< Resansman 14 >

1 Epi tout kongregasyon an te leve vwa yo pou te rele, e pèp la te kriye nan nwit lan.
O gece bütün topluluk yüksek sesle bağrışıp ağladı.
2 Tout fis Israël yo te bougonnen kont Moïse ak Aaron. Tout kongregasyon an te di yo: “Pito ke nou te mouri nan peyi Égypte la! O pito nou te mouri nan dezè sa a!
Bütün İsrail halkı Musa'yla Harun'a karşı söylenmeye başladı. Onlara, “Keşke Mısır'da ya da bu çölde ölseydik!” dediler,
3 Poukisa SENYÈ a ap mennen nou nan peyi sa a, pou tonbe anba nepe? Madanm nou yo avèk pitit nou yo va devni piyay. Èske li pa t ap pi bon pou nou pou retounen an Égypte?”
“RAB neden bizi bu ülkeye götürüyor? Kılıçtan geçirilelim diye mi? Karılarımız, çocuklarımız tutsak edilecek. Mısır'a dönmek bizim için daha iyi değil mi?”
4 Epi yo te di youn lòt: “Annou chwazi yon chèf, pou retounen an Égypte.”
Sonra birbirlerine, “Kendimize bir önder seçip Mısır'a dönelim” dediler.
5 Konsa, Moïse avèk Aaron te tonbe sou figi yo nan prezans a tout asanble kongregasyon a fis Israël yo.
Bunun üzerine Musa'yla Harun İsrail topluluğunun önünde yüzüstü yere kapandılar.
6 Josué, fis a Nun lan avèk Caleb, fis a Jephaunné a, nan sila ki te fè espyonaj nan peyi a, te chire rad yo.
Ülkeyi araştıranlardan Nun oğlu Yeşu'yla Yefunne oğlu Kalev giysilerini yırttılar.
7 Yo te pale avèk tout kongregasyon a fis Israël yo, e te di: “Peyi ke nou te pase ladann pou fè ankèt la, se yon vrèman bon peyi.
Sonra bütün İsrail topluluğuna şöyle dediler: “İçinden geçip araştırdığımız ülke çok iyi bir ülkedir.
8 Si SENYÈ a kontan avèk nou, alò, Li va mennen nou nan peyi sa a pou bannou li—yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl.
Eğer RAB bizden hoşnut kalırsa, süt ve bal akan o ülkeye bizi götürecek ve orayı bize verecektir.
9 Sèlman, pa fè rebèl kont SENYÈ a; ni pa pè pèp peyi sa a, paske, nou va devore yo. Pwoteksyon yo ale, e SENYÈ a avèk nou. Pa pè yo.”
Ancak RAB'be karşı gelmeyin. Orada yaşayan halktan korkmayın. Onları ekmek yer gibi yiyip bitireceğiz. Koruyucuları onları bırakıp gitti. Ama RAB bizimledir. Onlardan korkmayın!”
10 Men tout kongregasyon an te kòmanse lapide yo avèk kout wòch. Konsa laglwa SENYÈ a te parèt nan tant asanble a a tout fis Israël yo.
Topluluk onları taşa tutmayı düşünürken, ansızın RAB'bin görkemi Buluşma Çadırı'nda bütün İsrail halkına göründü.
11 SENYÈ a te di a Moïse: “Pou konbyen de tan, moun sa yo va desann mwen konsa? Pou konbyen de tan yo va refize kwè nan Mwen, malgre tout sign ke M te fè nan mitan yo?
RAB Musa'ya şöyle dedi: “Ne zamana dek bu halk bana saygısızlık edecek? Onlara gösterdiğim bunca belirtiye karşın, ne zamana dek bana iman etmeyecekler?
12 Mwen va frape yo avèk gwo mizè. Mwen va dizerite yo. Mwen va fè ou menm vin fòme yon nasyon pi gwo e pi fò ke yo.”
Onları salgın hastalıkla cezalandıracağım, mirastan yoksun bırakacağım. Ama seni onlardan daha büyük, daha güçlü bir ulus kılacağım.”
13 Men Moïse te reponn SENYÈ a: “Alò Ejipsyen yo va tande bagay sa a, paske pa pwisans Ou, Ou te mennen fè monte pèp sa a soti nan mitan yo.
Musa, “Mısırlılar bunu duyacak” diye karşılık verdi, “Çünkü bu halkı gücünle onların arasından sen çıkardın.
14 Konsa, yo va pale sa a sila ki rete nan peyi sila yo. Yo te tande ke Ou menm, O SENYÈ a, rete nan mitan pèp sa a. Paske Ou menm, O SENYÈ a, yo fè wè fasafas, e nwaj Ou kanpe sou yo; epi Ou ale devan yo nan yon pilye nwaj pandan lajounen ak yon pilye dife pandan lannwit la.
Kenan topraklarında yaşayan halka bunu anlatacaklar. Ya RAB, bu halkın arasında olduğunu, onlarla yüz yüze görüştüğünü, bulutunun onların üzerinde durduğunu, gündüz bulut sütunu, gece ateş sütunu içinde onlara yol gösterdiğini duymuşlar.
