< Resansman 4 >

1 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse ak Aaron. Li te di:
E falou o SENHOR a Moisés e a Arão, dizendo:
2 Fè yon chif kontwòl a desandan Kehath yo pami fis Levit yo, selon fanmi pa yo, e selon lakay papa pa yo,
Toma a conta dos filhos de Coate dentre os filhos de Levi, por suas famílias, pelas casas de seus pais,
3 soti nan trantan oswa plis, menm jiska senkantan; tout moun ki antre nan sèvis pou fè travay a Tant Asanble a.
De idade de trinta anos acima até cinquenta anos, todos os que entram em companhia, para fazer serviço no tabernáculo do testemunho.
4 Sa se travay a desandan a Kehath yo nan Tant Asanble a, selon bagay ki sen pase tout bagay yo.
Este será o ofício dos filhos de Coate no tabernáculo do testemunho, no lugar santíssimo:
5 Lè kan an pati, Aaron avèk fis li yo va antre ladann. Yo va fè desann vwal rido a, e yo va kouvri lach temwayaj la avèk li.
Quando se houver de mudar o acampamento, virão Arão e seus filhos, e desarmarão o véu da tenda, e cobrirão com ele a arca do testemunho:
6 Yo va kouvri li avèk po dofen, ouvri sou li yon twal, koulè ble pi, e pase fè poto antre nan wondèl yo.
E porão sobre ela a coberta de peles finas, e estenderão encima o pano todo de azul, e lhe porão suas varas.
7 Sou tab a pen Prezans lan, yo va osi ouvri yon twal ble. Yo va mete sou li asyèt avèk bonm yo ak veso pou fè sakrifis yo, bokal pou ofrann bwason an, ak pen k ap la tout tan an, va sou li.
E sobre a mesa da proposição estenderão o pano azul, e porão sobre ela os pratos, e as colheres, e os copos, e as taças para fazer libações: e o pão contínuo estará sobre ela.
8 Yo va kouvri yo avèk yon twal wouj, yo va kouvri li avèk yon po dofen, e yo va fè poto yo antre pase nan wondèl yo.
E estenderão sobre ela o pano de carmesim colorido, e o cobrirão com a coberta de peles finas; e lhe porão suas varas.
9 Yo va pran yon twal ble, e yo va kouvri chandelye a pou limyè a, ansanm avèk lanp pa li yo, touf yo, asyèt li yo, ak veso lwil li yo, avèk sa yo konn okipe li yo.
E tomarão um pano azul, e cobrirão o candelabro da luminária; e suas lâmpadas, e suas tenazes, e seus apagadores, e todos os seus vasos do azeite com que se serve;
10 Yo va mete tout zouti li yo nan yon kouvèti po dofen, e yo va mete li nan poto ki fèt pou pote a.
E o porão com todos os seus utensílios em uma coberta de peles finos, e o colocarão sobre umas armações.
11 Sou lotèl an lò a, yo va mete yon twal ble. Yo va kouvri li avèk yon kouvèti po dofen, e yo va fè pase antre poto li yo nan wondèl yo.
E sobre o altar de ouro estenderão o pano azul, e lhe cobrirão com a coberta de peles finas, e lhe porão suas varas.
12 Yo va pran tout zouti a sèvis yo avèk sila yo fè sèvis nan sanktyè a. Yo va mete yo nan yon twal ble, kouvri yo avèk yon kouvèti po dofen, e mete yo sou ankadreman an.
E tomarão todos os vasos do serviço, de que fazem uso no santuário, e os porão em um pano azul, e os cobrirão com uma coberta de peles finas, e os colocarão sobre umas armações.
13 Yo va retire sann dife ki sou lotèl la, e yo va kouvri lotèl la avèk yon twal mov.
E tirarão a cinza do altar, e estenderão sobre ele um pano de púrpura:
14 Yo va anplis mete sou li tout zouti li yo avèk sila yo sèvi e ki gen korespondans avèk li; veso dife yo, fouch avèk pèl yo, ak basen yo, tout zouti lotèl la. Epi yo va fè l kouvri avèk yon po dofen, e fè poto li yo pase antre.
E porão sobre ele todos os seus instrumentos de que se serve: as pás, os garfos, os braseiros, e as taças, todos os utensílios do altar; e estenderão sobre ele o propiciatório de peles finas, e lhe porão também as varas.
15 Lè Aaron avèk fis li yo fin kouvri bagay sen yo avèk tout sa ki founi sanktyè yo, lè kan an prèt pou sòti, apre sa, fis Kehath yo va vini pou pote yo; men fòk yo pa touche bagay sen yo pou yo pa mouri. Sa yo se bagay nan Tant Asanble a ke fis Kehath yo va pote.
E em acabando Arão e seus filhos de cobrir o santuário e todos os vasos do santuário, quando o acampamento se houver de mudar, virão depois disso os filhos de Coate para conduzir: mas não tocarão coisa santa, que morrerão. Estas serão as cargas dos filhos de Coate no tabernáculo do testemunho.
