< Resansman 33 >

1 Sa se vwayaj a fis Israël yo sou sila yo te sòti nan peyi Égypte la pa lame pa yo, anba direksyon Moïse avèk Aaron.
אלה מסעי בני ישראל אשר יצאו מארץ מצרים לצבאתם ביד משה ואהרן׃
2 Moïse te ekri yon rapò pou montre pwent kòmansman nan vwayaj yo selon kòmand SENYÈ a, e sa yo se vwayaj selon pwent kòmansman sila yo.
ויכתב משה את מוצאיהם למסעיהם על פי יהוה ואלה מסעיהם למוצאיהם׃
3 Yo te vwayaje soti nan Ramsès nan premye mwa a, sou kenzyèm jou a. Nan jou apre Pak la, fis Israël yo te soti avèk gwo kouraj devan zye a tout Ejipsyen yo,
ויסעו מרעמסס בחדש הראשון בחמשה עשר יום לחדש הראשון ממחרת הפסח יצאו בני ישראל ביד רמה לעיני כל מצרים׃
4 pandan tout Ejipsyen yo t ap antere tout premye ne ke SENYÈ a te frape detwi pami yo. SENYÈ a te osi egzekite jijman sou dye ki te pou yo.
ומצרים מקברים את אשר הכה יהוה בהם כל בכור ובאלהיהם עשה יהוה שפטים׃
5 Alò, fis a Israël yo te vwayaje soti Ramsès pou te fè kan nan Succoth.
ויסעו בני ישראל מרעמסס ויחנו בסכת׃
6 Yo te vwayaje soti Succoth pou te fè kan nan Etham, ki sou kote dezè a.
ויסעו מסכת ויחנו באתם אשר בקצה המדבר׃
7 Yo te vwayaje soti Etham pou te vire fè bak jis nan Pi-Hahiroth, ki anfas Baal-Tsephon, e yo te vin fè kan devan Migdol.
ויסעו מאתם וישב על פי החירת אשר על פני בעל צפון ויחנו לפני מגדל׃
8 Yo te vwayaje soti devan Pi-Hahiroth. Yo te pase nan mitan lanmè a pou rive nan dezè a, yo te vwayaje pandan twa jou nan dezè Étham an, e yo te vin fè kan nan Mara.
ויסעו מפני החירת ויעברו בתוך הים המדברה וילכו דרך שלשת ימים במדבר אתם ויחנו במרה׃
9 Yo te vwayaje soti Mara pou te rive nan Élim. Nan Élim, te gen douz sous dlo, swasann-dis pye palmis, e yo te fè kan an.
