< Resansman 27 >
1 Alò fis Tselophchad yo, fis a Hépher a, fis a Galaad la, fis a Makir a, fis a Manassé a, nan fanmi a Manassé, fis a Joseph la, te vin rapwoche; epi sila yo se non a fi li yo: Machia, Noe, Hogla, Milca, ak Thirtsa,
属约瑟的儿子玛拿西的各族,有玛拿西的玄孙,玛吉的曾孙,基列的孙子,希弗的儿子西罗非哈的女儿,名叫玛拉、挪阿、曷拉、密迦、得撒。她们前来,
2 Yo te kanpe devan Moïse ak Éléazar, prèt la, ak devan chèf a tout kongregasyon yo, nan pòtay a tant asanble a, e te di:
站在会幕门口,在摩西和祭司以利亚撒,并众首领与全会众面前,说:
3 “Papa nou te mouri nan dezè a. Malgre sa, li pa t pami konpanyen a sila ki te rasanble yo menm kont SENYÈ a nan konpanyen a Koré yo, men li te mouri nan pwòp peche pa li. E li pa t gen fis.
“我们的父亲死在旷野。他不与可拉同党聚集攻击耶和华,是在自己罪中死的;他也没有儿子。
4 Poukisa non a papa nou ta dwe retire soti nan fanmi li akoz ke li pa t gen fis? Bannou yon posesyon pami frè a papa nou yo.”
为什么因我们的父亲没有儿子就把他的名从他族中除掉呢?求你们在我们父亲的弟兄中分给我们产业。”
5 Alò, Moïse te mennen ka yo devan SENYÈ a.
于是,摩西将她们的案件呈到耶和华面前。
6 SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
耶和华晓谕摩西说:
7 “Fi a Tselophchad yo gen rezon nan sa yo di a. Ou va, vrèman, ba yo yon posesyon eritaj pami frè a papa yo, e ou va transfere eritaj a papa yo a ba yo menm.
“西罗非哈的女儿说得有理。你定要在她们父亲的弟兄中,把地分给她们为业;要将她们父亲的产业归给她们。
8 “Anplis, ou va pale avèk fis Israël yo e di: ‘Si yon nonm mouri e li pa t gen fis, ou va transfere eritaj li a bay fi li.
你也要晓谕以色列人说:‘人若死了没有儿子,就要把他的产业归给他的女儿。
9 Si li pa gen fi, alò, ou va bay eritaj li a a frè li yo.
他若没有女儿,就要把他的产业给他的弟兄。
10 Si li pa gen frè, alò, ou va bay eritaj li a a frè papa li yo.
他若没有弟兄,就要把他的产业给他父亲的弟兄。
11 Si papa li pa gen frè, alò, ou va bay eritaj li a a fanmi ki pi prè nan pwòp fanmi li. Li va posede li. Konsa, sa va yon règleman nèt pou fis Israël yo jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.’”
他父亲若没有弟兄,就要把他的产业给他族中最近的亲属,他便要得为业。’这要作以色列人的律例典章,是照耶和华吩咐摩西的。”
12 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Monte nan mòn Abarim nan, pou wè peyi ke Mwen te bay a fis Israël yo.
耶和华对摩西说:“你上这亚巴琳山,观看我所赐给以色列人的地。
13 Lè ou fin wè li, ou va vin rasanble vè zansèt ou yo, jan sa te rive avèk frè ou a, Aaron.
看了以后,你也必归到你列祖那里,像你哥哥亚伦一样。
14 Paske, nan dezè Tsin nan, pandan asanble a t ap fè kont, ou te fè rebèl kont lòd Mwen pou trete Mwen tankou sen devan zye yo kote dlo a.” (Sila yo se dlo a Meriba yo nan Kadés nan dezè a Tsin nan.)
因为你们在寻的旷野,当会众争闹的时候,违背了我的命,没有在涌水之地、会众眼前尊我为圣。”(这水就是寻的旷野加低斯米利巴水。)
15 “Alò, Moïse te pale avèk SENYÈ a. Li te di:
摩西对耶和华说:
16 Ke SENYÈ a, Bondye a lespri tout chè yo, ta chwazi yon mesye sou kongregasyon an,
“愿耶和华万人之灵的 神,立一个人治理会众,
17 ki va sòti e antre devan yo, ki va mennen yo deyò, e rale yo antre, pou kongregasyon SENYÈ a pa devni tankou yon mouton ki san bèje.”
可以在他们面前出入,也可以引导他们,免得耶和华的会众如同没有牧人的羊群一般。”
18 Konsa SENYÈ a te di a Moïse: “Pran Josué, fis a Nun nan, yon nonm nan sila Lespri a rete a, e poze men ou sou li.
耶和华对摩西说:“嫩的儿子约书亚是心中有圣灵的;你将他领来,按手在他头上,
19 Konsa, fè li kanpe devan Éléazar, prèt la, ak devan tout kongregasyon an, e ba li lòd komisyon an devan zye yo.
使他站在祭司以利亚撒和全会众面前,嘱咐他,
20 Ou va mete otorite pa w sou li, pou tout kongregasyon a fis Israël yo kapab obeyi a li menm.
又将你的尊荣给他几分,使以色列全会众都听从他。
21 Anplis, li va kanpe devan Éléazar, prèt la, ki va fè ankèt pou li selon jijman a Orim nan devan SENYÈ a. A kòmand pa li, yo va sòti e a kòmand pa li, yo va antre, ni li, ni fis Israël yo avèk li menm, tout kongregasyon an menm.”
他要站在祭司以利亚撒面前;以利亚撒要凭乌陵的判断,在耶和华面前为他求问。他和以色列全会众都要遵以利亚撒的命出入。”
22 Moïse te fè jis sa ke SENYÈ a te kòmande li. Li te pran Josué e te mete li devan Éléazar, prèt la, avèk tout kongregasyon an.
于是摩西照耶和华所吩咐的将约书亚领来,使他站在祭司以利亚撒和全会众面前,
23 Konsa, li te poze men li sou li e te bay li lòd komisyon an, jis jan ke SENYÈ a te pale pa Moïse la.
按手在他头上,嘱咐他,是照耶和华借摩西所说的话。