15 Alò, si ou touye pèp sa a tankou se yon sèl moun, alò, nasyon ki te tande tout istwa Ou yo, va di:
Eğer bu halkı bir insanmış gibi yok edersen, senin ününü duymuş olan bu uluslar, ‘RAB ant içerek söz verdiği ülkeye bu halkı götüremediği için onları çölde yok etti’ diyecekler.
16 ‘Akoz SENYÈ a pa t kab mennen pèp sa nan peyi ke Li te pwomèt yo avèk sèman an, pou sa, li te detwi yo nan dezè a.’
17 “Men koulye a, mwen priye, pou pwisans a SENYÈ a vin gwo, jis jan ke Ou te deklare a,
“Şimdi gücünü göster, ya Rab. Demiştin ki,
18 ‘SENYÈ a lan nan fè kòlè; Li ranpli avèk lanmou dous, ki padone inikite avèk transgresyon yo. Li p ap janm bliye tò a koupab yo, men Li va vizite inikite a papa yo sou pitit yo jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon.’
‘RAB tez öfkelenmez, sevgisi engindir, suçu ve isyanı bağışlar. Ancak suçluyu cezasız bırakmaz; babaların işlediği suçun hesabını üçüncü, dördüncü kuşak çocuklarından sorar.’
19 “Padone, mwen priye Ou, inikite a pèp sa a selon grandè lanmou dous Ou a, jis jan ke Ou menm, osi, te padone pèp sa a, depi an Égypte pou jis rive koulye a.”
Mısır'dan çıkışlarından bugüne dek bu halkı nasıl bağışladıysan, büyük sevgin uyarınca onların suçunu bağışla.”
20 Konsa, SENYÈ a te di: “Mwen te padone yo, jan ou te mande a;
RAB, “Dileğin üzerine onları bağışladım” diye yanıtladı,
21 men vrèman, jan Mwen viv la, tout latè va ranpli avèk laglwa SENYÈ a.
“Ne var ki, varlığım ve yeryüzünü dolduran yüceliğim adına ant içerim ki,
22 Vrèman, tout mesye ki te wè glwa Mwen ak sign Mwen te fè an Égypte ak nan dezè a, malgre sa, yo vin pase Mwen a leprèv pandan menm dis fwa sa yo, e yo pa t koute vwa M.
yüceliğimi, Mısır'da ve çölde gösterdiğim belirtileri görüp de beni on kez sınayan, sözümü dinlemeyen bu kişilerden hiçbiri
23 Pa gen youn nan yo k ap wè peyi ke M te sèmante a papa yo a, ni p ap gen nan sila ki te rejte M yo, k ap wè l.
atalarına ant içerek söz verdiğim ülkeyi görmeyecek. Beni küçümseyenlerden hiçbiri orayı görmeyecek.
24 Men sèvitè Mwen an, Caleb, akoz li te gen yon lòt lespri, e li te swiv Mwen nèt, Mwen va mennen l nan peyi kote li te antre a, e desandan li yo va vin pran posesyon li.
Ama kulum Kalev'de başka bir ruh var, o bütün yüreğiyle ardımca yürüdü. Araştırmak için gittiği ülkeye onu götüreceğim, onun soyu orayı miras alacak.
25 Alò, moun Amalec avèk Canaran yo ap viv nan vale yo. Vire demen pou pati pou dezè a pa chemen Lamè Wouj la.
Amalekliler'le Kenanlılar ovada yaşıyorlar. Siz yarın geri dönün, Kamış Denizi yolundan çöle gidin.”
26 “SENYÈ a te pale avèk Moïse, e te di:
RAB Musa'yla Harun'a da, “Bu kötü topluluk ne zamana dek bana söylenecek?” dedi, “Bana söylenen İsrail halkının yakınmalarını duydum.
27 Pou konbyen de tan, Mwen va sipòte kongregasyon mechan sila k ap bougonnen kont Mwen an? Mwen fenk tande plent ke fis Israël yo ap fè kont Mwen.
28 “Di yo: ‘Jan Mwen vivan an, di SENYÈ a, mwen va fè pou ou tout bagay jan Mwen te tande ou di a.
Onlara RAB şöyle diyor de: ‘Varlığım adına ant içerim ki, söylediklerinizin aynısını size yapacağım:
29 Kadav nou yo va tonbe nan dezè sila a, menm tout mesye konte yo, nou tout soti nan ventan oswa plis, ki te bougonnen kont Mwen yo,
Cesetleriniz bu çöle serilecek. Bana söylenen, yirmi ve daha yukarı yaşta sayılan herkes çölde ölecek.
30 vrèman, nou p ap antre nan peyi kote Mwen te sèmante pou mete nou an, sof Caleb, fis a Jephunné a ak Jousé, fis a Nun nan.
Sizi yerleştireceğime ant içtiğim ülkeye Yefunne oğlu Kalev'le Nun oğlu Yeşu'dan başkası girmeyecek.
