< Resansman 3 >

1 Alò sa yo se chif desandan a Aaron avèk Moïse nan tan lè SENYÈ a te pale avèk Moïse sou Mòn Sinaï a.
Voici les générations d’Aaron et de Moïse, au jour que le Seigneur parla à Moïse sur la montagne de Sinaï.
2 Sa yo se non a fis Aaron yo: Nadab, premye ne a, Abith, Éléazar ak Ithamar.
Et voici les noms des fils d’Aaron: Son premier-né Nadab, ensuite Abiu, Eléazar et Ithamar.
3 Sa yo se non a fis Aaron yo, prèt onksyone ke li te konsakre pou sèvi kòm prèt yo.
Tels sont les noms des fils d’Aaron, prêtres qui furent oints, et dont les mains furent remplies et consacrées pour qu’ils exerçassent les fonctions du sacerdoce.
4 Men Nadab avèk Abihu te mouri devan SENYÈ a lè yo te ofri dife etranje devan SENYÈ a nan dezè Sinaï a. Yo pa t gen pitit. Konsa, Éléazar avèk Ithamar te sèvi kòm prèt pandan papa yo, Aaron, t ap viv.
Or Nadab et Abiu moururent sans enfants lorsqu’ils offraient un feu étranger en la présence du Seigneur dans le désert de Sinaï; et Eléazar et Ithamar exercèrent les fonctions du sacerdoce devant Aaron leur père.
5 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
Et le Seigneur parla à Moïse, disant:
6 “Mennen tribi Levi a vin pre ou, e fè yo chita devan Aaron, prèt la, pou yo kapab sèvi li.
Fais approcher la tribu de Lévi, et fais-les tenir en la présence d’Aaron, le prêtre, afin qu’ils le servent, et qu’ils veillent;
7 Yo va ranpli devwa pou li ak pou tout kongregasyon an devan tant asanble a, pou fè sèvis tabènak la.
Qu’ils observent aussi tout ce qui appartient au culte de la multitude devant le tabernacle de témoignage;
8 Yo va osi kenbe tout zafè ki founi tant asanble a, ansanm avèk devwa a fis Israël yo, pou fè sèvis tabènak la.
Qu’ils gardent les vases du tabernacle, servant pour son ministère.
9 Konsa ou va bay Levit yo a Aaron avèk fis li yo; yo va bay nèt a li pami fis Israël yo.
Et tu donneras en dons les Lévites
10 Konsa, ou va chwazi Aaron avèk fis li yo pou yo kapab ranpli fonksyon prèt yo, men nenpòt lòt moun ki pwoche va vin mete a lanmò.”
À Aaron et à ses fils auxquels ils ont été accordés par les enfants d’Israël. Mais tu établiras Aaron et ses fils dans les fonctions du sacerdoce. L’étranger qui approchera pour exercer le ministère, mourra.
11 Ankò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
Le Seigneur parla encore à Moïse, disant:
12 “Alò, veye byen, Mwen te pran Levit yo pami fis Israël yo olye de chak premye ne, premye bebe a chak vant pami fis Israël yo. Konsa, Levit yo se pa M.
J’ai pris les Lévites d’entre les enfants d’Israël, à la place de tout premier-né qui ouvre un sein parmi les enfants d’Israël, et les Lévites seront à moi.
13 Paske, tout premye ne se pa M yo ye. Nan jou ke M te frape tout premye ne nan peyi Égypte yo, Mwen te sanktifye pou Mwen menm tout premye ne an Israël yo soti nan lòm pou rive nan bèt yo. Yo va pou Mwen; Mwen se SENYÈ a.”
Car tout premier-né est à moi, depuis que j’ai frappé les premiers-nés dans la terre d’Egypte, j’ai consacré pour moi tout ce qui naît le premier en Israël, depuis l’homme jusqu’à la bête: Je suis le Seigneur.
14 Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse nan dezè Sinaï a. Li te di:
Le Seigneur parla de nouveau à Moïse dans le désert de Sinaï, disant:
15 “Konte fis a Levi yo selon lakay papa pa yo, pa fanmi yo; tout gason soti nan laj a yon mwa oswa plis, ou va konte yo.”
Dénombre les enfants de Lévi, selon les maisons de leurs pères et leurs familles, tout mâle d’un mois et au-dessus.
16 Alò, Moïse te konte yo selon pawòl a SENYÈ a, jis jan ke li te kòmande a.
Moïse les dénombra, comme avait ordonné le Seigneur,
17 Konsa, se sa yo ki te fis a Levi yo pa non yo: Guerschon, Kehath, ak Merari.
Et furent trouvés les enfants de Lévi, selon leurs noms, Gerson, Caath et Mérari.
