< Resansman 29 >

1 “‘Alò, nan setyèm mwa nan premye jou nan mwa a, nou va osi fè yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay ki di. Li va pou nou yon jou pou soufle twonpèt.
칠월에 이르러는 그 달 초일일에 성회로 모이고 아무 노동도 하지 말라 이는 너희가 나팔을 불 날이니라
2 Ou va ofri yon ofrann brile kòm yon odè ki bon a SENYÈ a: yon towo, yon belye, ak sèt mal mouton nan laj 1 nan, san defo;
너희는 수송아지 하나와 수양 하나와 일년 되고 흠 없는 수양 일곱을 여호와께 향기로운 번제로 드릴 것이며
3 osi, ofrann sereyal pa yo, farin fen mele avèk lwil: twa dizyèm efa pou towo a, de dizyèm pou belye a,
그 소제로는 고운 가루에 기름을 섞어서 쓰되 수송아지에는 에바 십분지 삼이요, 수양에는 에바 십분지 이요
4 epi yon dizyèm pou chak nan sèt jenn mouton yo.
어린 양 일곱에는 매 어린 양에 에바 십분지 일을 드릴 것이며
5 Ofri yon mal kabrit pou yon ofrann peche, pou fè ekspiyasyon pou nou,
또 너희를 속하기 위하여 수염소 하나를 속죄제로 드리되
6 anplis, ofrann brile a lalin nèf yo avèk ofrann sereyal li, ofrann brile ki fèt tout tan an avèk ofrann sereyal li, ofrann bwason pa li, selon òdonans pa yo, pou yon odè ki santi bon, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.
월삭의 번제와 그 소제와 상번제와 그 소제와 그 전제 외에 그 규례를 따라 향기로운 화제로 여호와께 드릴 것이니라
7 “‘Epi nan dizyèm jou nan setyèm mwa a, nou va fè yon konvokasyon sen, e nou va imilye nou. Nou p ap fè okenn travay.
칠월 십일에는 너희가 성회로 모일 것이요 마음을 괴롭게 하고 아무 노동도 하지 말 것이며
8 Nou va prezante yon ofrann brile bay SENYÈ a kòm yon odè ki santi bon: yon towo, yon belye, sèt mal mouton nan laj 1 nan, ki pa gen okenn defo;
너희는 수송아지 하나와 수양 하나와 일년 된 수양 일곱을 다 흠없는 것으로 여호와께 향기로운 번제를 드릴 것이며
9 epi ofrann sereyal pa yo, farin fen mele avèk lwil: twa dizyèm efa pou towo a, de dizyèm pou yon belye,
그 소제로는 고운 가루에 기름을 섞어서 쓰되 수송아지 하나에는 에바 십분지 삼이요, 수양 하나에는 에바 십분지 이요
10 yon dizyèm pou chak nan sèt jenn mouton yo;
어린 양 일곱에는 매 어린 양에 에바 십분지 일을 드릴 것이며
11 yon mal kabrit pou yon ofrann peche, anplis ke ofrann peche pou ekspiyasyon an, epi ofrann brile ki fèt tout tan an, avèk ofrann sereyal la, ak ofrann bwason pa li a.
또 수염소 하나를 속죄제로 드릴 것이니 이는 속죄제와 상번제와 그 소제와 그 전제 외에니라
12 “‘Nan kenzyèm jou a nan setyèm mwa a, nou va fè yon konvokasyon sen. Nou va obsève yon fèt a SENYÈ a pandan sèt jou.
칠월 십오일에는 너희가 너희 성회로 모일 것이요 아무 노동도 하지 말 것이며 칠일 동안 여호와 앞에 절기를 지킬 것이라
13 Nou va prezante yon ofrann brile, yon ofrann pa dife kòm yon odè ki santi bon a SENYÈ a: trèz towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan, ki san defo;
너희 번제로 여호와께 향기로운 화제를 드리되 수 송아지 열셋과 수양 둘과 일년된 수양 열 넷을 다 흠 없는 것으로 드릴 것이며
14 epi ofrann sereyal pa yo, farin fen mele avèk lwil: twa dizyèm efa pou chak nan trèz towo yo, de dizyèm pou chak nan de belye yo,
그 소제로는 고운 가루에 기름을 섞어서 수송아지 열셋에는 각기 에바 십분지 삼이요, 수양 둘에는 각기 에바 십분지 이요
15 epi yon dizyèm pou chak nan katòz belye yo;
어린 양 열넷에는 각기 에바 십분지 일을 드릴 것이며
16 epi yon mal mouton pou yon ofrann peche, anplis ofrann brile kontinyèl la, ofrann sereyal la, ak ofrann bwason pa li a.
또 수염소 하나를 속죄제로 드릴지니 상번제와 그 소제와 그 전제 외에니라
17 “‘Epi nan dezyèm jou a: douz towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan san defo;
둘째 날에는 수송아지 열둘과 수양 둘과 일년 되고 흠 없는 수양 열넷을 드릴 것이며
18 epi ofrann sereyal avèk ofrann bwason pa yo pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn mouton yo, pa nimewo a yo selon òdonans lan;
그 소제와 전제는 수송아지와 수양과 어린 양의 수효를 따라서 규례대로 할 것이며
19 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis ofrann kontinyèl la avèk ofrann sereyal ak ofrann bwason pa yo.