ויסעו ממרה ויבאו אילמה ובאילם שתים עשרה עינת מים ושבעים תמרים ויחנו שם׃
10 Yo te vwayaje soti nan Élim, pou te fè kan bò kote Lamè Wouj.
ויסעו מאילם ויחנו על ים סוף׃
11 Yo te vwayaje soti Lamè Wouj pou te fè kan nan dezè Tsin nan.
ויסעו מים סוף ויחנו במדבר סין׃
12 Yo te vwayaje soti nan dezè Tsin nan pou te fè kan nan Dophka.
ויסעו ממדבר סין ויחנו בדפקה׃
13 Yo te vwayaje soti nan Dophka pou te fè kan nan Alusch.
ויסעו מדפקה ויחנו באלוש׃
14 Yo te vwayaje soti Alusch pou te fè kan nan Rephidim. Se te la ke pèp la pa t gen dlo pou bwè a.
ויסעו מאלוש ויחנו ברפידם ולא היה שם מים לעם לשתות׃
15 Yo te vwayaje soti nan Rephidim pou te fè kan nan dezè Sinaï a.
ויסעו מרפידם ויחנו במדבר סיני׃
16 Yo te vwayaje soti nan dezè Sinaï a pou te fè kan nan Kibroth-Hattaava.
ויסעו ממדבר סיני ויחנו בקברת התאוה׃
17 Yo te vwayaje soti nan Kibroth-Hattaava pou te fè kan nan Hatséroth.
ויסעו מקברת התאוה ויחנו בחצרת׃
18 Yo te vwayaje soti nan Hatséroth pou te fè kan nan Rithma.
ויסעו מחצרת ויחנו ברתמה׃
19 Yo te vwayaje soti nan Rithma pou te fè kan nan Rimmon-Pérets.
ויסעו מרתמה ויחנו ברמן פרץ׃
20 Yo te vwayaje soti nan Rimmon-Pérets pou te fè kan nan Libna.
ויסעו מרמן פרץ ויחנו בלבנה׃
21 Yo te vwayaje soti nan Libna pou te fè kan nan Rissa.
ויסעו מלבנה ויחנו ברסה׃
22 Yo te vwayaje soti nan Rissa pou te fè kan nan Kehélatha.
ויסעו מרסה ויחנו בקהלתה׃
23 Yo te vwayaje soti nan Kehélatha pou te fè kan nan Schapher.
ויסעו מקהלתה ויחנו בהר שפר׃
24 Yo te vwayaje soti nan Mòn Schapher pou te fè kan nan Harda.
ויסעו מהר שפר ויחנו בחרדה׃
25 Yo te vwayaje soti nan Harda pou te fè kan nan Makhéloth.
ויסעו מחרדה ויחנו במקהלת׃
26 Yo te vwayaje soti nan Makhéloth pou te fè kan nan Tahath.
ויסעו ממקהלת ויחנו בתחת׃
27 Yo te vwayaje soti nan Tahath pou te fè kan nan Tarach.
ויסעו מתחת ויחנו בתרח׃
28 Yo te vwayaje soti nan Tarach pou te fè kan nan Mithka.
ויסעו מתרח ויחנו במתקה׃
29 Yo te vwayaje soti nan Mithka pou te fè kan nan Haschmona.
ויסעו ממתקה ויחנו בחשמנה׃
30 Yo te vwayaje soti nan Haschmona pou te fè kan nan Moséroth.
ויסעו מחשמנה ויחנו במסרות׃
31 Yo te vwayaje soti nan Moséroth pou te fè kan nan Bené-Jaakan.
ויסעו ממסרות ויחנו בבני יעקן׃
32 Yo te vwayaje soti nan Bené-Jaakan pou te fè kan nan Hor-Guidgad.
ויסעו מבני יעקן ויחנו בחר הגדגד׃
33 Yo te vwayaje soti nan Hor-Guidgad pou te fè kan nan Jothbatha.
ויסעו מחר הגדגד ויחנו ביטבתה׃
34 Yo te vwayaje soti nan Jothbatha pou te fè kan nan Abrona.
ויסעו מיטבתה ויחנו בעברנה׃
35 Yo te vwayaje soti nan Abrona pou te fè kan nan Etsjon-Guéber.
ויסעו מעברנה ויחנו בעציון גבר׃
36 Yo te vwayaje soti nan Etsjon-Guéber pou te fè kan nan dezè a Tsin nan: sa vle di, Kadès.
ויסעו מעציון גבר ויחנו במדבר צן הוא קדש׃
37 Yo te vwayaje soti nan Kadès pou te fè kan nan Mòn Hor, nan lizyè peyi Édom an.
ויסעו מקדש ויחנו בהר ההר בקצה ארץ אדום׃
38 Konsa, Aaron, prèt la, te monte nan Mòn Hor selon lòd SENYÈ a, e li te mouri la nan karantyèm ane apre fis Israël yo te sòti nan peyi Égypte la, nan premye jou sou senkyèm mwa a.
