< Resansman 34 >

1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
耶和华晓谕摩西说:
2 Kòmande fis Israël yo e di yo: “Lè nou antre nan peyi Canaran an, sa se peyi ki va vin tonbe pou nou kòm eritaj la; peyi a Canaran an menm, selon lizyè pa li.
“你吩咐以色列人说:你们到了迦南地,就是归你们为业的迦南四境之地,
3 “Pati sid la va rive soti nan dezè Tsin nan akote Edom. Lizyè sid la va kouri soti nan pwent Lamè Sale a pou ale vè lès.
南角要从寻的旷野,贴着以东的边界;南界要从盐海东头起,
4 Epi lizyè nou an va vire soti nan sid pou monte vè Akrabbim, e kontinye rive nan Tsin, epi dènye pwent li an va nan sid Kadès-Barnéa. Konsa, li va rive nan Hatsar-Addar pou kontinye rive nan Atsmon.
绕到亚克拉滨坡的南边,接连到寻,直通到加低斯·巴尼亚的南边,又通到哈萨·亚达,接连到押们,
5 Lizyè a va vire soti nan Atsmon nan ti flèv Égypte la, pou fini nan lanmè.
从押们转到埃及小河,直通到海为止。
6 “‘Epi selon fwontyè lwès la, nou va genyen Gran Lamè a, sa vle di kot li. Sa va fwontyè lwès la.
“西边要以大海为界;这就是你们的西界。
7 “‘Epi sa va fwontyè nò nou: nou va trase lizyè a soti nan Gran Lamè a pou rive nan Mòn Hor.
“北界要从大海起,划到何珥山,
8 Nou va trase yon lizyè soti nan Mòn Hor pou rive nan Lebo-hamath, e fwontyè a va vin fini nan Tsedad.
从何珥山划到哈马口,通到西达达,
9 Konsa, fwontyè a va kontinye nan Ziphron, e dènye pwent li an va nan Hatsar-Énan. Sa va fwontyè nò nou.
又通到西斐 ,直到哈萨·以难。这要作你们的北界。
10 “‘Pou fwontyè lès la, nou va osi trase yon lizyè soti nan Hatsar-Énan pou rive nan Schepham.
“你们要从哈萨·以难划到示番为东界。
11 Konsa, fwontyè a va desann soti nan Schepham nan Ribla nan kote lès a Aïn nan. Epi lizyè a va desann rive nan pant sou kote lès a Lamè Kinnéreth la.
这界要从示番下到亚延东边的利比拉,又要达到基尼烈湖的东边。
12 Konsa, fwontyè a va desann rive nan Jourdain an, e li va fini nan Lamè Sale a. Sa va peyi pa nou an selon lizyè yo ki antoure li a.’”
这界要下到约旦河,通到盐海为止。这四围的边界以内,要作你们的地。”
13 Konsa, Moïse te kòmande fis Israël yo. Li te di: “Sa se peyi ke nou gen pou separe selon tiraj osò pami nou menm kòm posesyon, ke SENYÈ a te kòmande pou bay a nèf tribi edmi yo.
摩西吩咐以色列人说:“这地就是耶和华吩咐拈阄给九个半支派承受为业的;
14 Paske, tribi a fis Ruben yo te deja resevwa pa yo selon lakay zansèt pa yo, tribi a fis a Gad yo selon lakay zansèt pa yo, e mwatye tribi a Manassé a te resevwa posesyon pa l.
因为吕便支派和迦得支派按着宗族受了产业,玛拿西半个支派也受了产业。
15 De tribi edmi sa yo te resevwa posesyon pa yo lòtbò Jourdain an, anfas Jéricho, vè lès, vè solèy leve a.”
这两个半支派已经在耶利哥对面、约旦河东、向日出之地受了产业。”
16 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
耶和华晓谕摩西说:
17 “Sila yo se non a mesye ki va divize peyi a bannou kòm eritaj nou yo: Éléazar, prèt la, avèk Josué, fis a Nun nan.
“要给你们分地为业之人的名字是祭司以利亚撒和嫩的儿子约书亚。
18 Nou va pran yon chèf nan chak tribi pou divize peyi a kòm eritaj nou.
又要从每支派中选一个首领帮助他们。
19 “Sila yo se non a mesye sa yo: nan tribi Juda a, Caleb, fis a Jephaunné a.
这些人的名字:犹大支派有耶孚尼的儿子迦勒。
20 “Nan tribi fis a Siméon yo, Samuel fis a Ammihud la.
西缅支派有亚米忽的儿子示母利。
21 “Nan tribi Benjamin an, Élidad fis a Kislon an.
便雅悯支派有基斯伦的儿子以利达。
22 Nan tribi fis a Dan yo, yon chèf, Buki, fis a Jogli a.
但支派有一个首领,约利的儿子布基。
23 “Nan tribi fis Joseph yo: nan tribi a fis a Manassé yo, chèf Hanniel, fis a Éphod la.
约瑟的子孙玛拿西支派有一个首领,以弗的儿子汉聂。
24 “Nan tribi a fis a Éphraïm nan, yon chèf, Kemuel, fis a Schiphtan an.
以法莲支派有一个首领,拾弗但的儿子基母利。
25 “Nan tribi a fis a Zabulon yo, yon chèf, Élitsaphan, fis a Parnac la.
西布伦支派有一个首领,帕纳的儿子以利撒番。
26 “Nan tribi a fis a Issacar yo, yon chèf, Paltiel, fis a Azzan an.
以萨迦支派有一个首领,阿散的儿子帕铁。
27 “Nan tribi a fis a Aser yo; yon chèf, Ahihud, fis a Schelomi a.
亚设支派有一个首领,示罗米的儿子亚希忽。
28 “Nan tribi a fis a Nephtali yo, yon chèf, Pedahel, fis a Ammihud la.”
拿弗他利支派有一个首领,亚米忽的儿子比大黑。”
29 Sa yo se sila ke SENYÈ a te kòmande pou divize eritaj a fis Israël yo nan peyi Canaran an.
这些人就是耶和华所吩咐、在迦南地把产业分给以色列人的。

< Resansman 34 >