< Resansman 2 >

1 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
Et l'Eternel parla à Moïse et à Aaron, en disant:
2 Fis Israël yo va fè kan, chak bò kote pwòp drapo pa yo, avèk drapo lakay papa zansèt pa yo. Yo va fè kan antoure tant asanble a, a yon distans.
Les enfants d'Israël camperont chacun sous sa bannière, avec les enseignes des maisons de leurs pères, tout autour du Tabernacle d'assignation, vis-à-vis de lui.
3 Alò, sila ki fè kan nan kote lès la vè solèy leve yo va sila nan drapo kan an Juda yo, selon lame pa yo. Chèf dirijan a fis Juda yo vaNachschon, fis a Amminadab la,
[Ceux de] la bannière de la compagnie de Juda camperont droit vers le Levant, par ses troupes; et Nahasson, fils de Hamminadab, sera le chef des enfants de Juda;
4 avèk lame pa li. Men mesye ki te konte yo, swasann-katòz-mil-sis-san.
Et sa troupe, et ses dénombrés, soixante-quatorze mille six cents.
5 Sila ki fè kan bò kote li yo va nan tribi Issacar. Chèf dirijan an va Nethaneel, fis a Tsuar a,
Près de lui campera la Tribu d'Issacar, et Nathanaël, fils de Tsuhar, [sera] le chef des enfants d'Issacar;
6 avèk lame pa li. Mesye ki te konte yo te senkant-kat-mil-kat-san.
Et sa troupe, et ses dénombrés, cinquante-quatre mille quatre cents.
7 Sila a va swiv pa Zabulon, avèk chèf dirijan fis Zabulon yo: Eliab, fis a Hélon an,
[Puis] la Tribu de Zabulon, et Eliab, fils de Hélon, sera le chef des enfants de Zabulon;
8 avèk lame pa li, men mesye ki te konte yo, senkant-sèt-mil-kat-san.
Et sa troupe, et ses dénombrés, cinquante-sept mille quatre cents.
9 Total a mesye ki te konte nan kan Juda a te: san-katreven-si-mil-kat-san selon lame pa yo. Yo va sòti avan.
Tous les dénombrés de la compagnie de Juda, cent quatre-vingt-six mille quatre cents par leurs troupes, partiront les premiers.
10 Nan kote sid la va gen drapo a kan Ruben an selon lame pa yo. Chèf a fis Ruben yo te: Élitsur fis a Schedéur a,
La bannière de la compagnie de Ruben, par ses troupes, sera vers le Midi, et Elitsur, fils de Sédéur, sera le chef des enfants de Ruben;
11 avèk lame pa li. Men mesye ki konte yo, karant-si-mil-senk-san.
Et sa troupe, et ses dénombrés, quarante-six mille cinq cents.
12 Sila ki fè kan bò kote li yo va nan tribi Siméon. Chèf a fis Siméon yo te: Schelumiel, fis a Tsurischaddaï la,
Près de lui campera la Tribu de Siméon, et Sélumiel, fils de Tsurisaddaï, sera le chef des enfants de Siméon;
13 avèk lame pa li. Mesye ki te konte yo te senkant-nèf-mil-twa-san.
Et sa troupe, et ses dénombrés, cinquante-neuf mille trois cents.
14 Swiv pa tribi Gad la, avèk chèf a fis Gad yo: Éliasapah, fis a Déuel la,
Puis la Tribu de Gad, et Eliasaph, fils de Réhuel, sera le chef des enfants de Gad;
15 avèk lame pa li. Men mesye ki te konte yo; karann-senk-mil-sis-san-senkant.
Et sa troupe, et ses dénombrés, quarante-cinq mille six cent cinquante.
16 Total a mesye konte nan kan Ruben an te: san-senkanteyen-mil-kat-san-senkant. Se yo k ap sòti nan dezyèm nan.
Tous les dénombrés de la compagnie de Ruben, cent cinquante et un mille quatre cent cinquante, par leurs troupes, partiront les seconds.
17 Konsa, tant asanble a va sòti avèk kan levit yo nan mitan kan yo. Menm jan ke yo fè kan an, konsa yo va sòti, chak moun nan plas li bò kote drapo pa li.
Ensuite le Tabernacle d'assignation partira avec la compagnie des Lévites, au milieu des compagnies qui partiront selon qu'elles seront campées, chacune en sa place, selon leurs bannières.