ויעל אהרן הכהן אל הר ההר על פי יהוה וימת שם בשנת הארבעים לצאת בני ישראל מארץ מצרים בחדש החמישי באחד לחדש׃
39 Aaron te gen san-venn-twazan lè li te mouri sou Mòn Hor a.
ואהרן בן שלש ועשרים ומאת שנה במתו בהר ההר׃
40 Alò, Kananeyen an, wa a Arad ki te rete Negev la nan peyi Canaran an, te tande ke fis Israël yo t ap pwoche.
וישמע הכנעני מלך ערד והוא ישב בנגב בארץ כנען בבא בני ישראל׃
41 Alò, yo te vwayaje soti nan Mòn Hor pou te fè kan nan Tsalmona.
ויסעו מהר ההר ויחנו בצלמנה׃
42 Yo te vwayaje soti nan Tsalmona pou te fè kan nan Punon.
ויסעו מצלמנה ויחנו בפונן׃
43 Yo te vwayaje soti nan Punon pou te fè kan nan Oboth.
ויסעו מפונן ויחנו באבת׃
44 Yo te vwayaje soti nan Oboth pou te fè kan nan Ijjé-Abarim nan lizyè Moab la.
ויסעו מאבת ויחנו בעיי העברים בגבול מואב׃
45 Yo te vwayaje soti nan Ijjé-Abarim pou te fè kan nan Dibon-Gad.
ויסעו מעיים ויחנו בדיבן גד׃
46 Yo te vwayaje soti nan Dibon-Gad pou te fè kan nan Almon-Diblathaïm.
ויסעו מדיבן גד ויחנו בעלמן דבלתימה׃
47 Yo te vwayaje soti nan Almon-Diblathaïm pou te fè kan nan mòn Abarim yo devan Nebo.
ויסעו מעלמן דבלתימה ויחנו בהרי העברים לפני נבו׃
48 Yo te vwayaje soti nan mòn Abarim yo pou te fè kan nan plèn a Moab yo akote Jourdain an, anfas Jéricho.
ויסעו מהרי העברים ויחנו בערבת מואב על ירדן ירחו׃
49 Yo te fè kan akote Jourdain an, soti nan Beth-Jeschimoth pou jis rive nan Abel-Sittim nan plèn a Moab yo.
ויחנו על הירדן מבית הישמת עד אבל השטים בערבת מואב׃
50 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse nan plèn a Moab yo akote Jourdain an anfas Jéricho. Li te di:
וידבר יהוה אל משה בערבת מואב על ירדן ירחו לאמר׃
51 Pale avèk fis Israël yo e di yo, “Lè nou fin travèse Jourdain an pou antre nan peyi Canaran an,
דבר אל בני ישראל ואמרת אלהם כי אתם עברים את הירדן אל ארץ כנען׃
52 alò, nou va chase deyò tout abitan nan peyi a soti devan nou. Nou va detwi tout zidòl taye an wòch pa yo, detwi tout imaj fonn yo, e kraze nèt tout wo plas yo.
והורשתם את כל ישבי הארץ מפניכם ואבדתם את כל משכיתם ואת כל צלמי מסכתם תאבדו ואת כל במתם תשמידו׃
53 “Konsa, nou va pran posesyon peyi a pou viv ladann. Paske Mwen te bay peyi a a nou pou posede li.
והורשתם את הארץ וישבתם בה כי לכם נתתי את הארץ לרשת אתה׃
54 Nou va eritye teren an pa tiraj osò selon fanmi nou yo. Pou pi gran fanmi yo, eritaj la va vin plis, pou pi piti yo, nou va bay mwens nan eritaj la. Nenpòt lè tiraj osò a tonbe sou nenpòt fanmi, sila a va pou li. Nou va eritye pa tribi a zansèt nou yo.
והתנחלתם את הארץ בגורל למשפחתיכם לרב תרבו את נחלתו ולמעט תמעיט את נחלתו אל אשר יצא לו שמה הגורל לו יהיה למטות אבתיכם תתנחלו׃
55 “Men si nou pa pouse mete deyò, tout abitan peyi a devan nou, alò, li va vin rive ke sila ke nou kite pami nou yo, va vin pike zye nou. Yo va devni tankou pikan bò kote nou, e yo va twouble nou nan peyi kote nou rete a.
ואם לא תורישו את ישבי הארץ מפניכם והיה אשר תותירו מהם לשכים בעיניכם ולצנינם בצדיכם וצררו אתכם על הארץ אשר אתם ישבים בה׃
56 Epi li va rive ke sa M te anvizaje fè yo, M ap vin fè l nou.”
והיה כאשר דמיתי לעשות להם אעשה לכם׃

< Resansman 33 >