< Resansman 12 >
1 Marie avèk Aaron te vin pale kont Moïse akoz fanm Koushit ke li te marye a; paske li te marye avèk yon fanm Koushit;
A Mirjam i Aron uzeše rogoboriti protiv Mojsija zbog žene Kušanke kojom se oženio; jer bijaše uzeo za ženu jednu Kušanku.
2 Konsa, yo te di: “Èske SENYÈ a vrèman te pale sèlman ak Moïse? Èske Li pa t pale ak nou menm tou?” Epi SENYÈ a te tande sa.
“Zar je samo Mojsiju govorio Jahve?” - rekoše mu. “Zar i nama nije govorio?” Jahve to ču.
3 Alò, nonm Moïse la te trè enb, plis pase tout moun ki te sou sifas latè a.
Mojsije je bio veoma skroman čovjek, najskromniji čovjek na zemlji.
4 Sibitman, SENYÈ a te di a Moïse ak Aaron avèk Marie: “Nou twa a, vin sòti nan tant asanble a”. Alò, yo twa a te sòti.
I odmah reče Jahve Mojsiju, Aronu i Mirjami: “Vas se troje pojavite u Šatoru sastanka.” Njih se troje pojavi.
5 Epi SENYÈ a te desann nan yon pilye nwaj. Li te kanpe nan pòtay tant asanble a, e Li te rele Aaron avèk Marie. Yo toude te vin avanse.
U stupu oblaka siđe Jahve te stade na ulazu u Šator. Zovnu Arona i Mirjamu. Kad njih dvoje istupi naprijed,
6 Li te di: “Koute pawòl Mwen koulye a: Si gen yon pwofèt pami nou, Mwen, SENYÈ a, Mwen va fè Mwen menm vin rekonèt a li menm nan yon vizyon. Mwen va pale avèk li nan yon rèv.
reče Jahve: “Saslušajte riječi moje: Nađe li se među vama prorok, u viđenju njemu ja se javljam, u snu njemu progovaram.
7 Se pa konsa avèk sèvitè Mwen, Moïse. Li fidèl nan tout kay Mwen;
Ali nije tako sa slugom mojim Mojsijem. Od svih u kući mojoj najvjerniji je on.
8 Avèk li, Mwen pale bouch a bouch, byen klè, pa nan pawòl parabòl, epi li wè fòm SENYÈ a menm. Poukisa, konsa, nou pa t pè pou pale kont sèvitè Mwen an, kont Moïse?”
Iz usta u usta njemu ja govorim, očevidnošću, a ne zagonetkama, i lik Jahvin on smije gledati. Kako se onda niste bojali govoriti protiv sluge moga Mojsija?”
9 Epi kòlè SENYÈ a te brile kont yo, e Li te pati.
Uskipjevši gnjevom na njih, Jahve ode.
10 Lè nwaj la te kite tant lan, vwala, Marie te gen lalèp, blan tankou lanèj. Epi lè Aaron te gade, alò, Marie te gen lalèp.
Čim se od šatora oblak udaljio, gle! Mirjam ogubavi, kao snijegom posuta. Aron se okrenu prema Mirjami, a to guba na njoj.
11 Aaron te di Moïse: “O senyè Mwen an! Mwen mande ou souple, pa konte peche sa a kont nou, nan sila nou te aji avèk foli a, ak nan sila nou te peche a.
Tada rekne Aron Mojsiju: “Gospodaru moj, ne svaljuj na nas kazne za grijeh koji smo u ludosti počinili i kojega smo krivci.
12 O Pa kite chè Marie rete kòm yon timoun ki fenk fèt mouri, ki sòti nan vant manman li avèk chè li mwatye manje!”
Ne daj da ona ostane kao mrtvo dijete kojemu je već na izlasku iz majčine utrobe meso napol uništeno!”
13 Moïse te kriye fò bay SENYÈ a. Li te di: “O Bondye, geri li, mwen priye Ou!”
Tada zavapi Mojsije Jahvi: “Bože, molim te, ozdravi je!”
14 Men SENYÈ a te reponn Moïse: “Si papa li te sèlman krache nan figi li, èske li pa t ap pote wont li pandan sèt jou? Kite li rete fèmen pandan sèt jou deyò kan an. Apre, l ap kapab rantre ankò.”
“Da joj je otac njezin pljunuo u lice”, reče Jahve Mojsiju, “zar se ne bi morala stidjeti sedam dana? Neka i ona bude odvojena izvan tabora sedam dana, pa neka se poslije opet pripusti.”
15 Konsa Marie te fèmen deyò kan an pandan sèt jou, e pèp la pa t deplase jiskaske Marie te vin rantre ankò.
Tako je Mirjam bila odvojena izvan tabora sedam dana. Narod nije na put polazio dok Mirjam nije opet bila pripuštena.
16 Apre sa a, pèp la te deplase kite Hatséroth pou te fè kan nan dezè Paran an.
Poslije toga narod krenu iz Haserota i utabori se u pustinji Paranu.