< Resansman 13 >
1 Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
ibi locutus est Dominus ad Mosen dicens
2 Voye mesye ki kapab fè espyonaj nan peyi Canaran ke Mwen va bay fis Israël yo. Ou va voye yon nonm sòti nan chak tribi zansèt a papa pa yo, youn nan chèf pami yo.
mitte viros qui considerent terram Chanaan quam daturus sum filiis Israhel singulos de singulis tribubus ex principibus
3 Konsa, Moïse te voye yo soti nan dezè Paran an selon kòmand a SENYÈ a. Yo tout te chèf a fis Israël yo.
fecit Moses quod Dominus imperarat de deserto Pharan mittens principes viros quorum ista sunt nomina
4 Sa yo, alò, se te non yo: soti nan tribi Ruben an, Schammua, fis a Zaccur a;
de tribu Ruben Semmua filium Zecchur
5 soti nan tribi a Siméon an: Schaphath, fis a Hori a;
de tribu Symeon Saphat filium Huri
6 pou tribi a Juda a: Caleb, fis a Jephaunné a;
de tribu Iuda Chaleb filium Iepphonne
7 pou tribi a Issacar a: Jigual, fis a Joseph la;
de tribu Isachar Igal filium Ioseph
8 pou tribi a Ephraïm nan: Hosée, fis a Nun nan
de tribu Ephraim Osee filium Nun
9 pou tribi a Benjamin an: Palthi, fis a Raphu a;
de tribu Beniamin Phalti filium Raphu
10 pou tribi a Zabulon an: Gaddiel, fis a Sodi a;
de tribu Zabulon Geddihel filium Sodi
11 pou tribi a Joseph la, tribi a Manassé a: Gaddi, fis a Sisi a;
de tribu Ioseph sceptri Manasse Gaddi filium Susi
12 pou tribi a Dan nan: Ammiel, fis a Guemalli a;
de tribu Dan Ammihel filium Gemalli
13 pou tribi a Hacer a: Sethur, fis a Micaël la;
de tribu Aser Sthur filium Michahel
14 pou tribi a Nephtali a: Nachbi, fis a Vophsi a;
de tribu Nepthali Naabbi filium Vaphsi
15 pou tribi a Gad la: Guéuel, fis a Maki a.
de tribu Gad Guhel filium Machi
16 Sa yo, se non a mesye ke Moïse te voye pou fè espyonaj peyi a. Men Moïse te rele Hosée, fis a Nun nan, Josué.
haec sunt nomina virorum quos misit Moses ad considerandam terram vocavitque Osee filium Nun Iosue
17 Lè Moïse te voye yo espyone peyi Canaan an, li te di yo: “Monte nan negev la; epi monte toujou nan peyi ti kolin yo.
misit ergo eos Moses ad considerandam terram Chanaan et dixit ad eos ascendite per meridianam plagam cumque veneritis ad montes
18 Kontwole pou wè kijan peyi a ye, si pèp ki rete ladann nan, gen fòs, oswa si yo fèb, e si yo gen anpil, oswa pa anpil moun.
considerate terram qualis sit et populum qui habitator est eius utrum fortis sit an infirmus pauci numero an plures
19 Kijan tè kote yo viv la ye, kit li bon, oswa pa bon? Epi kijan vil kote yo viv la ye, èske se kan san pwotèj, oswa avèk fò?
ipsa terra bona an mala urbes quales muratae an absque muris
20 Kijan tè a ye? Èske li rich, oswa pòv? Si gen pyebwa oswa si pa genyen? Epi fè yon efò pou pran kèk nan fwi peyi a.” Alò, se te tan ke premye rezen yo t ap vin mi.
humus pinguis an sterilis nemorosa an absque arboribus confortamini et adferte nobis de fructibus terrae erat autem tempus quando iam praecoquae uvae vesci possunt
21 Se konsa, yo te monte pou te fè espyonaj sou peyi a soti nan dezè a Tsin nan, jis pou rive Rehob, nan chemen Hamath (Lebo-Hamath) lan.