18 Sa se non a fis a Guerschon yo selon fanmi pa yo: Libni ak Schimeï;
Les fils de Gerson: Lebni et Séméi.
19 Fis a Kehath yo selon fanmi pa yo: Amram, Jitsehar, Hébron ak Uziel;
Les fils de Caath: Amram, Jésaar, Hébron et Oziel.
20 Fis a Merari yo selon fanmi pa yo: Machli ak Muschi. Sa yo se fanmi Levit yo selon lakay papa pa yo.
Les fils de Mérari: Moholi et Musi.
21 Nan Guerschon te sòti fanmi a Libni yo ak fanmi a Schimeï yo. Sa yo se te fanmi a Gèchonit yo.
De Gerson sont sorties deux familles, la Lebnitique et la Séméitique,
22 Nan mesye konte yo tout gason soti nan yon mwa oswa plis te vin konte nan sèt-mil-senk-san.
Dont la population du sexe masculin depuis un mois et au-dessus dénombrée, fut de sept mille cinq cents.
23 Fanmi a Gèchonit yo te toujou gen pou fè kan dèyè tabènak la nan kote lwès la.
Ceux-ci camperont derrière le tabernacle, vers l’occident,
24 Chèf a lakay papa yo pami Gèchonit yo te Élaisaph, fis a Laël la.
Sous le prince Eliasaph, fils de Laël.
25 Alò, devwa a fis Guerschon yo nan tant asanble a se te tabènak la avèk tant lan, kouvèti li, rido pòtay tant asanble a,
Et ils auront la garde dans le tabernacle d’alliance,
26 bagay pandye sou galeri a, ki antoure tabènak la ak lotèl la, e kòd li yo avèk tout sèvis konsènan li yo.
Du tabernacle lui-même et de sa couverture, du voile qu’on tire devant la porte du toit d’alliance, et des rideaux du parvis, ainsi que du voile qui est suspendu à l’entrée du parvis du tabernacle, et de tout ce qui appartient au ministère de l’autel, les cordages du tabernacle et tous ses ustensiles.
27 Nan Kehath, te sòti fanmi a Amramit yo, fanmi Jitseharit yo, fanmi Ebwonit yo avèk fanmi Izyelit yo. Sila yo se te fanmi a Kehath yo.
La parenté de Caath aura les peuples Amramites, Jésaarites, Hébronites et Oziélites. Ce sont là les familles des Caathites recensées selon leurs noms.
28 Nan konte tout gason nan laj yon mwa oswa plis, te gen ui-mil-sis-san ki t ap fè devwa sanktyè a.
Tous ceux du genre masculin depuis un mois et au-dessus, huit mille six cents auront la garde du sanctuaire,
29 Fanmi a Kehath yo te gen pou fè kan nan kote sid a tabènak la,
Et ils camperont vers le côté méridional;
30 epi chèf a tout kay papa yo pou Kehath yo se te Élitsaphan, fis a Uziel la.
Et leur prince sera Elisaphan, fils d’Oziel.
31 Alò, devwa pa yo se te lach la, tab la, chandelye a, lotèl yo, tout zouti pou sèvis sanktyè a, rido a, ak tout sèvis ki fèt avèk yo.
Ainsi ils garderont l’arche, la table, le chandelier, les autels, les vases du sanctuaire avec lesquels se fait le service, le voile et tous les objets semblables:
32 Éléazar, fis a Aaron an se te chèf an tèt a chèf Levit yo, e li te responsab pou tout sila ki te fè devwa sanktyè a.
Mais le prince des princes des Lévites, Eléazar fils d’Aaron le prêtre, sera au-dessus de ceux qui veilleront à la garde du sanctuaire.
33 Nan Merari, te sòti fanmi a Machli yo ak fanmi Muschi yo. Se sa yo ki te fanmi a Merari yo.
Mais de Mérari sortiront les familles Moholites et Musites, recensées selon leurs noms.
34 Mesye pa yo ki te konte pa tout gason ak laj yon mwa oswa plis yo, te si-mil-de-san.
Tous les mâles depuis un mois et au-dessus sont au nombre de six mille deux cents.
35 Chèf a lakay papa Merari yo se te Tsuriel, fis a Abihaïl la. Yo te gen pou fè kan sou kote nò a tabènak la.
Leur prince est Suriel, fils d’Abihaïel: c’est au côté septentrional qu’ils camperont.
