< Resansman 15 >

1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
locutus est Dominus ad Mosen dicens
2 “Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Lè nou antre nan peyi kote nou dwe viv la, peyi ke Mwen ap bannou an,
loquere ad filios Israhel et dices ad eos cum ingressi fueritis terram habitationis vestrae quam ego dabo vobis
3 alò, fè yon ofrann pa dife a SENYÈ a—yon ofrann brile, oswa yon sakrifis pou akonpli yon ve espesyal, swa kòm yon ofrann bòn volonte, swa nan tan apwente yo, pou fè yon odè ki santi bon a SENYÈ a, soti nan twoupo oswa nan bann mouton—
et feceritis oblationem Domino in holocaustum aut victimam vota solventes vel sponte offerentes munera aut in sollemnitatibus vestris adolentes odorem suavitatis Domino de bubus sive de ovibus
4 sila ki prezante ofrann li an, va prezante bay SENYÈ a yon ofrann sereyal de yon dizyèm efa farin fen mele avèk yon ka lwil.
offeret quicumque immolaverit victimam sacrificium similae decimam partem oephi conspersae oleo quod mensuram habebit quartam partem hin
5 Ou va prepare diven pou ofrann bwason an, yon ka boutèy, avèk ofrann brile a oswa pou sakrifis la, pou chak jenn mouton.
et vinum ad liba fundenda eiusdem mensurae dabit in holocausto sive in victima per agnos singulos
6 “‘Oswa pou yon belye, ou va prepare kòm yon ofrann sereyal, de dizyèm efa farin fen mele avèk yon tyè boutèy lwil;
et arietis erit sacrificium similae duarum decimarum quae conspersa sit oleo tertiae partis hin
7 epi pou ofrann bwason an, ou va ofri yon tyè boutèy diven kòm yon odè santi bon a SENYÈ a.
et vinum ad libamentum tertiae partis eiusdem mensurae offeret in odorem suavitatis Domino
8 “‘Lè ou fin prepare yon towo kòm yon ofrann brile, oswa yon sakrifis pou akonpli yon ve espesyal, oswa ofrann lapè bay SENYÈ a,
quando vero de bubus feceris holocaustum aut hostiam ut impleas votum vel pacificas victimas
9 alò, ou va ofri avèk towo a yon ofrann sereyal fèt ak twa dizyèm efa farin fen mele avèk yon mwatye boutèy lwil;
dabis per singulos boves similae tres decimas conspersae oleo quod habeat medium mensurae hin
10 epi ou va ofri kòm ofrann bwason, yon mwatye boutèy diven kòm yon ofrann pa dife, kòm yon odè ki bon a SENYÈ a.
et vinum ad liba fundenda eiusdem mensurae in oblationem suavissimi odoris Domino
11 Konsa, li va fèt pou chak bèf, oswa chak belye, oswa chak nan jenn mouton mal yo, oswa kabrit yo.
sic facietis
12 Selon kantite ke nou prepare yo, konsa nou va fè pou chak selon kantite ki genyen an.
per singulos boves et arietes et agnos et hedos
13 “‘Tout sila ki natif peyi yo, yo va fè bagay sa yo nan menm mod la, nan prezante yon ofrann pa dife a, kòm yon odè ki bon a SENYÈ a.
tam indigenae quam peregrini
14 Si yon etranje vin demere pami nou, oswa youn ki kapab pami nou pandan tout jenerasyon yo, e li vle fè yon ofrann pa dife, kòm yon ofrann ki santi bon a SENYÈ a, menm jan ak nou, se konsa li va fè l.
eodem ritu offerent sacrificia
15 Epi pou asanble a, va genyen yon sèl règleman pou nou ak pou etranje ki demere pami nou an, yon règleman pou tout tan pandan tout jenerasyon nou yo. Jan nou menm ye a, se konsa etranje a va ye devan SENYÈ a.
unum praeceptum erit atque iudicium tam vobis quam advenis terrae
16 Va genyen yon sèl lwa, ak yon sèl òdonans pou nou ak pou etranje ki demere pami nou an.’”
locutus est Dominus ad Mosen dicens
17 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
loquere filiis Israhel et dices ad eos
18 “Pale avèk fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nou antre nan peyi kote Mwen mennen nou an,
cum veneritis in terram quam dabo vobis
19 alò konsa sa va rive, ke lè nou manje nan manje peyi a, nou va leve yon ofrann bay SENYÈ a.
et comederitis de panibus regionis illius separabitis primitias Domino
20 “‘Nan premye bòl farin moulen nou an, nou va fè leve yon gato kòm yon ofrann. Kòm ofrann moulen glasi, nou va leve li.
de cibis vestris sicut de areis primitias separatis
21 Soti nan premye bòl farin moulen an, nou va bay SENYÈ a yon ofrann pandan tout jenerasyon nou yo.
ita et de pulmentis dabitis primitiva Domino
22 Men lè nou tonbe fè yon fòt ki pa eksprè, e nou vin pa obsève tout kòmandman sila ke SENYÈ a te pale a Moïse yo—
quod si per ignorantiam praeterieritis quicquam horum quae locutus est Dominus ad Mosen
23 tout sa ke SENYÈ a te kòmande pa Moïse yo soti nan jou ke SENYÈ a te bay kòmandman an, avanse rive nèt pou tout jenerasyon yo—
et mandavit per eum ad vos a die qua coepit iubere et ultra
24 alò, li va konte ke si sa fèt san entansyon, e san konesans kongregasyon an, ke tout kongregasyon an va ofri yon towo kòm yon ofrann brile, kòm yon odè ki bon a SENYÈ a, avèk ofrann sereyal pa li a, ak ofrann bwason li an, selon òdonans lan, ak yon mal kabrit pou yon ofrann peche.
