< Resansman 23 >
1 Alò, Balaam te di a Balak: “Bati sèt lotèl pou mwen isit la, e prepare sèt towo pou mwen isit la.”
バラム、バラクに言けるは我ために此に七個の壇を築き此に七匹の牡牛と七匹の牡羊を備へよと
2 Balak te fè ojis sa ke Balaam te pale a. Balak avèk Balaam te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl.
バラクすなはちバラムの言るごとく爲しバラクとバラムその壇ごとに牡牛一匹と牡羊一匹を献げたり
3 Balaam te di a Balak: “Kanpe bò kote ofrann brile pa w la, e mwen va ale. Petèt SENYÈ a va vin rankontre m, e nenpòt sa ke Li montre mwen, mwen va di ou li.” Konsa, li te ale kote yon ti mòn ki pa t gen anyen sou li.
而してバラムはバラクにむかひ汝は燔祭の傍に立をれ我は往んとすヱホバあるひは我に來りのぞみたまはんその我に示したまふところの事は凡てこれを汝に告んと言て一の高處に登たるに
4 Bondye te rankontre Balaam, e li te di Li: “Mwen te ranje sèt lotèl yo, e mwen te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl.”
神バラムに臨みたまひければバラムこれに言けるは我は七箇の壇を設けその壇ごとに牡牛一匹と牡羊一匹を献げたりと
5 Konsa, SENYÈ a te mete yon pawòl nan bouch Balaam. Li te di: “Retounen kote Balak. Ou va pale konsa.”
ヱホバ、バラムの口に言を授けて言たまはく汝バラクの許に歸りて斯いふべしと
6 Konsa, li te retounen kote li. E gade byen, Balak te kanpe bò kote ofrann brile li a; li menm avèk tout chèf Moab yo.
彼すなはちバラクの許に至るにバラクはモアブの諸の牧伯等とともに燔祭の傍に立をる
7 Balaam te pran diskou li, e te di: “Depi nan Aram, Balak te mennen m, wa Moab ki soti nan mòn Lès yo. ‘Vin modi Jacob pou mwen. Vin denonse Israël!’
バラムすなはちこの歌をのべて云くモアブの王バラク、スリアより我を招き寄せ東の邦の山より我を招き寄て云ふ來りて我ためにヤコブを詛へ來りてわがためにイスラエルを呪れと
8 Kijan mwen kapab modi, lè Bondye pa t modi? Epi kijan mwen kapab denonse sila ke SENYÈ a pa t denonse?
神の詛はざる者を我いかで詛ふことを得んやヱホバの呪らざる者を我いかで呪ることを得んや
9 “Jan mwen konn wè li soti anwo nan pwent wòch yo, e mwen gade li depi sou kolin yo. Gade byen, yon pèp ki rete apa, ki p ap kab konte pami nasyon yo.
磐の頂より我これを觀岡の上より我これを望むこの民は獨り離れて居ん萬の民の中に列ぶことなからん
10 Kilès ki kab konte pousyè a Jacob, oswa konte menm yon ka an Israël? Kite mwen mouri lanmò a jis yo, pou lafen pa mwen an tankou pa li.”
誰かヤコブの塵を計へ得んやイスラエルの四分一を數ふることを能せんや願くは義人のごとくに我死ん願くはわが終これが終にひとしかれ
11 Konsa, Balak te di a Balaam: “Kisa ou te fè m konsa? Mwen te pran ou pou modi lènmi mwen yo, e gade byen, ou te vrèman beni yo!”
是においてバラク、バラムに言けるは汝我に何を爲や我はわが敵を詛はしめんとて汝を携きたりしなるに汝はかへつて全くこれを祝せり
12 Li te reponn: “Èske mwen pa oblije fè atansyon pou pale sa ke SENYÈ a mete nan bouch mwen?”
バラムこたへて言けるは我は愼みてヱホバの我口に授る事のみを宣べきにあらずや
13 Alò Balak te di li: “Souple, vin avèk mwen nan yon lòt kote pou ou ka wè yo. Malgre w ap wè sèlman ti bout a dènye pwent lan, e ou p ap wè tout a yo. Modi yo pou mwen depi la.”
バラクこれに言けるは請ふ汝われとともに他の處に來りて其處より彼らを觀よ汝ただ彼らの極端のみを觀ん彼らを全くは觀ことを得ざるべし請ふ其處にて我ために彼らを詛へと
14 Konsa, li te pran li rive nan chan Tsophim nan, nan pwent Mòn Pigsa a. Li te bati sèt lotèl e li te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl.
