< Resansman 11 >
1 Alò, pèp la te devni kòm sila ki plenyen zafè pwoblèm nan zòrèy a SENYÈ a. Lè SENYÈ a te tande sa, kòlè li te vin limen, dife SENYÈ a te brile pami yo. Li te detwi kèk nan yo nan zòn deyò kan an.
當時人民怨聲載道,怨聲已傳入上主的耳中;上主聽見,遂發怒上主的火在他們中燃起,焚燒了營幕的邊緣。
2 Pou sa, pèp la te kriye fò bay Moïse. Moïse te priye bay SENYÈ a, e dife a te ralanti.
人民遂向梅瑟求救;梅瑟懇求了上主,火就熄滅了,
3 Konsa, non a kote sa a te rele Tabeéra akoz dife SENYÈ a ki te brile pami yo.
遂給那地方起名叫塔貝辣,因為上主的火曾在他們中燃燒起來。
4 Sanzave nan mele yo ki te pami yo te gen lide voras. Menm fis Israël yo tou te kriye dlo nan zye ankò. Yo te di: “Kilès k ap bannou vyann pou nou manje?
那些跟百姓來的雜族神甚是貪求口腹,連以色列子民也開始哭泣說:「誰給我們肉吃﹖
5 Nou sonje pwason ke nou te konn manje gratis nan peyi Égypte, avèk konkonb ak melon, zonyon, ak lay;
我們記得:在埃及我們可隨便吃魚,還有胡瓜、西瓜、韭菜、蔥和蒜。
6 men koulye a, nanm nou vin sèch. Nanpwen anyen pou nou ta gade sof ke lamàn sa a.”
現在我們的心靈憔悴,我們眼見的除「瑪納」外,什麼也沒有。」「
7 Alò, lamàn nan te tankou grenn pitimi avèk aparans gonm arabik.
瑪納」形似胡荽種子,色彩有如珍珠。
8 Pèp la t ap fè ale retou pou ranmase li. Yo te moulen li antre de wòch moulen, oswa bat li nan yon pilon, bouyi li nan yon chodyè, epi fè gato avèk li. Li gen gou tankou gou a gato ki fèt ak lwil.
人民四散收斂,用磨研細,或在臼內搗碎,在鍋內煮了做成餅,它的滋味有如油餅的滋味。
9 Lè lawouze te vin tonbe nan kan an pandan nwit lan, lamàn te tonbe avè l.
夜間露水降在營上時,也降下「瑪納。」
10 Alò, Moïse te tande pèp la ki t ap kriye pami tout fanmi yo, chak mesye nan pòtay a tant li. Konsa, chalè a SENYÈ a te vin limen anpil, e Moïse te malkontan.
梅瑟聽見百姓家家戶戶,各在帳棚門口悲哭。上主大發忿怒,梅瑟見了也很難受,
11 Pou sa, Moïse te di SENYÈ a: “Poukisa Ou te tèlman di avèk sèvitè Ou a? Epi poukisa mwen pa t jwenn favè nan zye ou, ke Ou te vin mete chaj tout pèp sa a sou Mwen?
遂對上主說:「你為什麼難為你的僕人﹖為什麼我在你眼中不蒙寵幸,竟將管理這百姓的擔子全放在我身上﹖
12 Èske se mwen menm ki te vin peple fè tout pèp sa a? Èske se mwen menm ki te fè yo vin parèt pou Ou ta di mwen: ‘Pote yo nan sen ou tankou yon fanm nouris pote yon ti bebe k ap tete, pou rive nan yon peyi ke Ou te sèmante a papa yo?’
莫非是我懷孕了這百姓,或是我生了他們,你竟對我說:你要懷抱他們,如同褓母懷抱乳兒,直到進入你對他們的祖先所誓許的地方﹖
13 Kote mwen ap jwenn vyann pou bay tout pèp sa a? Paske yo kriye devan m! Yo te di: ‘Bannou vyann pou nou kapab manje!’
我從那裏拿肉給這百姓吃﹖因為他們向我哭訴說:給我們肉吃!
