< Resansman 24 >

1 Lè Balaam te wè ke sa te fè SENYÈ a plezi pou beni Israël, li pa t ale tankou lòt fwa yo pou chache wanga, men li te fikse figi li vè dezè a.
E quando viu Balaão que parecia bem ao SENHOR que o abençoasse a Israel, não foi, como a primeira e segunda vez, a encontro de agouros, mas sim que pôs seu rosto até o deserto;
2 Konsa, Balaam te leve zye li anwo, li te wè Israël ki t ap fè kan, tribi pa tribi; epi Lespri Bondye te vini sou li.
E levantando seus olhos, viu a Israel alojado por suas tribos; e o espírito de Deus veio sobre ele.
3 Li te reprann diskou li e te di: “Pòt pawòl a Balaam nan, fis a Beor a, Pòt pawòl a nonm ki gen zye louvri a;
Então tomou sua parábola, e disse: Disse Balaão filho de Beor, E disse o homem de olhos abertos:
4 Pòt pawòl a sila ki koute pawòl a Bondye yo, ki wè vizyon Toupwisan an, ki t ap tonbe, men zye li gen tan vin debouche.
Disse o que ouviu os ditos de Deus, O que viu a visão do Todo-Poderoso; caído, mas abertos os olhos:
5 Ala tant nou yo bèl, O Jacob, ak abitasyon nou yo, O Israël!
Quão belas são tuas tendas, ó Jacó, Tuas habitações, ó Israel!
6 Tankou vale ki vin ouvri byen laj, tankou jaden ki bò kote rivyè yo, tankou plan lalwa ki plante pa SENYÈ a, tankou bwa sèd ki bò kote dlo yo.
Como ribeiros estão estendidas, Como jardins junto ao rio, Como aloés plantados pelo SENHOR, Como cedros junto às águas.
7 Dlo yo va koule nan bokit li yo, e jèm desandan li yo va bò kote anpil dlo. Wa li a va pi wo pase Agag, e wayòm li a va vin egzalte.
De suas mãos destilarão águas, E sua descendência será em muitas águas: E se levantará seu rei mais que Agague, E seu reino será exaltado.
8 Bondye mennen l sòti an Égypte. Li pou li tankou kòn a yon bèf mawon. Li va devore nasyon ki advèsè li yo. Li va kraze zo yo an mòso, Li va kraze yo avèk flèch li yo.
Deus o tirou do Egito; Tem forças como de boi selvagem: Comerá às nações suas inimigas, E esmiuçará seus ossos, E perfurará com suas flechas.
9 Li koube ba, li kouche tankou yon lyon; tankou yon manma lyon. Se kilès ki kab tante deranje l? Beni se tout moun ki beni ou, e modi se tout moun ki modi ou.”
Se encurvará para deitar-se como leão, E como leoa; quem o despertará? Benditos os que te abençoarem, E malditos os que te amaldiçoarem.
10 Konsa, kòlè Balak te brile kont Balaam. Li frape men l ansanm; epi li te di a Balaam: “Mwen te rele ou pou modi lènmi mwen yo, men gade, ou te pèsiste nan beni yo menm twa fwa sa yo!
Então se acendeu a ira de Balaque contra Balaão, e batendo suas palmas lhe disse: Para amaldiçoar a meus inimigos te chamei, e eis que os abençoaste insistentemente já três vezes.
11 Pou sa, kouri ale nan plas ou koulye a. Mwen te di ke mwen ta onore ou anpil, men gade byen, SENYÈ a te anpeche ou resevwa onè a.”
Foge-te, portanto, agora a teu lugar: eu disse que te honraria, mas eis que o SENHOR te privou de honra.
