< Neemi 9 >

1 Alò, nan venn-katriyèm jou nan mwa sa a, fis Israël yo te rasanble fè jèn abiye ak twal sak ak tè yo mete sou yo.
这月二十四日,以色列人聚集禁食,身穿麻衣,头蒙灰尘。
2 Desandan Israël yo te separe yo soti nan tout etranje yo, e te kanpe pou konfese peche pa yo avèk inikite a papa zansèt yo.
以色列人就与一切外邦人离绝,站着承认自己的罪恶和列祖的罪孽。
3 Pandan yo te kanpe nan plas yo, yo te li soti nan liv lalwa SENYÈ a, Bondye pa yo a, pou yon ka de jounen an. Pou yon lòt ka, yo te konfese e te adore SENYÈ a, Bondye pa yo a.
那日的四分之一站在自己的地方念耶和华—他们 神的律法书,又四分之一认罪,敬拜耶和华—他们的 神。
4 Alò, sou etaj, Levit yo te kanpe Jousé, Bani, Dadmiel, Schebania, Bunni, Schérébia, Bani avèk Kenani. Yo t ap kriye ak vwa fò anlè a SENYÈ a, Bondye yo a.
耶书亚、巴尼、甲篾、示巴尼、布尼、示利比、巴尼、基拿尼站在利未人的台上,大声哀求耶和华—他们的 神。
5 Konsa, Levit yo, Josué, Kadmiel, Bani, Haschabnia, Schérébia, Hodija, Schebania, avèk Pethachja te di: “Leve pou beni SENYÈ a, Bondye nou an, jis pou tout tan! O ke non Ou ki se leve wo sou tout benediksyon yo ak lwanj yo ranpli ak glwa kapab beni.
利未人耶书亚、甲篾、巴尼、哈沙尼、示利比、荷第雅、示巴尼、毗他希雅说:“你们要站起来称颂耶和华—你们的 神,永世无尽。耶和华啊,你荣耀之名是应当称颂的!超乎一切称颂和赞美。”
6 Se Ou sèl ki SENYÈ a. Ou te fè syèl yo, syèl de syèl yo avèk tout lame pa yo, latè a avèk tout sa ki sou li, lanmè ak tout sa ki ladann. Se Ou ki bay yo tout lavi. Menm lame syèl la bese ba devan Ou.
“你,惟独你是耶和华!你造了天和天上的天,并天上的万象,地和地上的万物,海和海中所有的;这一切都是你所保存的。天军也都敬拜你。
7 Ou se SENYÈ a, ki te chwazi Abram nan, e ki te fè l sòti nan Ur a Kaldeyen yo, ki te bay li non Abraham.
你是耶和华 神,曾拣选亚伯兰,领他出迦勒底的吾珥,给他改名叫亚伯拉罕。
8 Ou te twouve kè li fidèl devan Ou, epi te fè yon akò avèk li, pou bay li tout tè a Canaan yo, a Etyen yo avèk Amoreyen yo, a Ferezyen yo, Jebizyen yo, avèk Girezyen yo, pou livre bay li a desandan pa li yo. Konsa, Ou te akonpli pwomès Ou te fè a, paske Ou jis.
你见他在你面前心里诚实,就与他立约,应许把迦南人、赫人、亚摩利人、比利洗人、耶布斯人、革迦撒人之地赐给他的后裔,且应验了你的话,因为你是公义的。
9 Ou te wè afliksyon a zansèt nou yo an Egypte, epi te tande kri yo akote Lanmè Wouj.
“你曾看见我们列祖在埃及所受的困苦,垂听他们在红海边的哀求,
10 Ou te fè sign ak mèvèy kont Farawon, kont tout sèvitè li yo avèk moun a peyi li yo, paske Ou te konnen ke yo te aji avèk awogans kont yo, epi te fè yon non pou tèt Ou ki dire jis rive jodi a.
就施行神迹奇事在法老和他一切臣仆,并他国中的众民身上。你也得了名声,正如今日一样,因为你知道他们向我们列祖行事狂傲。
11 Ou te divize lanmè a devan yo. Konsa yo te pase nan mitan lanmè a sou tè sèch. Epi sila ki te kouri dèyè yo te jete nan fon, tankou yon wòch nan dlo anraje.
你又在我们列祖面前把海分开,使他们在海中行走干地,将追赶他们的人抛在深海,如石头抛在大水中;
12 Avèk yon pilye nwaj, Ou te mennen pèp la pandan lajounen, e avèk yon pilye dife pandan lannwit, pou limen chemen yo sou sila yo ta dwe mache yo.
并且白昼用云柱引导他们,黑夜用火柱照亮他们当行的路。
13 Anplis, Ou te desann sou Mon Sinaï, e te pale avèk yo soti nan syèl la. Ou te bay yo òdonans ki jis avèk lalwa ki te vrè, bon règleman avèk bon kòmandman yo.