14 Mwen sèl mwen p ap kab pote tout pèp sa a; se twòp chaj pou mwen.
我獨自不能抱著這百姓,這為我太重。
15 Konsa, si W ap aji konsa avè m, souple touye mwen koulye a; konsa, si Mwen pa t twouve favè nan zye Ou, pa kite mwen vin wè mizè mwen.”
若你願這樣對待我,如果我在你眼中得寵,求你殺了我罷! 免得我受這苦楚。」
16 Konsa, SENYÈ a te di a Moïse: “Rasanble pou Mwen swasann-dis nonm ki soti nan ansyen Israël yo, pami sila a ou konnen kòm ansyen a pèp la, ak ofisyèl yo. Mennen yo nan tant asanble a e kite yo vin fè kanpe pa yo ansanm avè w la a.
上主對梅瑟說:「你給我由以色列老年人中召選七十人,你知道他們是民間的老前輩和會辦事的人,領他們進入會幕,叫他們同你一起站在那裏。
17 Alò, Mwen va vin desann pou pale avèk ou la a. Konsa, Mwen va pran nan lespri ki sou ou a, pou mete li sou yo; epi yo va pote fado a avèk ou, pou ou pa oblije pote li ou sèl ou.
在那裏我要降下,與你交談,取些你身上具有的神能,賦給他們,叫他們與你分擔管理人民的重擔,不讓你個人獨自承擔。
18 “Di a pèp la: ‘Konsakre nou pou demen e nou va manje vyann; paske nou te kriye nan zòrèy SENYÈ a, e te di: “O ke yon moun bannou vyann pou nou manje! Paske nou te byen okipe an Égypte.” Konsa, SENYÈ a va bannou vyann, e nou va manje.
你對民眾說:你們聖潔自己直到明天,你們就會有肉吃,因為上主已聽見你們哀哭說:誰給我們肉吃﹖我們在埃及是多麼好! 如今上主要給你們肉吃了;
19 Nou va manje, pa pou yon jou, ni de jou, ni senk jou, ni di jou, ni ven jou,
不但是一天、兩天、五天、十天、二十天,你們有肉吃,
20 men yon mwa nèt, jis li vin sòti nan nen nou, e vin abominab pou nou; akoz nou te rejte SENYÈ a ki pami nou, e nou te kriye devan Li pou te di: “Poukisa nou te janmen kite Égypte?”’”
而是整月,直到肉從你們的鼻子裏出來,吃的生厭,因為你們輕視了住在你們中的上主,在他面前涕泣說:為什麼我們出離了埃及﹖」
21 Men Moïse te di: “Pèp pami sila Mwen ye a se sis-san-mil sou pye; sepandan, Ou te di, ‘Mwen va bay yo vyann, pou yo kab manje jis yon mwa nèt.’
梅瑟說:「與我同住的人民,步行的男子就有六十萬,你卻說:我要給他們肉吃,且吃一整月。
22 “Si bann mouton avèk twoupo yo ta touye pou yo èske sa ta sifi pou yo?”
就是將牛羊都為他們殺了,為他們夠用麼﹖或將海裏的魚全給他們捉來,為他們足用麼﹖」
23 SENYÈ a te di a Moïse: “Èske pouvwa SENYÈ a limite? Koulye a, ou va wè si pawòl Mwen va vin vrè pou ou oswa non.”
上主回答梅瑟說:「難道上主的手短了﹖你就要看見我對你說的話是否應驗。」
24 Konsa, Moïse te sòti deyò. Li te di pèp la pawòl SENYÈ a. Osi, li te rasanble swasann-dis gason nan ansyen pami pèp la, e li te estasyone yo antoure tant la.
