< Resansman 20 >
1 Konsa, fis Israël yo, tout kongregasyon an, te vini nan dezè a Tsin nan, nan premye mwa a. Pèp la te rete Kadès. Alò, Marie te mouri e li te antere la.
イスラエルの人々の全会衆は正月になってチンの荒野にはいった。そして民はカデシにとどまったが、ミリアムがそこで死んだので、彼女をそこに葬った。
2 Pa t gen dlo pou kongregasyon an, e yo te vin reyini yo menm kont Moïse avèk Aaron.
そのころ会衆は水が得られなかったため、相集まってモーセとアロンに迫った。
3 Konsa, pèp la te fè kont avèk Moïse e te pale pou di: “Si sèlman nou te mouri lè frè nou yo te mouri devan SENYÈ a!
すなわち民はモーセと争って言った、「さきにわれわれの兄弟たちが主の前に死んだ時、われわれも死んでいたらよかったものを。
4 Epi poukisa ou te mennen asanble SENYÈ a antre nan dezè sila a, pou nou menm avèk bèt nou yo vin mouri isit la?
なぜ、あなたがたは主の会衆をこの荒野に導いて、われわれと、われわれの家畜とを、ここで死なせようとするのですか。
5 Poukisa ou te fè nou sòti an Égypte pou mennen nou kote mechan sila a? Se pa yon kote ki gen, ni fig, ni grenad, ni pa gen dlo pou bwè.”
どうしてあなたがたはわれわれをエジプトから上らせて、この悪い所に導き入れたのですか。ここには種をまく所もなく、いちじくもなく、ぶどうもなく、ざくろもなく、また飲む水もありません」。
6 Moïse avèk Aaron te sòti nan prezans asanble a nan pòtay tant asanble a, e yo te tonbe sou figi yo. Alò, glwa a SENYÈ a te vin parèt a yo menm.
そこでモーセとアロンは会衆の前を去り、会見の幕屋の入口へ行ってひれ伏した。すると主の栄光が彼らに現れ、
7 Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
主はモーセに言われた、
8 “Pran baton an. Ou menm avèk frè ou a, Aaron, rasanble kongregasyon an e pale avèk wòch la devan zye yo, pou li kapab bay dlo pa li. Konsa, ou va fè dlo parèt pou yo sòti nan wòch la e kite kongregasyon an avèk bèt yo bwè.”
「あなたは、つえをとり、あなたの兄弟アロンと共に会衆を集め、その目の前で岩に命じて水を出させなさい。こうしてあなたは彼らのために岩から水を出して、会衆とその家畜に飲ませなさい」。
9 Konsa, Moïse te pran baton an soti devan SENYÈ a, jis jan ke Li te kòmande li a.
モーセは命じられたように主の前にあるつえを取った。
10 Epi Moïse avèk Aaron te reyini asanble a devan wòch la. Li te di yo: “Koute m koulye a, nou menm k ap fè rebèl; èske n ap fè dlo sòti nan wòch sila a?”
モーセはアロンと共に会衆を岩の前に集めて彼らに言った、「そむく人たちよ、聞きなさい。われわれがあなたがたのためにこの岩から水を出さなければならないのであろうか」。
11 Epi Moïse te leve men li e li te frape wòch la de fwa avèk baton an. Dlo te sòti an kantite, e kongregasyon an avèk bèt pa yo te bwè.
モーセは手をあげ、つえで岩を二度打つと、水がたくさんわき出たので、会衆とその家畜はともに飲んだ。
12 Men SENYÈ a te di a Moïse avèk Aaron: “Akoz ke nou pa kwè M, pou trete m tankou sen devan fis Israël yo; pou sa, nou p ap mennen asanble sila a antre nan peyi ke M te bay yo a.”
そのとき主はモーセとアロンに言われた、「あなたがたはわたしを信じないで、イスラエルの人々の前にわたしの聖なることを現さなかったから、この会衆をわたしが彼らに与えた地に導き入れることができないであろう」。
13 Sa yo se te dlo a Meriba yo, akoz fis a Israël yo te fè kont avèk SENYÈ a, e Li te fè prèv sentete Li pami yo.
これがメリバの水であって、イスラエルの人々はここで主と争ったが、主は自分の聖なることを彼らのうちに現された。
14 Soti nan Kadès, Moïse te voye mesaj vè wa Édom an: “Konsa frè ou a, Israël te pale: ‘Ou konnen tout traka ki gen tan pran nou;
さて、モーセはカデシからエドムの王に使者をつかわして言った、「あなたの兄弟、イスラエルはこう申します、『あなたはわたしたちが遭遇したすべての患難をご存じです。
15 ke zansèt nou yo te desann an Égypte, e ke nou te rete an Égypte pandan anpil tan, e ke Ejipsyen yo te maltrete nou anpil.
