< Neemi 8 >

1 Konsa, tout pèp la te rasanble kon yon sèl moun nan plas ki te devan Pòtay Dlo a. E yo te pale ak Esdras, skrib la, pou mennen liv lalwa Moïse la ke SENYÈ a te bay a Israël la.
Då samla heile folket seg, alle som ein mann på torget midt for Vatsporten. Dei bad Ezra, den skriftlærde, henta boki med Moselovi som Herren hadde bode Israel.
2 Epi Esdras, prèt la, te pote lalwa a devan asanble a mesye yo avèk fanm yo, tout moun te kab koute avèk bon konprann, nan premye jou nan setyèm mwa a.
Då bar presten Ezra lovi fram for lyden, for menner og kvinnor og alle som kunde skyna det dei høyrde. Det var fyrste dagen i sjuande månaden.
3 Li te li nan liv la devan plas ki te devan Pòtay Dlo a soti granmaten jis rive midi, nan prezans a mesye ak fanm ki te atantif a liv lalwa a.
Han las upp or henne frå dagsprett til middag, ved torget framfor Vatsporten, for menner og kvinnor og deim som kunde skyna det; og alt folket lydde på lovboki.
4 Esdras, skrib la, te kanpe devan yon etaj an bwa ki te fèt eksprè pou afè sila a. Akote li te kanpe Matthithia, Schéma, Anaja, Urie, Hilkija, avèk Maaséja adwat li e agoch li, Pedaja, Mischaël, Malkija, Haschum, Haschbaddana, Zacharie ak Meschullam.
Ezras, den skriftlærde, stod på ein tram av tre som dei hadde laga til det. Jamsides med honom stod Mattitja, Sema, Anaja, Uria, Hilkia og Ma’aseja på høgre sida, og på vinstre sida Pedaja, Misael, Malkia, Hasum, Hasbaddana, Zakarja og Mesullam.
5 Esdras te ouvri liv la devan zye tout pèp la, paske li te kanpe pi wo ke tout pèp la. Lè li te ouvri li, tout pèp la te kanpe.
Ezra opna boki so alle såg det; for han stod høgare enn dei alle. Og med same han opna, reis dei alle upp.
6 Epi Esdras te beni SENYÈ a, gran Bondye a. Tout pèp la te reponn: “Amen, Amen,” pandan yo te leve men yo. Yo te bese ba pou te adore SENYÈ a avèk figi yo jis atè.
Ezra lova Herren, den store Gud, og heile folket svara: «Ja, ja!» - med di dei rette upp henderne. Dei bøygde seg og kasta seg å gruve på jordi for Herren.
7 Anplis, Josué, Bani, Schérébia, Jamin, Akkub, Schabbethaï, Hodija, Maaséja, Kelitha, Azaria, Jozabad, Hanan, Pelaja, avèk Levit yo te eksplike lalwa a pèp la pandan pèp la te rete an plas.
Og Jesua, Bani, Serebja, Jamin, Akkub, Sabbetai, Hodia, Ma’aseja, Kelita, Azarja, Jozabad, Hanan, Pelaja og dei hine levitarne tolka lovi for folket, medan folket vart standande kvar på sin stad.
8 Yo te li nan liv la, soti nan lalwa Bondye a, e te tradwi pou fè yo konprann, pou yo ta kab byen sezi sa ki te li a.
Dei las tydeleg or boki, or Guds lov; og lagde ut meiningi, so folket kom til å skyna det.
9 Néhémie, ki te gouvènè a ak Esdras, prèt la ak skrib, avèk Levit ki te enstwi pèp la, te di a tout pèp la: “Jou sa a sen a SENYÈ a, Bondye nou an. Pa fè dèy, ni pa kriye.” Paske, tout pèp la t ap kriye lè yo te tande pawòl lalwa yo.
Nehemia, jarlen, og den skriftlærde presten Ezra, og levitarne, som lærde folket, sagde til alt folket: «Denne dagen er heilag for Herren, dykkar Gud. Syrg ikkje og gråt ikkje!» For heile folket gret då dei høyrde dei ordi i lovi.