18 Nan kote lwès la, va gen drapo kan Ephraïm lan selon lame pa yo e chèf a fis Ephraïm yo va Élischama fis a Ammihud la.
La bannière de la compagnie d'Ephraïm, par ses troupes, sera vers l'Occident; et Elisamah, fils de Hammiud, sera le chef des enfants d'Ephraïm;
19 Nan lame pa li, men sa ki konte yo; karann-mil-senk-san.
Et sa troupe, et ses dénombrés, quarante mille cinq cents.
20 Akote li va gen tribi Manassé a, e chèf a fis Manassé yo te: Gamaliel, fis a Pedahstsur a,
Près de lui [campera] la Tribu de Manassé, et Gamaliel, fils de Pédatsur, sera le chef des enfants de Manassé;
21 avèk lame pa li. Men mesye sila ki te konte yo, trant-de-mil-de-san.
Et sa troupe, et ses dénombrés, trente-deux mille deux cents.
22 Apre se tribi a Benjamin an, e chèf a tribi Benjamin an te: Abidan, fis a Gideoni a,
Puis la Tribu de Benjamin, et Abidan, fils de Guidhoni, sera le chef des enfants de Benjamin;
23 avèk lame pa li. Men mesye sila ki te konte yo; trann-senk-mil-kat-san.
Et sa troupe, et ses dénombrés, trente-cinq mille et quatre cents.
24 Total a mesye konte nan kan Ephraïm yo te: san-ui-mil-san pa lame pa yo. Yo va sòti nan twazyèm nan.
Tous les dénombrés de la compagnie d'Ephraïm, cent huit mille et cent, par leurs troupes, partiront les troisièmes.
25 Nan kote nò va gen drapo pou kan Dan an, selon lame pa yo, e chèf a fis Dan yo te: Ahiézer, fis a Ammischaddaï a,
La bannière de la compagnie de Dan, par ses troupes, sera vers le Septentrion, et Ahihézer, fils de Hammisadaaï, sera le chef des enfants de Dan;
26 avèk lame pa li. Men mesye ki te konte yo; swasann-de-mil-sèt-san.
Et sa troupe, et ses dénombrés, soixante-deux mille sept cents.
27 Sila ki fè kan bò kote li yo va nan tribi Aser, e chèf a fis a Aser yo te: Paguiel, fis a Ocran an,
Près de lui campera la Tribu d'Aser, et Paghiel, fils de Hocran, sera le chef des enfants d'Aser;
28 avèk lame pa li. Men mesye sila ki te konte yo; karanteyen-mil-senk-san.
Et sa troupe, et ses dénombrés, quarante et un mille cinq cents.
29 Apre se te tribi a Nephtali a, e chèf a fis a Nephtali yo te: Ahira, fis a Énan an,
Puis la Tribu de Nephthali, et Ahirah, fils de Hénan, sera le chef des enfants de Nephthali;
30 avèk lame pa li. Men mesye sila ki te konte yo; senkant-twa-mil-kat-san.
Et sa troupe, et ses dénombrés, cinquante-trois mille quatre cents.
31 Total a mesye nan kan Dan yo te san-senkant-sèt-mil-sis-san. Yo va sòti dènye avèk drapo pa yo.
Tous les dénombrés de la compagnie de Dan, cent cinquante-sept mille six cents, partiront les derniers des bannières.
32 Sa yo se mesye ki te konte a fis Israël yo selon lakay papa zansèt pa yo; total a mesye a tout kan yo ki te konte pa lame yo te sis-san-twa-mil-senk-san-senkant
Ce sont là ceux des enfants d'Israël dont on fit le dénombrement selon les maisons de leurs pères. Tous les dénombrés des compagnies selon leurs troupes; [furent] six cent trois mille cinq cent cinquante.
33 Malgre sa, Levit yo pa t konte pami fis Israël yo, jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
Mais les Lévites ne furent point dénombrés avec les [autres] enfants d'Israël, comme l'Eternel [l']avait commandé à Moïse.
34 Konsa fis a Israël te fè. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo, yo te fè kan bò kote drapo pa yo, e konsa yo te sòti, yo chak avèk pwòp fanmi pa yo selon lakay zansèt papa yo.
Et les enfants d'Israël firent selon toutes les choses que l'Eternel avait commandées à Moïse, [et] campèrent ainsi selon leurs bannières, et partirent ainsi, chacun selon leurs familles, [et] selon la maison de leurs pères.

< Resansman 2 >