やがて之を導きてピスガの嶺なる斥候の原に至り七箇の壇を築きて壇ごとに牡牛一匹と牡羊一匹を献たり
15 Konsa, li te di a Balak: “Kanpe bò kote ofrann brile ou a, pandan mwen menm, mwen ap rankontre SENYÈ a soti lòtbò.”
時にバラム、バラクに言けるは汝此にて燔祭の傍に立をれ我またも往て會見ゆることをせんと
16 Alò, SENYÈ a te rankontre Balaam e Li te mete yon pawòl nan bouch li. Li te di li: “Retounen jwenn Balak, e konsa ou va pale.”
ヱホバまたバラムに臨みて言をその口に授け汝バラクの許に歸りてかく言へとのたまひければ
17 Li te vin kote li, e gade byen, li te kanpe bò kote ofrann brile pa li a, epi chèf Moab yo te avèk li. Konsa, Balak te di li: “Kisa SENYÈ a te pale a?”
彼バラクの許にかへりけるにバラクは燔祭の傍に立をりモアブの牧伯等これとともに居りしがバラクすなはちバラムにむかひヱホバ何と言しやと問ければ
18 Alò, li te pran diskou li. Li te di: “Leve ou menm, O Balak, pou tande! Ban m zòrèy ou, O fis a Tsippor!
バラムまたこの歌を宣たり云くバラクよ起て聽けチッポルの子よ我に耳を傾けよ
19 Bondye se pa yon nonm ke li ye pou L ta bay manti, ni fis a yon nonm pou L ta repanti. Èske Li pa t pale, e èske Li p ap fè l vrè?
神は人のごとく謊ること无しまた人の子のごとく悔ること有ずその言ところは之を行はざらんやその語るところは之を成就ざらんや
20 Gade byen, mwen te resevwa lòd pou beni. Lè se Li menm ki beni, alò, mwen p ap kab revoke sa.
我はこれがために福祉をいのれとの命令を受く旣に之に福祉をたまへば我これを變るあたはざるなり
21 Li pa t wè malè nan Jacob, ni Li pa t wè twoub nan Israël. SENYÈ a, Bondye li a avè l, epi gran vwa a yon wa pami yo.
ヱホバ、ヤコブの中に惡き事あるを見ずイスラエルの中に憂患あるを見ずその神ヱホバこれとともに在し王を喜びて呼はる聲その中にあり
22 Bondye mennen yo sòti an Égypte. Li pou yo tankou kòn sou bèf mawon.
神かれらをエジプトより導き出したまふイスラエルは強きこと兕のごとし
23 Paske, nanpwen wanga kont Jacob, ni pa gen divinasyon kont Israël. Nan tan etabli a, li va pale a Jacob, e a Israël de sa Bondye te fè a!
ヤコブには魔術なしイスラエルには占卜あらず神はその爲ところをその時にヤコブに告げイスラエルにしめしたまふなり
24 Gade byen, yon pèp ki leve tankou yon manman lyon, tankou yon lyon li leve li menm. Ni li p ap kouche jiskaske li fin devore viktim nan, pou l bwè san a sila li touye a.”
觀よこの民は牝獅子のごとくに起あがり牡獅子のごとくに身を興さん是はその攫得たる物を食ひその殺しし物の血を飮では臥ことを爲じ
25 Alò, Balak te pale a Balaam: “Pa modi yo ditou, ni pa beni yo ditou!”
是においてバラクはバラムに向ひ汝かれらを詛ふことをも祝することをも爲なかれと言けるに
26 Men Balaam te reponn a Balak: “Èske mwen pa t di ou, ‘Nenpòt sa ke SENYÈ a pale, se sa mwen oblije fè’?”
バラムこたへてバラクに言ふ我はヱホバの宣まふ事は凡てこれを爲ざるを得ずと汝に告おきしにあらずやと
27 Alò Balak te di a Balaam: “Souple, vini; mwen va mennen ou yon lòt kote. Petèt li va agreyab a Bondye pou ou modi yo depi kote sa a.”
バラクまたバラムに言けるは請ふ來れ我なんぢを他の處に導き往ん神あるひは汝が其處より彼らを我ために詛ふことを善とせんと
28 Konsa, Balak te pran Balaam vè tèt mòn Peor ki domine tout dezè a.
バラクすなはちバラムを導きて曠野に對するペオルの嶺に至るに
29 Balaam te di a Balak, “Bati sèt lotèl pou mwen isit la, e prepare sèt towo ak sèt belye pou mwen isit la.”
バラム、バラクに言けるは我ために七箇の壇を此に築き牡牛七匹牡羊七匹を此に備へよと
30 Balak te fè jan ke Balaam te di a, e li te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl.
バラクすなはちバラムの言るごとく爲しその壇ごとに牡牛一匹と牡羊一匹を献たり