你也降临在西奈山,从天上与他们说话,赐给他们正直的典章、真实的律法、美好的条例与诫命,
14 Konsa, Ou te fè yo rekonèt Saba sen Ou an, epi te byen poze pou yo, kòmandman yo, règleman yo, avèk lalwa yo pa sèvitè Ou, Moïse.
又使他们知道你的安息圣日,并借你仆人摩西传给他们诫命、条例、律法。
15 Ou te founi pen soti nan syèl la pou grangou yo, epi Ou te mennen dlo soti nan yon wòch pou yo menm, pou swaf yo, epi Ou te di yo antre ladann nan peyi ke Ou te sèmante pou bay yo pou posede a.
从天上赐下粮食充他们的饥,从磐石使水流出解他们的渴,又吩咐他们进去得你起誓应许赐给他们的地。
16 Men yo menm, zansèt nou yo, te aji avèk awogans. Yo te fè tèt di, epi te refize koute kòmandman Ou yo.
“但我们的列祖行事狂傲,硬着颈项不听从你的诫命;
17 Yo te refize koute e yo pa t sonje mèvèy ke Ou te fè pami yo. Konsa, yo te vin tèt di, e te chwazi yon chèf ki pou mennen yo retounen an esklavaj yo an Egypte. Men Ou se yon Bondye ki padone, plen ak gras avèk mizerikòd, lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous. Ou pa t abandone yo.
不肯顺从,也不记念你在他们中间所行的奇事,竟硬着颈项,居心背逆,自立首领,要回他们为奴之地。但你是乐意饶恕人,有恩典,有怜悯,不轻易发怒,有丰盛慈爱的 神,并不丢弃他们。
18 Menm lè yo te fè pou kont yo yon ti bèf an metal fonn, yo te di: ‘Sa se Bondye nou, ki te mennen nou monte soti an Egypte la’, epi te fè gran blasfèm,
他们虽然铸了一只牛犊,彼此说‘这是领你出埃及的神’,因而大大惹动你的怒气;
19 Ou menm, nan gran mizerikòd Ou, pa t abandone yo nan dezè. Pilye nwaj la pa t kite yo pandan lajounen, pou gide yo nan chemen yo, ni pilye dife a pandan lannwit, pou klere pou yo chemen an, e montre yo direksyon ke yo dwe ale.
你还是大施怜悯,在旷野不丢弃他们。白昼,云柱不离开他们,仍引导他们行路;黑夜,火柱也不离开他们,仍照亮他们当行的路。
20 Ou te bay bon lespri pa Ou pou enstwi yo. Lamàn Ou, Ou pa t refize fè antre nan bouch yo. Ou te bay yo dlo pou lè yo te swaf.
你也赐下你良善的灵教训他们;未尝不赐吗哪使他们糊口,并赐水解他们的渴。
21 Anverite, pandan karantan, Ou te fè pwovizyon pou yo nan dezè a, e yo pa t manke anyen. Rad yo pa t epwize, ni pye yo pa t anfle.
在旷野四十年,你养育他们,他们就一无所缺:衣服没有穿破,脚也没有肿。
22 Anplis, Ou te bay yo wayòm yo avèk pèp yo, epi te divize bay yo tout selon pòsyon pa yo. Yo te pran posesyon a peyi Sihon, wa a Hesbon an ak peyi Og, wa Basan an.
并且你将列国之地照分赐给他们,他们就得了西宏之地、希实本王之地,和巴珊王噩之地。
23 Ou te fè fis pa yo vin anpil kon zetwal syèl yo, epi Ou te mennen yo antre nan peyi ke Ou te mande zansèt pa yo antre pou posede a.
你也使他们的子孙多如天上的星,带他们到你所应许他们列祖进入得为业之地。
24 Pou sa, fis pa yo te antre pou posede peyi a. Epi Ou te fè moun peyi a Canaan yo soumèt devan Ou. Konsa, Ou te livre yo nan men yo, avèk wa yo ak pèp peyi a, pou fè avèk yo sa yo te pito.
这样,他们进去得了那地,你在他们面前制伏那地的居民,就是迦南人;将迦南人和其君王,并那地的居民,都交在他们手里,让他们任意而待。
25 Yo te kaptire vil fòtifye yo, avèk tèren byen fètil yo. Yo te vin posede kay yo plen avèk tout bon bagay, sitèn ki fin fouye, chan rezen, chan oliv avèk pye fwi an kantite. Konsa, yo te manje, te vin plen, epi te vin gra, e te pran plezi nan gran bonte Ou.
他们得了坚固的城邑、肥美的地土、充满各样美物的房屋、凿成的水井、葡萄园、橄榄园,并许多果木树。他们就吃而得饱,身体肥胖,因你的大恩,心中快乐。
26 Men yo te tanmen dezobeyi, epi te fè rebèl kont Ou. Yo te jete lalwa pa Ou dèyè do yo, e te touye pwofèt Ou yo ki te bay yo avètisman pou yo ta retounen kote Ou, epi yo te komèt gwo blasfèm.
