< Resansman 28 >
1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
És szólt az Örökkévaló Mózeshez, mondván:
2 Bay lòd a fis Israël yo, e di yo: “Ou va fè atansyon pou prezante ofrann Mwen yo, manje Mwen pou ofrann pa dife Mwen yo, a yon odè ki santi bon anvè Mwen, nan lè ki deziye pou yo a.
Parancsold meg Izrael fiainak és mondd nekik: Áldozatomat, kenyeremet, tűzáldozataim szerint, kellemes illatul számomra, őrizzétek meg, hogy bemutassátok nekem a maga idejében.
3 Ou va di yo: ‘Sa se ofrann pa dife ke ou va ofri bay SENYÈ a: de mal mouton nan laj 1 nan, san defo, yon ofrann chak jou ki p ap janm sispann.
Mondd meg nekik: Ez a tűzáldozat, melyet az Örökkévalónak bemutassatok: egyéves juhokat, épeket, kettőt napjában égőáldozatul, állandóan.
4 Ou va ofri yon jenn mouton nan maten e lòt jenn mouton an nan aswè lè l fenk kòmanse fènwa;
Az egyik juhot készítsd el reggel, a másik, juhot készítsd el estefelé.
5 osi, yon dizyèm efa farin fen kòm yon ofrann sereyal mele avèk yon ka hin lwil ki bat.
És egy tized éfo lánglisztet ételáldozatul, elegyítve egy negyed hin törött olajjal.
6 Li se yon ofrann brile tout tan ki te òdone nan mòn Sinaï kòm yon odè ki bon, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.
Állandó égőáldozat, melyet elkészítettek a Szináj hegyén kellemes illatul, tűzáldozat az Örökkévalónak.
7 Epi ofrann bwason li va yon ka hin lwil pou chak mouton. Ou va vide yon ofrann bwason ak bwason fò a SENYÈ a, nan plas ki sen an.
És italáldozata egy negyed hin egy juhhoz, a szentélyben öntsd ki a részegítő italt italáldozatul az Örökkévalónak.
8 Lòt jenn mouton an, ou va ofri li nan aswè lè l fenk kòmanse fènwa. Menm jan ak ofrann sereyal maten an, ak ofrann bwason pa l, ou va ofri li, yon ofrann pa dife, yon odè ki bon bay SENYÈ a.
A második juhot pedig készítsd el estefelé; mint a reggelinek ételáldozatát és italáldozatát készítsd el kellemes illatú tűzáldozat gyanánt az Örökkévalónak.
9 “‘Epi nan jou Saba a, de jenn mouton mal san defo, ak de dizyèm a yon efa farin fen, kon yon ofrann sereyal, mele avèk lwil, avèk ofrann bwason li an:
A szombat napján pedig két juhot, egyéveset, épeket, meg két tized lánglisztet ételáldozatul, elegyítve olajjal, és italáldozatát.
10 Sila a se ofrann brile a chak Saba, anplis ke ofrann brile tout tan ki fèt kontinyèlman, ak ofrann bwason an.
A szombat égőáldozata ez szombatonként, az állandó égőáldozat és annak italáldozata mellett.
11 “‘Nan kòmansman a chak nan mwa nou yo, nou va prezante yon ofrann brile a SENYÈ a: de towo avèk yon belye, sèt jenn mal mouton, avèk laj 1 nan san defo,
Hónapjaitok elején pedig mutassatok be égőáldozatot az Örökkévalónak, két fiatal tulkot és egy kost, hét egyéves juhot, épeket.
12 epi twa dizyèm efa farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal pou chak towo; epi de dizyèm nan farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann pou yon sèl belye;
És három tized lánglisztet ételáldozatul, elegyítve olajjal, egy tulokhoz és két tized lánglisztet ételáldozatul, elegyítve olajjal, egy koshoz.
13 epi yon dizyèm efa farin fen mele avèk lwil kòm yon ofrann sereyal pou chak jenn mouton, kòm yon ofrann brile, yon odè ki santi bon, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.
És egy-egy tized lánglisztet ételáldozatul, elegyítve olajjal, egy juhhoz; égőáldozat az, kellemes illatul, tűzáldozat az Örökkévalónak.
14 Ofrann bwason pa yo a va avèk yon mwatye hin diven pou yon towo, yon tyè hin pou belye a, ak yon ka hin pou yon jenn mouton. Sa se ofrann brile a pou chak mwa pandan tout mwa nan ane yo.
Italáldozataik pedig egy fél hin legyen a tulokhoz, egyharmad hin a koshoz és egynegyed hin bor a juhhoz; ez az újhold égőáldozata újholdanként, az év hónapjai szerint.