oblitaque fuerit facere multitudo offeret vitulum de armento holocaustum in odorem suavissimum Domino et sacrificium eius ac liba ut caerimoniae postulant hircumque pro peccato
25 Konsa, prèt la va fè ekspiyasyon pou tout kongregasyon fis Israël yo, e yo va vin padone; paske se te yon erè, e yo te pote ofrann pa yo, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, ofrann peche pa yo devan SENYÈ a, pou erè a.
et rogabit sacerdos pro omni multitudine filiorum Israhel et dimittetur eis quoniam non sponte peccaverunt nihilominus offerentes incensum Domino pro se et pro peccato atque errore suo
26 “‘Konsa, tout kongregasyon fis Israël yo va vin padone, avèk etranje ki demere pami yo, paske sa te rive a tout pèp la akoz fòt erè a.
et dimittetur universae plebi filiorum Israhel et advenis qui peregrinantur inter vos quoniam culpa est omnis populi per ignorantiam
27 Osi, si yon moun fè peche ki pa eksprè, alò, li va ofri yon femèl kabrit nan laj 1 nan kòm yon ofrann peche.
quod si anima una nesciens peccaverit offeret capram anniculam pro peccato suo
28 Prèt la va fè ekspiyasyon devan SENYÈ a pou moun ki kite chemen an lè li fè peche ki pa eksprè a, pou li k ap fè ekspiyasyon pou li pou jiskaske li kapab padone.
et deprecabitur pro ea sacerdos quod inscia peccaverit coram Domino inpetrabitque ei veniam et dimittetur illi
29 Nou va genyen yon sèl lwa pou sila ki fè yon bagay ki pa eksprè, pou sila ki natif pami fis Israël yo, e pou sila ki se yon etranje k ap demere pami yo.
tam indigenis quam advenis una lex erit omnium qui peccaverint ignorantes
30 Men moun ki fè yon bagay avèk rebelyon an, menm si se yon natif, oswa yon etranje, sila ap blasfeme SENYÈ a. Nanm sa va koupe retire de pèp li a.
anima vero quae per superbiam aliquid commiserit sive civis sit ille sive peregrinus quoniam adversum Dominum rebellis fuit peribit de populo suo
31 Akoz ke li te meprize pawòl a SENYÈ a, e li te vyole kòmandman Li an, moun sa a va konplètman koupe retire. Koupabilite li va rete sou li.’”
verbum enim Domini contempsit et praeceptum illius fecit irritum idcirco delebitur et portabit iniquitatem suam
32 Alò, pandan fis Israël yo te nan dezè a, yo te twouve yon nonm ki t ap ranmase bwa nan jou Saba a.
factum est autem cum essent filii Israhel in solitudine et invenissent hominem colligentem ligna in die sabbati
33 Sila ki te twouve li yo nan ranmase bwa a te mennen li vè Moïse avèk Aaron, ak tout asanble a.
obtulerunt eum Mosi et Aaron et universae multitudini
34 Konsa, yo te arete li, akoz ke li potko deside kisa pou fè avèk li.
qui recluserunt eum in carcerem nescientes quid super eo facere deberent
35 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Nonm nan va vrèman vin mete a lanmò. Tout kongregasyon an va lapide li avèk kout wòch deyò kan an.”
dixitque Dominus ad Mosen morte moriatur homo iste obruat eum lapidibus omnis turba extra castra
36 Konsa, tout kongregasyon an te mennen li deyò kan an, e yo te lapide li jiska lanmò avèk kout wòch, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
cumque eduxissent eum foras obruerunt lapidibus et mortuus est sicut praeceperat Dominus
37 SENYÈ a te osi pale avèk Moïse e te di:
dixit quoque Dominus ad Mosen
38 “Pale avèk fis Israël yo e di yo ke yo va fè pou yo menm ponpon sou kwen vètman yo pandan tout jenerasyon yo, e ke yo va mete sou ponpon nan chak kwen an, yon kòd ble.
loquere filiis Israhel et dices ad eos ut faciant sibi fimbrias per angulos palliorum ponentes in eis vittas hyacinthinas
39 Se va yon ponpon pou nou gade, e pou sonje tout kòmandman SENYÈ yo, pou nou obeyi yo, e pa pwostitiye tèt nou jan noun te kon fè, nan swiv dezi pwòp kè nou ak zye nou,
quas cum viderint recordentur omnium mandatorum Domini nec sequantur cogitationes suas et oculos per res varias fornicantes
40 e pou nou sonje pou fè tout kòmandman Mwen yo, e pou rete sen a Bondye nou an.
sed magis memores praeceptorum Domini faciant ea sintque sancti Deo suo
41 “Mwen menm se SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, pou M kab vin Bondye nou. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.”
ego Dominus Deus vester qui eduxi vos de terra Aegypti ut essem vester Deus

< Resansman 15 >