또 수염소 하나를 속죄제로 드릴지니 상번제와 그 소제와 그 전 제 외에니라
20 “‘Epi nan twazyèm jou a: onz towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan san defo;
세째 날에는 수송아지 열 하나와 수양 둘과 일년 되고 흠없는 수양 열넷을 드릴 것이며
21 epi ofrann sereyal pa yo, ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn mouton yo, selon nimewo òdonans lan;
그 소제와 전제는 수송아지와 수양과 어린 양의 수효를 따라서 규례대로 할 것이며
22 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile k ap fèt tout tan an, ofrann sereyal la, ak ofrann bwason pa li a.
또 수염소 하나를 속죄제로 드릴지니 상번제와 그 소제와 그 전제 외에니라
23 “‘Epi nan katriyèm jou a: de towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan san defo;
네째 날에는 수송아지 열과 수양 둘과 일년 되고 흠 없는 수양 열넷을 드릴 것이며
24 ofrann sereyal pa yo a ak ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn ti mouton yo, selon nimewo òdonans lan;
그 소제와 전제는 수송아지와 수양과 어린 양의 수효를 따라서 규례대로 할 것이며
25 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis ofrann brile ki fèt tout tan an, ofrann sereyal la ak ofrann bwason pa li.
또 수염소 하나를 속죄제로 드릴지니 상번제와 그 소제와 그 전제 외에니라
26 “‘Epi nan senkyèm jou a: nèf towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan san defo’
다섯째 날에는 수송아지 아홉과 수양 둘과 일년 되고 흠없는 수양 열넷을 드릴 것이며
27 epi ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou mouton yo selon nimewo òdonans lan;
그 소제와 전제는 수송아지와 수양과 어린 양의 수효를 따라서 규례대로 할 것이며
28 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile ki fèt tout tan an ak ofrann sereyal avèk ofrann bwason pa li a.
또 수염소 하나를 속죄제로 드릴지니 상번제와 그 소제와 그 전제 외에니라
29 “‘Alò, nan sizyèm jou a: uit towo, de belye, katòz mal mouton 1 nan san defo;
여섯째 날에는 수송아지 여덟과 수양 둘과 일년 되고 흠없는 수양 열넷을 드릴 것이며
30 epi ofrann sereyal yo ak ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn ti mouton yo, selon nimewo òdonans lan;
그 소제와 전제는 수송아지와 수양과 어린 양의 수효를 따라서 규례대로 할 것이며
31 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile ki fèt tout tan an avèk ofrann sereyal ak ofrann bwason pa li a.
또 수염소 하나를 속죄제로 드릴지니 상번제와 그 소제와 그 전제 외에니라
32 “‘Alò, nan setyèm jou a: sèt towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan, san defo;
일곱째 날에는 수송아지 일곱과 수양 둘과 일년 되고 흠 없는 수양 열넷을 드릴 것이며
33 epi ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason yo pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn mouton yo selon nimewo òdonans lan,
그 소제와 전제는 수송아지와 수양과 어린 양의 수효를 따라서 규례대로 할 것이며
34 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile ki fèt tout tan an, ofrann sereyal la ak ofrann bwason pa li a.
또 수염소 하나를 속죄제로 드릴지니 상번제와 그 소제와 그 전제 외에니라
35 “‘Nan uityèm jou a, nou va fè yon asanble solanèl; nou pa pou fè okenn travay di nan jou sa yo.
여덟째 날에는 거룩한 대회로 모일 것이요 아무 노동도 하지 말것이며
36 Men nou va prezante yon ofrann brile, yon ofrann pa dife kòm yon ofrann ki santi bon bay SENYÈ a: yon towo, yon belye, sèt mal mouton nan laj 1 nan san defo;
번제로 여호와께 향기로운 화제를 드리되 수송아지 하나와 수양 하나와 일년 되고 흠 없는 수양 일곱을 드릴 것이며
37 ofrann sereyal la ak ofrann bwason pa yo pou towo a, pou belye a ak pou jenn mouton yo, selon nimewo òdonans lan;
그 소제와 전제는 수송아지와 수양과 어린 양의 수효를 따라서 규례대로 할 것이며
38 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile ki fèt tout tan an ak ofrann sereyal la avèk ofrann bwason pa li a.
또 수염소 하나를 속죄제로 드릴지니 상번제와 그 소제와 그 전제 외에니라
39 “‘Nou va prezante sila yo bay SENYÈ a nan lè fèt apwente nou chwazi yo—anplis, ofrann ve nou yo ak ofrann bòn volonte nou yo—pou ofrann brile nou yo, pou ofrann sereyal pa nou yo, ofrann bwason pa nou yo ak ofrann lapè nou yo.’”
너희가 이 절기를 당하거든 여호와께 이같이 드릴지니 이는 너희 서원제나 낙헌제외에 번제, 소제, 전제, 화목제를 드릴 것이니라
40 Moïse te pale avèk fis Israël yo an akò avèk tout sa ke SENYÈ a te kòmande li yo.
모세가 여호와께서 자기로 명하신 모든 일을 이스라엘 자손에게 고하니라

< Resansman 29 >