16 Devwa a Éléazar, fis a Aaron an, prèt la, se lwil pou limyè a, lansan santi bon an, ofrann sereyal ki pa janm sispann nan ak lwil onksyon an—lesansyèl tabènak la avèk tout sa ki ladann yo, sanktyè a avèk sa ki founi li yo.
Porém ao cargo de Eleazar, filho de Arão o sacerdote, estará o azeite da luminária, e o incenso aromático, e a oferta de cereais contínua, e o azeite da unção; o cargo de todo o tabernáculo, e de tudo o que está nele, no santuário, e em seus utensílios.
17 SENYÈ a te pale avèk Moïse ak Aaron. Li te di:
E falou o SENHOR a Moisés e a Arão, dizendo:
18 Pa kite tribi a Kehath yo vin koupe retire pami Levit yo.
Não cortareis a tribo das famílias de Coate dentre os levitas;
19 Men fè sa ak yo pou yo kapab viv, e pou yo pa mouri lè yo vin pwoche bagay ki sen pase tout bagay yo: Aaron avèk fis li yo va antre bay yo chak travay pa yo, avèk chaj yo;
Mas isto fareis com eles, para que vivam, e não morram quando achegarem ao lugar santíssimo: Arão e seus filhos virão e os porão a cada um em seu ofício, e em seu cargo.
20 men yo pa pou antre pou wè sa ki sen an, menm pou yon moman, oswa yo va mouri.
Não entrarão para ver, quando cobrirem as coisas santas; que morrerão.
21 SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
E falou o SENHOR a Moisés dizendo:
22 “Pran yon chif kontwòl nan fis Guerschon yo selon lakay papa pa yo, ak papa fanmi pa yo;
Toma também a conta dos filhos de Gérson pelas casas de seus pais, por suas famílias.
23 soti nan trantan oswa plis jiska senkantan, ou va konte yo; tout moun ki antre pou fè sèvis, pou fè travay nan Tant Asanble a.
De idade de trinta anos acima até cinquenta anos os contarás; todos os que entram em companhia, para fazer serviço no tabernáculo do testemunho.
24 “Sa se sèvis a fanmi Gèchonit yo, pou sèvi e pou pote:
Este será o ofício das famílias de Gérson, para ministrar e para levar:
25 Yo va pote rido a tabènak la, Tant Asanble a avèk kouvèti li, kouvèti po dofen ki sou li a, ak rido pòtay a Tant Asanble a,
Levarão as cortinas do tabernáculo, e o tabernáculo do testemunho, sua coberta, e a coberta de peles finas que está sobre ele encima, e a cortina da porta do tabernáculo do testemunho,
26 bagay pandye ki sou galeri a, rido a ki pou pòtay galeri a ki antoure tabènak la avèk lotèl la, kòd pa yo avèk tout bagay ki pou sèvis la; epi tout sa ki gen pou fèt, se yo ki pou fè l. Yo va sèvi andedan.
E as cortinas do átrio, e a cortina da porta do átrio, que está próxima do tabernáculo e próxima do altar ao redor, e suas cordas, e todos os instrumentos de seu serviço, e tudo o que será feito para eles: assim servirão.
27 Tout sèvis a fis Gèchonit yo, nan tout chaj ak tout travay yo, yo va fèt selon kòmand Aaron avèk fis li yo. Ou va dirije yo selon devwa yo nan tout chaj yo.
Segundo a ordem de Arão e de seus filhos será todo o ministério dos filhos de Gérson em todos os seus cargas, e em todo o seu serviço: e lhes atribuireis em responsabilidade todas as suas cargas.
28 Sa se sèvis a fanmi Gèchonit yo nan Tant Asanble a, e devwa yo va anba direksyon a Ithamar, fis a Aaron, prèt la.
Este é o serviço das famílias dos filhos de Gérson no tabernáculo do testemunho: e a responsabilidade deles estará sob a mão de Itamar, filho de Arão o sacerdote.
29 “Selon fis Merari yo, ou va konte yo pa fanmi yo, pa lakay papa pa yo;
Contarás os filhos de Merari por suas famílias, pelas casas de seus pais.
30 soti nan trantan oswa plis jis rive nan laj senkantan, ou va konte yo, yo chak ki antre pou fè sèvis Tant Asanble a.
Desde o de idade de trinta anos acima até o de cinquenta anos, os contarás; todos os que entram em companhia, para fazer serviço no tabernáculo do testemunho.
31 Alò, se sa ki devwa pou chaj pa yo, pou tout sèvis pa yo nan Tant Asanble a: planch a tabènak la avèk travès li yo, pilye li yo avèk baz reseptikal yo,
E este será o dever de seu cargo para todo seu serviço no tabernáculo do testemunho: as tábuas do tabernáculo, e suas barras, e suas colunas, e suas bases,
32 pilye ki antoure galeri a ak baz reseptikal pa yo, pikèt ak kòd yo, avèk tout bagay pou sèvi ladann yo. Ou va chwazi chak moun pa non li, pou bagay ke li gen pou pote yo.