36 Alò, devwa a fis Merari yo se te pou okipe ankadreman tabènak la, poto li yo, baz reseptikal li yo, tout bagay sa yo avèk sèvis ki konsène yo,
Seront sous leur garde: les ais du tabernacle, les leviers, les colonnes et leurs soubassements, et tout ce qui appartient à un tel service;
37 ak pilye ki antoure galeri a, avèk baz reseptikal pa yo avèk pikèt ak kòd yo.
Et les colonnes autour du parvis avec leurs soubassements, et les pieux avec leurs cordages.
38 Alò, sila ki te gen pou fè kan devan tabènak la vè lès la devan tant asanble a, vè solèy leve a, se te Moïse avèk Aaron avèk fis li yo, ki pou fè devwa sanktyè yo, pou ranpli obligasyon a fis Israël yo. Men nenpòt moun ki pa prèt va vin mete a lanmò si li vin toupre.
Devant le tabernacle d’alliance, c’est-à-dire vers le côté oriental, camperont Moïse et Aaron avec ses fils, ayant la garde du sanctuaire, au milieu des enfants d’Israël; tout étranger qui s’en approchera, mourra.
39 Tout mesye ki te konte pami Levit yo, ke Moïse avèk Aaron te konte selon kòmand a SENYÈ a, pa fanmi pa yo, tout gason ki te gen yon mwa oswa plis, te venn-de-mil.
Tous les Lévites que dénombrèrent Moïse et Aaron d’après le commandement du Seigneur, selon leurs familles, parmi les mâles d’un mois et au-dessus, furent vingt-deux mille.
40 Konsa, SENYÈ a te di a Moïse: “Konte tout gason, premye ne pami fis Israël yo soti nan laj yon mwa oswa plis, e fè yon chif ak non yo.
Le Seigneur dit encore à Moïse: Dénombre les premiers-nés mâles d’entre les enfants d’Israël, depuis un mois et au-dessus, et tu en tiendras compte.
41 Ou va pran Levit yo pou Mwen—Mwen se SENYÈ a—olye de premye ne pami fis Israël yo; ak bèt a Levit yo olye de tout premye ne nan bèt a fis Israël yo.”
Et tu prendras pour moi les Lévites à la place de tout premier-né des enfants d’Israël; je suis le Seigneur; et leurs bestiaux à la place de tous les premiers-nés des bestiaux des enfants d’Israël.
42 Konsa, Moïse te konte tout premye ne pami fis Israël yo, jan SENYÈ a te kòmande li a.
Moïse recensa, comme avait ordonné le Seigneur, les premiers-nés des enfants d’Israël;
43 Tout premye ne nan gason yo soti nan laj a yon mwa oswa plis, mesye ki te konte pou yo te venn-de-mil-de-san-swasann-trèz22,273
Et les mâles, selon leurs noms, depuis un mois et au-dessus, furent vingt-deux mille deux cent soixante-treize.
44 SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
Le Seigneur parla encore à Moïse, disant:
45 “Pran Levit yo olye de tout premye ne pami fis Israël yo ak bèt a Levit yo olye bèt pa yo. Konsa, Levit yo va pou Mwen: Mwen se SENYÈ a.
Prends les Lévites à la place des premiers-nés des enfants d’Israël, et les bestiaux des Lévites à la place de leurs bestiaux, et les Lévites seront à moi. Je suis le Seigneur.
46 Pou ranson a de-san-swasann-trèz nan premye ne an Israël ki plis ke Levit yo,
Et pour le prix des deux cent soixante-treize d’entre les premiers-nés des enfants d’Israël qui dépassent le nombre des Lévites,
47 ou va pran senk sik pou chak, pa tèt. Ou va pran yo an valè sik sanktyè a (sik la se ven gera),
Tu prendras cinq sicles pour chaque tête, selon la mesure du sanctuaire. Le sicle a vingt oboles.
48 epi bay Aaron avèk fis li lajan la, ki te peye pou ranson pa Levit yo.”
Et tu donneras l’argent à Aaron pour le prix de ceux qui sont de plus.
49 Moïse te pran lajan ranson an ki sòti nan sila ki te anplis sila ki te ransonen pa Levit yo;
Moïse prit donc l’argent de ceux qui étaient de plus, et qu’ils avaient rachetés des Lévites,
50 nan men a premye ne a fis Israël yo, li te pran lajan an an valè sik sanktyè a, mil-twa-san-swasann-senk sik.
Pour les premiers-nés des enfants d’Israël, mille trois cent soixante-cinq sicles selon le poids du sanctuaire;
51 Epi Moïse te bay lajan ranson an bay Aaron avèk fis li yo, selon kòmand a SENYÈ a, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.
Et il le donna à Aaron et à ses fils, selon la parole que lui avait ordonnée le Seigneur.

< Resansman 3 >