“然而,他们不顺从,竟背叛你,将你的律法丢在背后,杀害那劝他们归向你的众先知,大大惹动你的怒气。
27 Pou sa, Ou te livre yo nan men a opresè yo ki te oprime yo. Men lè yo te kriye a Ou menm nan tan gwo twoub yo, Ou te tande soti nan syèl la, epi pa gran lanmou dous Ou, Ou te bay yo chèf liberatè yo, ki te delivre yo nan men a opresè yo.
所以你将他们交在敌人的手中,磨难他们。他们遭难的时候哀求你,你就从天上垂听,照你的大怜悯赐给他们拯救者,救他们脱离敌人的手。
28 Men soti lè yo te fin jwenn repo a, yo te fè mal ankò devan Ou. Pou sa, Ou te abandone yo nan men a lènmi yo, jiskaske yo te renye sou yo. Lè yo te kriye ankò a Ou menm, Ou te tande Soti nan syèl la, epi anpil fwa Ou te fè yo chape akoz gran lanmou dous Ou,
但他们得平安之后,又在你面前行恶,所以你丢弃他们在仇敌的手中,使仇敌辖制他们。然而他们转回哀求你,你仍从天上垂听,屡次照你的怜悯拯救他们,
29 epi te fè tèmwen kont yo pou fè yo retounen kote lalwa Ou. Sepandan, yo te aji avèk awogans e pa t Koute kòmandman Ou yo, men te peche kont òdonans Ou yo, selon sila yo, si yon nonm ta swiv yo, li ta viv. Men yo te vire yon do byen di, yo te fè tèt di, epi te refize koute.
又警戒他们,要使他们归服你的律法。他们却行事狂傲,不听从你的诫命,干犯你的典章(人若遵行就必因此活着),扭转肩头,硬着颈项,不肯听从。
30 Malgre sa, Ou te sipòte yo pandan anpil ane, epi te avèti yo pa Lespri Ou, pa pwofèt Ou yo. Sepandan, yo te refize bay zòrèy yo. Akoz sa, Ou te livre yo nan men a pèp nasyon yo.
但你多年宽容他们,又用你的灵借众先知劝戒他们,他们仍不听从,所以你将他们交在列国之民的手中。
31 Men nan gran mizerikòd Ou, Ou pa t fini ak yo, ni abandone yo, paske Ou menm se yon Bondye gras avèk mizerikòd.
然而你大发怜悯,不全然灭绝他们,也不丢弃他们;因为你是有恩典、有怜悯的 神。
32 Alò, pou sa, Bondye Nou an, Bondye gran, pwisan e mèvèy la, ki kenbe akò li avèk Lanmou dous, pa kite tout twoub sa yo vin bliye devan Ou, ki te vin rive sou nou, wa nou yo, chèf nou yo, prèt nou yo, papa zansèt nou yo, ak sou tout pèp Ou yo, depi nan jou wa Assyrie yo, jis rive jodi a.
“我们的 神啊,你是至大、至能、至可畏、守约施慈爱的 神。我们的君王、首领、祭司、先知、列祖,和你的众民,从亚述列王的时候直到今日所遭遇的苦难,现在求你不要以为小。
33 Sepandan, Ou jis nan tout sa ki vin rive nou; paske Ou te aji avèk fidelite, men nou te aji mal.
在一切临到我们的事上,你却是公义的;因你所行的是诚实,我们所做的是邪恶。
34 Paske wa nou yo, chèf nou yo, prèt nou yo ak zansèt nou yo pa t kenbe lalwa Ou yo, ni okipe kòmandman Ou yo avèk avètisman Ou yo avèk sila Ou te avèti yo.
我们的君王、首领、祭司、列祖都不遵守你的律法,不听从你的诫命和你警戒他们的话。
35 Men yo, malgre nan pwòp wayòm pa yo ke Ou te bay yo, pa t sèvi Ou, ni kite zak mechan yo.
他们在本国里沾你大恩的时候,在你所赐给他们这广大肥美之地上不事奉你,也不转离他们的恶行。
36 Gade byen, nou vin esklav yo jodi a, epi pou teren ke Ou te bay a zansèt Nou yo, pou manje fwi avèk bonte li, Gade byen, nou vin esklav ladann yo.
我们现今作了奴仆;至于你所赐给我们列祖享受其上的土产,并美物之地,看哪,我们在这地上作了奴仆!
37 Gran rekòlt li bay vin pou wa yo ke Ou te fin mete sou nou akoz peche nou yo. Anplis, yo renye sou kò nou epi sou bèt nou yo, jan yo pito; pou sa a, nou nan gran pwoblèm.
这地许多出产归了列王,就是你因我们的罪所派辖制我们的。他们任意辖制我们的身体和牲畜,我们遭了大难。”
38 Alò, akoz tout sa, nou ap fè yon akò ki si, ki ekri; epi dokiman an sele, pa Chèf nou yo, Levit nou yo ak prèt nou yo.”
因这一切的事,我们立确实的约,写在册上。我们的首领、利未人,和祭司都签了名。

< Neemi 9 >