E as colunas do átrio ao redor, e suas bases, e suas estacas, e suas cordas com todos os seus instrumentos, e todo seu serviço; e contareis por seus nomes todos os vasos da guarda de seu cargo.
33 Sa se sèvis fanmi a fis Merari yo selon tout sèvis pa yo nan Tant Asanble a, anba direksyon a Ithamar, fis a Aaron, prèt la.”
Este será o serviço das famílias dos filhos de Merari para todo seu ministério no tabernáculo do testemunho, sob a mão de Itamar, filho de Arão o sacerdote.
34 Alò, Moïse ak Aaron avèk chèf asanble yo te konte fis Koatit yo selon fanmi yo e selon lakay a papa pa yo,
Moisés, pois, e Arão, e os chefes da congregação, contaram os filhos de Coate por suas famílias, e pelas casas de seus pais,
35 soti nan trantan anplis menm pou rive nan senkantan, tout sila ki te antre sèvis pou travay nan Tant Asanble a.
Desde o de idade de trinta anos acima até o de idade de cinquenta anos; todos os que entram em companhia, para ministrar no tabernáculo do testemunho.
36 Mesye pa yo ki te konte pa fanmi pa yo se te de-mil-sèt-san-senkant.
E foram os contados deles por suas famílias, dois mil setecentos e cinquenta.
37 Sila yo se mesye yo ki te konte pami fis Koatit yo, tout sila ki t ap sèvi nan Tant Asanble a, ke Moïse avèk Aaron te konte selon kòmandman SENYÈ a, selon Moïse.
Estes foram os contados das famílias de Coate, todos os que ministram no tabernáculo do testemunho, os quais contaram Moisés e Arão, como o mandou o SENHOR por meio de Moisés.
38 Mesye konte pa fis Gèchonit yo pa fanmi pa yo e pa lakay fanmi pa yo,
E os contados dos filhos de Gérson, por suas famílias, e pelas casas de seus pais,
39 soti nan trantan oswa plis menm jiska laj senkantan, tout sila ki te antre nan travay nan Tant Asanble a.
Desde o de idade de trinta anos acima até o de idade de cinquenta anos, todos os que entram em companhia, para ministrar no tabernáculo do testemunho;
40 Mesye ki te konte pa fanmi pa yo, pa lakay papa pa yo se te de-mil-sis-san-trant.
Os contados deles por suas famílias, pelas casas de seus pais, foram dois mil seiscentos e trinta.
41 Sila yo se mesye ki te konte nan fanmi a fis Guerschon yo, tout sila ki te sèvi nan Tant Asanble a, ke Moïse avèk Aaron te konte selon kòmandman a SENYÈ a.
Estes são os contados das famílias dos filhos de Gérson, todos os que ministram no tabernáculo do testemunho, os quais contaram Moisés e Arão por ordem do SENHOR.
42 Mesye konte nan fanmi a fis Merari yo pa fanmi pa yo, pa lakay papa pa yo,
E os contados das famílias dos filhos de Merari, por suas famílias, pelas casas de seus pais,
43 soti nan trantan oswa plis, jis rive nan laj senkantan, tout moun ki te antre nan sèvis pou fè travay nan Tant Asanble a.
Desde o de idade de trinta anos acima até o de idade de cinquenta anos, todos os que entram em companhia, para ministrar no tabernáculo do testemunho;
44 Mesye ki te konte pa fanmi pa yo se te twa-mil-de-san.
Os contados deles, por suas famílias, foram três mil e duzentos.
45 Sila yo se mesye ki te konte nan fanmi a fis Merari yo, ke Moïse avèk Aaron te konte selon kòmandman SENYÈ a, selon Moïse.
Estes foram os contados das famílias dos filhos de Merari, os quais contaram Moisés e Arão, segundo o mandou o SENHOR por meio de Moisés.
46 Tout mesye konte a Levit yo, ke Moïse avèk Aaron ak chèf Israël yo te konte selon fanmi yo e selon lakay a papa pa yo,
Todos os contados dos levitas, que Moisés e Arão e os chefes de Israel contaram por suas famílias, e pelas casas de seus pais,
47 soti nan trantan oswa plis jiska senkantan, tout moun ki te konn antre pou fè travay sèvis ak travay pote nan Tant Asanble a.
Desde o de idade de trinta anos acima até o de idade de cinquenta anos, todos os que entravam para ministrar no serviço, e ter cargo de obra no tabernáculo do testemunho;
48 Mesye konte yo te ui-mil-senk-san-katreven.
Os contados deles foram oito mil quinhentos e oitenta,
49 Selon kòmandman SENYÈ a, selon Moïse, yo te konte, yo chak selon sèvis oswa pote yo te fè. Konsa sila yo se te mesye ki te konte yo, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
Como o mandou o SENHOR por meio de Moisés foram contados, cada um segundo seu ofício, e segundo seu cargo; os quais contou ele, como lhe foi mandado.

< Resansman 4 >