cumque ascendissent exploraverunt terram a deserto Sin usque Roob intrantibus Emath
22 Lè yo te fin monte Negev, yo te rive Hébron kote Ahiman, Schéschaï ak Talmaï, desandan a Anak yo te ye a. (Alò, Hébron te bati sèt ane avan Tsoan an Égypte.)
ascenderuntque ad meridiem et venerunt in Hebron ubi erant Ahiman et Sisai et Tholmai filii Enach nam Hebron septem annis ante Tanim urbem Aegypti condita est
23 Yo te rive nan vale Eschcol e soti la, yo te koupe yon sèl branch avèk yon sèl grap rezen; epi yo te pote li sou yon poto antre de gason avèk kèk grenad ak pye fig frans.
pergentesque usque ad torrentem Botri absciderunt palmitem cum uva sua quem portaverunt in vecte duo viri de malis quoque granatis et de ficis loci illius tulerunt
24 Kote sa a te vin rele vale a Eschcol, akoz gwo grap rezen ke fis Israël la te koupe fè desann soti la yo.
qui appellatus est Neelescol id est torrens Botri eo quod botrum inde portassent filii Israhel
25 Yo te sòti retounen nan espyonaj peyi a, nan fen karant jou yo.
reversique exploratores terrae post quadraginta dies omni regione circuita
26 Yo te vini vè Moïse avèk Aaron ak tout kongregasyon a fis Israël yo nan dezè Paran an, vè Kadès; epi yo te pote nouvèl la pou di a tout kongregasyon an, e pou te montre yo fwi peyi a.
venerunt ad Mosen et Aaron et ad omnem coetum filiorum Israhel in desertum Pharan quod est in Cades locutique eis et omni multitudini ostenderunt fructus terrae
27 Konsa, yo te pale li. Yo te di: “Nou te antre nan peyi kote nou te voye nou an. Vrèman, li koule avèk lèt ak siwo myèl, e sa a se fwi li.
et narraverunt dicentes venimus in terram ad quam misisti nos quae re vera fluit lacte et melle ut ex his fructibus cognosci potest
28 “Sepandan, pèp ki rete la yo, gen fòs, vil yo byen fòtifye, byen gwo. Anplis, nou te wè desandan Anak yo la.
sed cultores fortissimos habet et urbes grandes atque muratas stirpem Enach vidimus ibi
29 Desandan a Amalèk yo ap viv nan peyi Negev la, Etyen yo, Jebisyen yo, Amoreyen yo ap viv nan mòn yo, e Kananeyen yo ap viv bò kote lanmè ak bò kote rivyè Jourdain an.”
Amalech habitat in meridie Hettheus et Iebuseus et Amorreus in montanis Chananeus vero moratur iuxta mare et circa fluenta Iordanis
30 Men Caleb te kalme pèp la devan Moïse e te di: “Sètènman, nou dwe monte pran posesyon a peyi a, paske nou va, anverite, konkeri li.”
inter haec Chaleb conpescens murmur populi qui oriebatur contra Mosen ait ascendamus et possideamus terram quoniam poterimus obtinere eam
31 Men mesye ki te monte avè l yo te di: “Nou pa kapab monte kont pèp la, paske yo twò fò pou nou.”
alii vero qui fuerant cum eo dicebant nequaquam ad hunc populum valemus ascendere quia fortior nobis est
32 Konsa, yo te livre yon move rapò a fis Israël yo sou peyi kote yo te fè ankèt la. Yo te di: “Peyi kote nou te ale a, nan ankèt sa a, se yon peyi ki devore moun li ye, e tout pèp ke nou te wè ladann yo, se moun ki byen gran.
detraxeruntque terrae quam inspexerant apud filios Israhel dicentes terram quam lustravimus devorat habitatores suos populum quem aspeximus procerae staturae est
33 La, osi, nou te wè jeyan, fis a Anak yo ki soti nan jeyan yo. Konsa, nou te vin tankou krikèt nan pwòp zye nou ak nan zye pa yo.”
ibi vidimus monstra quaedam filiorum Enach de genere giganteo quibus conparati quasi lucustae videbamur