梅瑟將上主的話告訴了人民;隨後從人民的老年人中召選了七十人,令他們站在會幕四周。
25 Alò, SENYÈ a te vin desann nan nwaj la, e Li te pale avèk li. Li te pran nan Lespri ki te sou li a, e li te plase Li sou swasann-dis ansyen yo. Epi lè Lespri a te poze sou yo, yo te pwofetize. Men yo pa t fè sa ankò.
上主乘雲降下,與梅瑟談話;將他身上的神能,賦給那七十位長老;這神能一降在他們身上,他們就出神說話;以後再沒有出神。
26 Men de mesye nan ansyen yo te rete nan kan an; Non a youn te Eldad, e non a lòt la te Médad. Epi Lespri a te vin rete sou yo. Yo menm te pami sila ki te anrejistre kòm ansyen yo, men ki pa t sòti pou ale nan tant lan; men yo te pwofetize nan kan an.
當時有兩個人留在營內,一個名叫厄耳達得,一個名叫默達得;這神能也降在他們身上;他們原是在被錄取的人內,卻沒有到會幕那裏去,就在營內出神說話。
27 Konsa, yon jennonm te kouri di Moïse: “Eldad avèk Médad ap pwofetize nan kan an.”
有一少年跑來告訴梅瑟說:「厄耳達得和默達得在營內出神說話。」
28 Epi Josué, fis a Nun nan, ki te sèvitè Moïse depi nan jenès li, te di: “Moïse, senyè mwen an, anpeche yo.”
自幼即服事梅瑟的農的兒子若蘇厄遂說:「我主梅瑟! 你該禁止他們。」
29 Men Moïse te di li: “Èske ou jalou pou tèt mwen? Pito ke tout pèp SENYÈ a te pwofèt, pou SENYÈ a ta mete Lespri Li sou yo!”
梅瑟回答他說:「你為我的緣故嫉妒人麼﹖巴不得上主的人民都成先知,上主將自己的精神貫注在他們身上! 」
30 Epi Moïse te retounen nan kan an, ni li, ni ansyen Israël yo.
梅瑟遂與以色列的長老回到了營內。
31 Alò, te vin souleve yon van sòti nan SENYÈ a. Li te mennen zwazo kay sòti nan lanmè, e Li te kite yo tonbe akote kan an, anviwon distans de yon vwayaj yon jounen sou yon bò, e vwayaj a yon jounen de lòt bò a, toutotou kan an, epi plis oswa mwens de koude (twa pye) pwofondè sou sifas tè a.
那時上主使一陣風颳起,由海上吹來了鵪鶉,散落在營幕上;鵪鶉在營幕四周多得有一天路程那麼遠,在地面上約有兩肘厚。
32 Pèp la te pase tout jounen, tout nwit lan, ak tout jou aprè a nan ranmase zòtolan. Sila ki te ranmase mwens lan, te ranmase dis omè (ven lit), e yo te poze yo gaye pou yo toupatou nan kan an.
人民那一整日整夜,且在第二日整天都忙於捕捉鵪鶉,收集得最少的,也收集了十堆,都擺在營幕四周。
33 Pandan vyann nan te toujou nan dan yo, avan yo te menm moulen li, kòlè SENYÈ a te vin limen kont pèp la, e SENYÈ a te frape pèp la avèk yon epidemi byen sevè.
肉還在他們的牙齒間,尚未嚼爛,上主就對人民發怒了,以極嚴重的災禍打擊了人民。
34 Konsa, non a kote sa a te rele Kibroth Hattaava, akoz ke se ladann, yo te antere pèp ki te voras yo.
故此人給那地方起名叫克貝洛特阿塔瓦,因為在那裏埋葬了貪饕的人民。
35 Soti nan Kibroth Hattaava, pèp la te ale Hazeroth, e yo te vin rete Hazeroth.
以後民眾由克貝洛特阿塔瓦起程,向哈茲洛特出發,在哈茲洛特住下了。