わたしたちの先祖はエジプトに下って行って、わたしたちは年久しくエジプトに住んでいましたが、エジプトびとがわたしたちと、わたしたちの先祖を悩ましたので、
16 Men lè nou te kriye fò bay SENYÈ a, Li te tande vwa nou. Li te voye yon zanj pou te mennen nou sòti an Égypte. Alò, gade byen, nou rive Kadès, yon vil nan fwontyè teritwa pa nou an.
わたしたちが主に呼ばわったとき、主はわたしたちの声を聞き、ひとりの天の使をつかわして、わたしたちをエジプトから導き出されました。わたしたちは今あなたの領地の端にあるカデシの町におります。
17 “Souple, kite nou pase nan peyi pa nou an. Nou p ap pase nan chan yo oswa nan rezen yo. Nou p ap menm bwè dlo nan yon pwi. Nou va ale bò kote chemen wa a, san vire ni adwat, ni agoch jiskaske nou fin pase nan tout teritwa nou an.”
どうぞ、わたしたちにあなたの国を通らせてください。わたしたちは畑もぶどう畑も通りません。また井戸の水も飲みません。ただ王の大路を通り、あなたの領地を過ぎるまでは右にも左にも曲りません』」。
18 “‘Men Édom te di li: “Ou p ap pase sou nou; sinon, mwen ap vini kont nou avèk nepe.”’”
しかし、エドムはモーセに言った、「あなたはわたしの領地をとおってはなりません。さもないと、わたしはつるぎをもって出て、あなたに立ちむかうでしょう」。
19 “Ankò, fis Israël yo te di li: ‘Nou va monte vè chemen an, e si Mwen avèk bèt mwen yo bwè nan dlo nou an; alò, m ap peye pri li. Kite mwen sèlman pase ladann a pye, anyen anplis.’”
イスラエルの人々はエドムに言った、「わたしたちは大路を通ります。もしわたしたちとわたしたちの家畜とが、あなたの水を飲むことがあれば、その価を払います。わたしは徒歩で通るだけですから何事もないでしょう」。
20 Men li te di: “Ou p ap pase ladann.” Epi Édom te sòti kont li avèk yon gwo fòs ak yon men pwisan.
しかし、エドムは「あなたは通ることはなりません」と言って、多くの民と強い軍勢とを率い、出て、これに立ちむかってきた。
21 Konsa, Édom te refize kite Israël pase nan teritwa pa li a. Pou sa Israël te vire kite li.
このようにエドムはイスラエルに、その領地を通ることを拒んだので、イスラエルはエドムからほかに向かった。
22 Alò, yo te sòti Kadès, epi fis Israël yo ak tout kongregasyon an te vini nan Mòn Hor.
こうしてイスラエルの人々の全会衆はカデシから進んでホル山に着いた。
23 SENYÈ a te pale avèk Moïse ak Aaron nan Mòn Hor akote fwontyè Édom an. Li te di:
主はエドムの国境に近いホル山で、モーセとアロンに言われた、
24 “Aaron va rasanble vè pèp li a; paske li pa pou antre nan peyi ke Mwen te bay a fis Israël yo, akoz nou te vin rebèl kont kòmand Mwen nan dlo a Meriba yo.
「アロンはその民に連ならなければならない。彼はわたしがイスラエルの人々に与えた地に、はいることができない。これはメリバの水で、あなたがたがわたしの言葉にそむいたからである。
25 Pran Aaron avèk fis li a, Éléazar e mennen yo nan Mòn Hor.
あなたはアロンとその子エレアザルを連れてホル山に登り、
26 Retire tout vètman yo sou Aaron e mete yo sou fis li a, Éléazar. Konsa, Aaron va rasanble vè pèp li a, e li va mouri la.”
アロンに衣服を脱がせて、それをその子エレアザルに着せなさい。アロンはそのところで死んで、その民に連なるであろう」。
27 Konsa Moïse te fè selon SENYÈ a te kòmande a. Yo te monte vè Mòn Hor devan zye a tout kongregasyon an.
モーセは主が命じられたとおりにし、連れだって全会衆の目の前でホル山に登った。
28 Lè Moïse te fin retire vètman yo sou Aaron, li te mete yo sou Éléazar. Aaron te mouri la sou tèt mòn nan.
そしてモーセはアロンに衣服を脱がせ、それをその子エレアザルに着せた。アロンはその山の頂で死んだ。そしてモーセとエレアザルは山から下ったが、
29 Lè tout kongregasyon an te wè ke Aaron te mouri, tout lakay Israël te kriye pou Aaron pandan trantjou.
全会衆がアロンの死んだのを見たとき、イスラエルの全家は三十日の間アロンのために泣いた。