12 Balaam te di a Balak: “Èske mwen pa t di mesaje ke ou te voye kote mwen yo:
E Balaão lhe respondeu: Não o declarei eu também a teus mensageiros que me enviaste, dizendo:
13 ke menm si Balak te ban mwen kay li plen avèk ajan ak lò, ke m pa t kab fè anyen kontrè ak lòd SENYÈ a, kit bon kit mal nan pwòp volonte pa m. Sa ke SENYÈ a pale a, se sa mwen va pale?
Se Balaque me desse sua casa cheia de prata e ouro, eu não poderei transgredir o dito do SENHOR para fazer coisa boa nem má de minha vontade; mas o que o SENHOR falar, isso direi eu?
14 Epi koulye a, veye byen, mwen ap prale kote pèp mwen an. Vini, mwen va bay ou konsèy sou sa ke pèp sa a va fè a pèp pa ou a nan jou k ap vini yo.”
Eis que eu me vou agora a meu povo: portanto, vem, te indicarei o que este povo há de fazer a teu povo nos últimos dias.
15 Li te reprann diskou li e te di: “Pòt pawòl a Balaam nan, fis a Beor a, e pòt pawòl a nonm avèk zye louvri a di,
E tomou sua parábola, e disse: Disse Balaão filho de Beor, Disse o homem de olhos abertos:
16 Li di ki tande pawòl Bondye yo, ki gen konesans a Trè Wo a, ki wè vizyon a Toupwisan an, k ap tonbe, men ak zye li ki gen tan fin ouvri.
Disse o que ouviu os ditos do SENHOR, E o que sabe o conhecimento do Altíssimo, o que viu a visão do Todo-Poderoso; caído, mas abertos os olhos:
17 Mwen wè li, men pa koulye a. Mwen gade l, men pa toupre. Yon zetwal va sòti nan Jacob. Yon baton a wa va leve sòti an Israël. Li va kraze travèse fwon Moab la, e li va dechire tout fis a Seth yo.
Verei, mas não agora: O olharei, mas não de perto: Sairá estrela de Jacó, E se levantará cetro de Israel, E ferirá os cantos de Moabe, E destruirá a todos os filhos de Sete.
18 Édom va yon posesyon pou li. Séir, lènmi li, osi, va yon posesyon pou li, pandan Israël ap aji avèk gwo kouraj.
E será tomada Edom, Será também tomada Seir por seus inimigos, E Israel se portará corajosamente.
19 Youn ki soti nan Jacob va gen tout pouvwa, li va detwi retay lavil la.”
E o de Jacó será dominador, E destruirá da cidade o que restar.
20 Li te gade Amalec. Li te reprann diskou li e li te di: “Amalec se te premye nan nasyon yo, men lafen li pi lwen se destriksyon.”
E vendo a Amaleque, tomou sua parábola, e disse: Amaleque, cabeça de nações; Mas seu fim perecerá para sempre.
21 Epi li te gade Kenizyen nan, li te reprann diskou li e li te di: “Kote ou rete a, gen andirans. Nich kote ou chita nan falèz la.
E vendo aos queneus, tomou sua parábola, e disse: Forte é tua habitação, Põe na rocha tua ninho:
22 Malgre, Cain va gate nèt, jis lè Asiryen yo pote nou ale an kaptif?”
Que os queneus serão expulsos, Quando Assur te levará cativo.
23 Epi li te vin reprann diskou li. Li te di: “Ay, kilès ki ka viv lè Bondye fè sa a?
Todavia tomou sua parábola, e disse: Ai! quem viverá quando fizer Deus estas coisas?
24 Men gwo bato yo va sòti nan kòt Kittim. Yo va pini Asiryen yo, yo va aflije Éber. Men li menm tou va vin detwi.”
E virão navios da costa de Quitim, E afligirão a Assur, afligirão também a Éber: Mas ele também perecerá para sempre.
25 Konsa, Balaam te leve e te pati pou retounen nan plas li, e Balak osi te al fè wout li.
Então se levantou Balaão, e se foi, e voltou-se a seu lugar: e também Balaque se foi por seu caminho.

< Resansman 24 >