈ a jou li yo kòm yon Nazareyen, e li va mennen yon mal mouton nan laj 1 nan oswa plis kòm yon ofrann koupab. Men jou tan pase yo va vin anile akoz tan separasyon li an te vin konwonpi.
След това изново да посвети Господу дните на назирейството си и да донесе едногодишно агне в принос за престъпление; а по-предишните дни няма да се считат, защото се е осквернило назирейството му.
13 “‘Alò, sa se lalwa a yon Nazareyen. Lè jou separasyon yo vin fini, li va mennen ofrann nan nan pòtay a tant asanble a.
И ето законът за назирея, когато се изпълни времето на назирейството му: да се приведе при входа на шатъра за срещане;
14 Li va prezante ofrann li an bay SENYÈ a: yon mal mouton laj 1 nan san defo kòm yon ofrann brile a, yon mouton femèl laj 1 nan san defo kòm yon ofrann peche, ak yon belye san defo kòm yon ofrann lapè,
и той да принесе в принос за себе си Господу едно мъжко едногодишно агне без недостатък в принос за грях, един овен без недостатък за примирителен принос,
15 epi yon panye gato san ledven fèt avèk farin fen, mele avèk lwil, ofrann sereyal, ak galèt san ledven kouvri avèk lwil, ansanm avèk ofrann pa yo, ak ofrann bwason pa yo.
кош с безквасни пити от чисто брашно, смесени с дървено масло, безквасни кори, намазани с масло и хлебния им принос с възлиянията им.
16 “‘Alò, prèt la va prezante yo devan SENYÈ a. Li va ofri ofrann peche pa li a avèk ofrann brile pa li a.
И свещеникът да ги представи пред Господа, и да принесе приноса му за грях и всеизгарянето му;
17 Li va osi ofri belye a kòm yon ofrann sakrifis lapè bay SENYÈ a, ansanm avèk yon panye gato san ledven. Prèt la va osi ofri ofrann sereyal li avèk ofrann bwason li.
и да принесе овена за примирителна жертва Господу, с коша на безквасните хлябове; свещеникът да принесе още хлебния принос с възлиянието му.
18 “‘Alò, apre sa, Nazareyen an va pase razwa sou tèt cheve dedye pa li nan pòtay a tant asanble a. Li va pran cheve dedye a tèt li a, e mete li sou dife ki anba ofrann sakrifis lapè yo.
И назиреят да обръсне главата на назирейството си при входа на шатъра за срещане и да вземе космите на посветената си глава и да ги тури на огъня, който е под примирителната жертва.
19 “‘Prèt la va pran zepòl belye a lè li fin bouyi, ak yon gato san ledven sòti nan panye a, yon galèt san ledven, e li va mete yo sou men a Nazareyen an lè l fin pase razwa a sou cheve dedye li a.
И свещеникът да вземе сварената плешка на овена, една безквасна пита от коша и една безквасна кора и да ги тури на ръцете на назирея след като обръсне той главата на назирейството си;
20 Konsa, prèt la va balanse yo kòm yon ofrann balanse vè lotèl la devan SENYÈ a. Li sen pou prèt la, ansanm avèk pwatrin ki ofri pa balanse a e kwis ki ofri pa leve anlè a. Apre Nazareyen an kapab bwè diven an.
и свещеникът да ги подвижи за движим принос пред Господа; това, заедно с гърдите на движимия принос и бедрото на възвишаемия принос, е свето на свещеника; и след това назиреят може да пие вино.
21 “‘Sa se lalwa a Nazareyen ki fè ve ofrann li bay SENYÈ a, an akò avèk separasyon li, anplis tout lòt bagay ke li gen posibilite fè, selon ve ke li te fè a. Konsa, li va fè selon lalwa separasyon li an.’”
Това е закон за назирея, който е направил обрек и за приноса му Господ поради назирейството му, освен онова, което му дава ръка; съгласно с обрека, който е направил, така да постъпва според закона за назирейството си.
22 SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
Господ говори още на Моисея, казвайки:
23 Pale avèk Aaron ak fis li yo pou di: ‘Konsa, nou va beni fis Israël yo. Nou va di yo:
Говори на Аарона и на синовете му, казвайки: Така благославяйте израилтяните, като им говорите:
24 SENYÈ a beni nou e kenbe nou;
Господ да те благослови и да те пази!
25 SENYÈ a fè limyè figi li limen sou nou; epi fè gras anvè nou;
Господ да осияе с лицето Си над тебе и да ти покаже милост!
26 SENYÈ a fè vizaj li vin gade nou, e bannou lapè.’
Господ да издигне лицето Си над тебе и да ти даде мир!
27 Se konsa yo va rele non Mwen pou fis Israël yo, e se konsa Mwen va beni yo.
Така да възлагат Името Ми върху израилтяните; и Аз ще ги благославям.