15 Epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche bay SENYÈ a. Li va ofri anplis ke ofrann brile ki pou fèt tout tan yo avèk ofrann bwason li.
Meg egy kecskebak vétekáldozat gyanánt az Örökkévalónak; az állandó égőáldozaton kívül készíttessék el és italáldozata.
16 “‘Alò, nan katòzyèm jou a, nan premye mwa a, se va Pak SENYÈ a.
Az első hónapban, a hónap tizennegyedik napján, peszách van az Örökkévalónak.
17 Nan kenzyèm jou nan mwa a, va gen yon fèt pen san ledven ki va manje pandan sèt jou.
És tizenötödik napján ennek a hónapnak ünnep; hét napon át kovásztalant egyenek.
18 Nan premye jou fèt la, yon konvokasyon sen; nou pa pou fè okenn travay ki di.
Az első napon szent gyülekezés legyen, semmi szolgai munkát ne végezzetek.
19 Nou va prezante yon ofrann pa dife, yon ofrann brile bay SENYÈ a: de towo avèk yon belye ak sèt mal mouton nan laj 1 nan, ki san defo,
És mutassatok be tűzáldozatul égőáldozatot az Örökkévalónak: két fiatal tulkot, meg egy kost és hét egyéves juhot, épek legyenek nálatok.
20 avèk ofrann sereyal pa yo, nou va ofri farin fen mele avèk lwil. Nou va ofri twa dizyèm efa pou yon towo ak de dizyèm pou belye a.
Ételáldozatuk pedig lángliszt, elegyítve olajjal; három tizedet a tulokhoz és két tizedet készítsetek a koshoz;
21 Yon dizyèm efa, nou va ofri li pou chak nan sèt jenn mouton yo;
egy-egy tizedet készíts egy juhhoz, a hét juhhoz.
22 epi yon mal kabrit pou yon ofrann peche pou fè ekspiyasyon pou nou.
És egy bakot vétekáldozatnak, hogy engesztelést szerezzen értetek.
23 Nou va prezante sa yo anplis ke ofrann brile maten an, ki se pou yon ofrann brile k ap fèt tout tan.
A reggeli égőáldozaton kívül, mely az állandó égőáldozatra való, készítsétek el ezeket.
24 Nan menm jan sila a, nou va prezante li chak jou pandan sèt jou, manje a ofrann pa dife a, kòm yon odè ki santi bon a SENYÈ a. Li va prezante avèk ofrann bwason pa li an ki anplis ofrann brile k ap fèt tout tan an.
Ezek szerint készítsétek el naponta, hét napon át a kellemes illatú tűzáldozat kenyerét az Örökkévalónak; az állandó égőáldozat mellett készítsétek el, meg italáldozatát.
25 Nan setyèm jou a, nou va fè yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay ki di.
És a hetedik napon szent gyülekezés legyen nálatok, semmi szolgai munkát ne végezzetek.
26 “‘Osi, nan jou premye fwi yo, lè nou prezante yon ofrann sereyal nèf bay SENYÈ a nan fèt semèn yo, nou va fè yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay ki di.
A zsengék napján, midőn bemutattok új ételáldozatot az Örökkévalónak, heteitek ünnepén szent gyülekezés legyen nálatok, semmi szolgai munkát ne végezzetek.
27 Nou va ofri yon ofrann brile pou yon odè ki bon a SENYÈ a: de jenn towo, yon belye, sèt mal mouton nan laj 1 nan;
Mutassatok be égőáldozatot kellemes illatul az Örökkévalónak: két fiatal tulkot, egy kost, hét juhot, egyéveset.
28 epi ofrann sereyal pa yo, farin fen mele avèk lwil: twa dizyèm efa pou chak towo, de dizyèm pou yon belye.
És ételáldozatuk gyanánt lánglisztet, elegyítve olajjal, három tizedet egy tulokhoz, két tizedet egy koshoz;
29 Yon dizyèm pou chak nan sèt jenn mouton yo;
egy-egy tizedet egy juhhoz, a hét juhhoz.
30 osi yon mal kabrit pou fè ekspiyasyon pou nou.
Egy kecskebakot, hogy engesztelést szerezzen értetek.
31 Anplis, ofrann brile kontinyèl la avèk ofrann sereyal li an, nou va prezante yo avèk ofrann bwason pa yo a. Yo va san defo.
Az állandó égőáldozaton és annak ételáldozatán kívül készítsétek el, épek legyenek nálatok, és azok ételáldozatát.