10 Konsa, li te di yo: “Ale manje grès, bwè sa ki dous e voye bay pòsyon a sila ki pa t prepare yo; paske jou sa a sen a SENYÈ nou an. Pa fè lapèn ak soufrans, paske lajwa SENYÈ a se fòs nou.”
Og han sagde til deim: «Gakk no og et den beste mat, og drikk den søtaste vin de hev! Og send gåvor til den som inkje hev! For denne dagen er heilag for vår Herre. No skal de ikkje syta. Gleda i Herren er dykkar faste borg!»
11 Konsa, Levit yo te kalme tout pèp la, epi te di: “Rete kalm, paske jou a sen. Pa fè doulè.”
Ogso levitarne hysja på alt folket og sagde: «Ver stille, dagen er heilag, de må ikkje syta!»
12 Tout pèp la te Soti pou manje, bwè e voye bay pòsyon pou selebre yon gwo fèt, akoz yo te konprann pawòl ke yo te fenk tande.
Då gjekk heile folket burt og åt og drakk og sende gåvor ikring og heldt ei stor gledehøgtid; dei hadde lagt seg på hjarta det som var sagt deim.
13 Nan dezyèm jou fèt la, tout chèf zansèt a tout pèp la, prèt yo ak Levit yo te rasanble kote Esdras, skrib la, pou yo ta kab ranmase konesans nan pawòl lalwa yo.
Dagen etter, då ættehovdingarne i heile folket og prestarne og levitarne samla hjå den skriftlærde Ezra og vilde få meir greida på ordi i lovi,
14 Yo te twouve ekri nan lalwa a jan SENYÈ a te kòmande pa Moïse ke fis Israël yo ta dwe viv nan tonèl pandan fèt setyèm mwa a.
då fann dei skrive i lovi, at Herren hadde bode ved Moses at Israels-borni skulde bu i lauvhyttor på høgtidi i sjuande månaden,
15 Konsa, yo te fè pwoklamasyon an, e te pwoklame li nan tout vil pa yo ak Jérusalem. Yo te di: “Ale deyò vè ti mòn yo e pote branch oliv yo, avèk branch oliv mawon yo, branch bwa bazilik yo, branch palmis yo, avèk branch nan lòt kalite bwa ak fèy, pou fè tonèl yo, jan sa ekri a.”
og at dei skulde kunngjera og ropa ut i alle byarne sine og i Jerusalem: «Far til fjells og henta lauv av planta oljetre og ville oljetre, myrt og palmor og andre lauvrike tre og bygg lauvhyttor, som fyreskrive er!»
16 Pou sa, pèp la te sòti e te pote yo pou fè tonèl yo pou yo menm, chak nan twati pla anwo kay pa yo, oswa nan lakou yo, nan lakou lakay Bondye a, nan plas kote Pòtay Dlo a, e nan plas kote Pòtay Ephraïm nan.
Då gjekk folket ut og henta, og bygde seg lauvhyttor på tak og på tun, kvar heime hjå seg, og i tuni ved Guds hus og på torgi ved Vatsporten og Efraimsporten.
17 Tout asanble a sila ki te retounen soti an kaptivite yo te fè tonèl yo, e te rete ladann yo. Fis Israël yo, anverite, pa t konn fè sa depi nan jou a Josué yo, fis a Nun nan, jis rive nan jou sa a. Epi te gen gwo rejwisans.
Heile lyden, alle som var heimkomne frå utlægdi, bygde seg lauvhyttor og budde i deim. Sidan dei dagarne då Jesua Nunsson livde og like til denne dagen hadde Israels-borni ikkje gjort det. Og der var ovleg stor gleda.
18 Li te li soti nan liv lalwa a chak jou, soti nan premye jou a, jis rive nan dènye jou a. Yo te selebre fèt la pandan sèt jou, e nan uityèm jou a, te gen yon asanble solanèl selon òdonans lan.
Kvar dag las dei upp or Guds lovbok, frå fyrste dagen til siste; dei heldt høgtig i sju dagar, og på den åttande heldt dei stor samlingshøgtid, etter fastsett skikk.

< Neemi 8 >