31 Men pitit nou yo, ke nou te di ki ta devni yon objè lachas— Mwen va mennen yo antre ladann. Yo va konnen peyi ke nou menm te rejte a.
Ama tutsak edilecek dediğiniz çocuklarınızı oraya, sizin reddettiğiniz ülkeye götüreceğim; orayı tanıyacaklar.
32 “‘Men pou nou menm, kadav nou va tonbe nan dezè sila a.
Size gelince, cesetleriniz bu çöle serilecek.
33 Fis nou yo va vin bèje pandan karantan nan dezè a, e yo va soufri pou enfidelite nou yo jiskaske kadav nou kouche nan dezè a.
Çocuklarınız, hepiniz ölünceye dek kırk yıl çölde çobanlık edecek ve sizin sadakatsizliğiniz yüzünden sıkıntı çekecekler.
34 Selon nonb de jou ke nou te fè ankèt nan peyi a, karant jou, pou chak jou, nou va pote inikite nou yo pandan 1 nan, Ki fè karantan total, e nou va konprann opozisyon Mwen an.’
Ülkeyi araştırdığınız günler kadar –kırk gün, her gün için bir yıldan kırk yıl– suçunuzun cezasını çekeceksiniz. Sizden yüz çevirdiğimi bileceksiniz!’
35 Mwen, SENYÈ a te pale. Se vrèman sa Mwen va fè a tout kongregasyon mechan sila ki rasanble kont Mwen an. Nan dezè sa a, yo va vin detwi, e la yo va mouri.”
Ben RAB söyledim; bana karşı toplanan bu kötü topluluğa bunları gerçekten yapacağım. Bu çölde yıkıma uğrayacak, burada ölecekler.”
36 Pou mesye ke Moïse te voye pou fè ankèt nan peyi a, e ki te retounen pou fè tout kongregasyon an bougonnen kont Li yo lè yo te vin sòti avèk yon move rapò sou peyi a,
Musa'nın ülkeyi araştırmak üzere gönderdiği adamlar geri dönüp ülke hakkında kötü haber yayarak bütün topluluğun RAB'be söylenmesine neden oldular.
37 menm mesye sila yo ki te fè sòti rapò byen move a, yo te vin mouri akoz yon epidemi devan SENYÈ a.
Ülke hakkında kötü haber yayan bu adamlar RAB'bin önünde ölümcül hastalıktan öldüler.
38 Men Josué, fis Nun nan ak Caleb, fis a Jephaunné a te rete vivan pami sila ki te ale fè espyonaj peyi a.
Ülkeyi araştırmak üzere gidenlerden yalnız Nun oğlu Yeşu'yla Yefunne oğlu Kalev sağ kaldı.
39 Lè Moïse te pale pawòl sa yo a tout fis Israël yo, pèp la te leve fè gwo lamantasyon.
Musa bu sözleri İsrail halkına bildirince, halk yasa büründü.
40 Sepandan, nan maten, yo te leve bonè, yo te monte vè krèt kolin ki nan peyi kolin yo. Yo te di: “Men nou isit la! Nou te vrèman fè peche, men nou va monte vè kote ke SENYÈ a te pwomèt la.”
Sabah erkenden kalkıp dağın tepesine çıktılar. “Günah işledik” dediler, “Ama RAB'bin söz verdiği yere çıkmaya hazırız.”
41 Men Moïse te di: “Poukisa nou ap transgrese kòmandman a SENYÈ a, lè sa p ap reyisi?
Bunun üzerine Musa, “Neden RAB'bin buyruğuna karşı geliyorsunuz?” dedi, “Bunu başaramazsınız.
42 Pa monte, oswa nou va frape devan lènmi nou yo, paske SENYÈ a pa pami nou.
Savaşa gitmeyin, çünkü RAB sizinle olmayacak. Düşmanlarınızın önünde yenilgiye uğrayacaksınız.
43 Paske, moun Amalec yo ak Kananeyen yo va la devan nou, e nou va vin tonbe anba nepe, akoz ke nou te vire an aryè kite SENYÈ a. Konsa, SENYÈ a p ap avèk nou.”
Amalekliler'le Kenanlılar sizinle orada karşılaşacak ve sizi kılıçtan geçirecekler. Çünkü RAB'bin ardınca gitmekten vazgeçtiniz. RAB de sizinle olmayacak.”
44 Men san prekosyon, yo te monte nan krèt peyi kolin nan. Men ni lach temwayaj la, ni Moïse te kite kan an.
Öyleyken, kendilerine güvenerek dağlık bölgenin tepesine çıktılar. RAB'bin Antlaşma Sandığı da Musa da ordugahta kaldı.
45 Alò, moun Amalec yo avèk Kananeyen ki te rete nan peyi kolin yo, te vin desann. Yo te frape yo, e te bat yo jis rive nan Horma.
Dağlık bölgede yaşayan Amalekliler'le Kenanlılar üzerlerine saldırdılar, Horma Kenti'ne dek onları kovalayıp bozguna uğrattılar.

< Resansman 14 >