< Neemi 1 >

1 Pawòl a Néhémie yo, fis Hacalia a. Alò, sa te fèt nan mwa Kisleu a, nan ventyèm ane a, pandan mwen te nan kapital Suse la,
Dessa äro Nehemia, Hachalja sons, ord. Det begaf sig uti dem månadenom Chislev, i tjugonde årena, att jag var i Susan på slottet.
2 ke Hanani, youn nan frè mwen yo, e kèk nan mesye ki soti Juda yo te vini. Mwen te mande yo sou Jwif yo ki te chape, e ki te reziste malgre kaptivite a, epi sou Jérusalem.
Då kom Hanani, en af mina bröder, med några män utaf Juda; och jag frågade dem, huru det gick med Judarna, som behållne och igenlefde voro af fängelset; och huru det tillgick i Jerusalem.
3 Yo te di mwen: “Retay ki la nan pwovens lan, ki te chape e ki te reziste malgre kaptivite a nan gwo pwoblèm ak dezolasyon. Miray Jérusalem nan kraze nèt e pòtay li yo fin brile ak dife.”
Och de sade till mig: De igenlefde af fängelset äro der i landena uti stor vedermödo och försmädelse; murarna i Jerusalem äro nederbrutne, och dess portar uppbrände med eld.
4 Lè m te tande pawòl sila yo, mwen te chita la, mwen te kriye e fè gwo plent pandan kèk jou; epi mwen t ap fè jèn avèk lapriyè devan Bondye syèl la.
Då jag nu sådana ord hörde, satt jag och gret, och jämrade mig i några dagar, och fastade, och bad inför Gud af himmelen;
5 Mwen te di: “Mwen sipliye W, O SENYÈ syèl la, Bondye ki gran e mèvèye a, ki gade akò Li avèk lanmou dous Li pou sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo,
Och sade: Ack! Herre Gud af himmelen, du store och förskräckelige Gud, som håller förbund och barmhertighet dem som dig älska och hålla din bud;
6 ke zòrèy W kapab atantif e zye Ou yo louvri pou tande lapriyè sèvitè Ou a ke mwen ap fè devan Ou koulye a, lajounen kon lannwit, nan non a fis Israël yo, pou konfese peche a fis Israël yo ke nou te fè kont Ou menm. Mwen menm avèk lakay papa m te peche.
Låt dock din öron höra härtill, och din ögon öppne vara, så att du hörer dins tjenares bön, som jag nu beder inför dig, både dag och natt, för dina tjenare Israels barn, och bekänner Israels barnas synd, som vi emot dig gjort hafve; och jag med mins faders hus hafvom också syndat.
7 Nou te byen konwonpi nan zak nou te fè kont Ou yo, e nou pa t kenbe kòmandman yo, règleman yo, òdonans yo, ke ou te kòmande a sèvitè Ou a, Moïse.
Vi äre vordne förderfvade, att vi icke hafve hållit din bud, befallningar och rätter, som du dinom tjenare Mose budit hafver.
8 “Sonje pawòl ke Ou te kòmande sèvitè Ou a, Moïse, lè Ou te di: ‘Si nou pa fidèl, Mwen va gaye nou pami pèp yo;
Men tänk dock uppå det ord, som du dinom tjenare Mose böd, och sade: Om I förtagen eder, så vill jag förströ eder ibland folk;
9 men si nou retounen kote Mwen, kenbe kòmandman Mwen yo, e fè yo, malgre sila nan nou ki te gaye nan zòn pi izole nan syèl yo, Mwen va ranmase yo soti la, pou mennen yo rive nan plas kote Mwen te chwazi pou non Mwen te abite a.’
Men om I omvänden eder till mig, och hållen min bud, och gören dem; och om I än bortdrefne voren allt intill himmelens ända, så vill jag dock dädan församla eder, och skall låta eder komma till det rum, som jag utvalt hafver, till att mitt Namn der bo skall.
10 “Yo se sèvitè Ou e pèp Ou ke Ou te rachte pa gran pouvwa Ou, ak men pwisan Ou.
De äro dock dine tjenare, och ditt folk, som du förlossat hafver, igenom dina stora kraft och mägtiga hand.
11 O Senyè, mwen sipliye W, pou zòrèy ou kapab atantif a lapriyè a sèvitè Ou a ak lapriyè a sèvitè Ou yo ki pran plezi nan louwe non Ou. Fè sèvitè Ou a reyisi nan jou sila a, e bay li mizerikòd devan nonm sila a.” Alò, se te mwen ki te pote tas pou wa a.
Ack! Herre, låt din öron höra till din tjenares bön, och till dina tjenares bön, som begära frukta ditt Namn; och låt lyckosamliga tillgå i dag med dinom tjenare, och gif honom barmhertighet för denna mannenom. Ty jag var Konungens skänk.

< Neemi 1 >