< Neemi 11 >

1 Alò, chèf a pèp yo te rete Jérusalem, men rès pèp la te tire osò pou fè youn nan dis Izrayelit andeyò yo vin rete Jérusalem, nan vil sen an, pandan nèf sou dis te rete nan lòt vil yo.
And the rulers of the people dwelt at Jerusalem: and the rest of the people cast lots, to bring one of every ten to dwell in Jerusalem the holy city, and the nine parts to [remain] in the [other] cities.
2 Pèp la te beni tout mesye ki te pa volonte yo, vin rete Jérusalem yo.
And the people blessed all the men, that offered themselves voluntarily to dwell at Jerusalem.
3 Alò, sila yo se chèf an tèt pwovens ki te vin rete Jérusalem yo; men nan vil a Juda yo, chak moun te rete sou pwòp teren pa l nan vil pa yo—Izrayelit yo, prèt yo, Levit yo, sèvitè tanp yo ak desandan a sèvitè Salomon yo.
Now these are the chiefs of the province that dwelt in Jerusalem; but in the cities of Judah dwelt every one in his possession in their cities, [to wit, ] Israel, the priests, and the Levites, and the temple-servants, and the children of Solomon's servants.
4 Kèk nan fis a Juda yo avèk kèk nan fis a Benjamin yo te rete Jérusalem. Soti nan fis Juda yo: Athaja, fis a Ozias la, fis a Zacharie, fis Amaria, fis Schephathia, fis a Mahalaleel, fis a Pérets yo;
And at Jerusalem dwelt certain of the children of Judah, and of the children of Benjamin. Of the children of Judah: 'Athayah the son of 'Uzziyah, the son of Zechariah, the son of Amaryah, the son of Shephatyah, the son of Mahalalel, of the children of Perez:
5 epi Maaséja, fis a Barue, fis a Col-Hozé, fis a Hazaja, fis a Adaja a, fis a Jojarib, fis a Zacharie, fis a Schiloni.
And Ma'asseyah the son of Baruch, the son of Kol-chozeh, the son of Chazayah, the son of 'Adayah, the son of Joyarib, the son of Zechariah, the son of Hashiloni;
6 Total fis a Pérets ki te etabli Jérusalem yo te kat-san-swasann-tuit mesye de gran kouraj.
All the sons of Perez that dwelt at Jerusalem were four hundred sixty and eight valiant men.
7 Men fis a Benjamin yo: Sallu, fis a Meschullam nan, fis a Joëd la, fis a Pedaja, fis a Kolaja a, fis a Maaséja a, fis a Ithiel la, fis a Ésaïe a.
And these are the sons of Benjamin: Sallu the son of Meshullam, the son of Jo'ed, the son of Pedayah, the son of Kolayah, the son of Ma'asseyah, the son of Ithiel, the son of Jessha'yah;
8 Epi apre li, Gabbaaï avèk Sallaï, nèf-san-venn-tuit.
And next to him Gabbai, Sallai; nine hundred twenty and eight.
9 Joël, fis a Zicri a, te chèf yo; epi Juda, fis a Senua a, se te douzyèm chèf lavil la.
And Joel the son of Zichri was overseer over them; and Judah the son of Hassenuah was second over the city.
10 Soti nan prèt yo: Jedaeja, fis a Jojarib la, Jakin,
Of the priests: Jedayah the son of Joyarib, Jachin:
11 Seraja, fis a Hilkija a, fis a Meschullam nan, fis a Tsadok la, fis a Merajoth la, fis a Achithub la, ki te dirije lakay Bondye,
Serayah the son of Chilkiyah, the son of Meshullam, the son of Zadok, the son of Merayoth, the son of Achitub, the superintendent of the house of God;
12 epi fanmi yo ki te fè travay tanp lan, ui-san-venn-de; epi Adaja, fis a Jerocham nan, fis a Pelalia a, fis a Amtsi a, fis a Zacharie a, fis a Paschhur la, fis a Malkija a,
And their brethren who did the work of the house, eight hundred twenty and two; and 'Adayah the son of Jerocham, the son of Pelalyah, the son of Amzi, the son of Zechariah, the son of Pashchur, the son of Malkiyah;
13 epi fanmi yo, chèf lakay papa zansèt yo, de-san-karann-de; epi Amaschasaï, fis a Azareel la, fis a Achazaï a, fis a Meschillémoth la, fis a Immer a,
And his brethren, chiefs of the divisions, two hundred forty and two; and 'Amashsai the son of 'Azarel, the son of Achsai, the son of Meshillemoth, the son of Immer;
14 avèk frè pa yo, mesye ki plen kouraj, san-venn-tuit. Zabdiel, fis a Guedolim nan, se te chèf yo.
And their brethren, mighty men of valor, one hundred twenty and eight; and the overseer over them was Zabdiel, the son of Haggedolim.
15 Alò, soti nan Levit yo: Schemaeja, fis a Haschub la, fis a Azrikam nan, fis a Haschabia a, fis a Bunni an;
Also of the Levites: Shema'yah the son of Chasshub, the son of 'Azrikam, the son of Chashabyah, the son of Bunni;
16 Schabbethaï avèk Jozabad soti nan dirijan Levit yo, ki te sipèvize travay deyò nan lakou lakay Bondye a;
And Shabbethai and Jozabad, of the chiefs of the Levites, had the oversight of the outward business of the house of God;
17 epi Matthania, fis a Michée a, fis a Zabdi a, fis Asaph ki te responsab ouvri avèk remèsiman a Bondye nan lapriyè a, Bakbukia, dezyèm pami frè li yo e Abda, fis a Schammua a, fis a Galal la, fis a Jeduthun nan.
And Matthaniah the son of Micha, the son of Zabdi, the son of Assaph, the principal to begin the thanksgiving at prayer; and Bakbukyah the second among his brethren and 'Abda the son of Shammua', the son of Galal, the son of Jeduthun.
18 Tout Levit yo nèt nan lavil sen an se te de-san-katre-ven-kat.
All the Levites in the holy city were two hundred eighty and four.
19 Anplis, gadyen pòtay yo, Akkub, Thalmon, avèk frè parèy yo ki te okipe pòtay yo te san-swasann-douz.
And the gatekeepers, Akkub, Talmon and their brethren that watched at the gates, were one hundred seventy and two.
20 Tout lòt Israël, pami prèt yo ak Levit yo te nan lòt vil Juda yo, yo chak sou pwòp eritaj pa yo.
And the residue of Israel, of the priests, and the Levites, were in all the cities of Judah, every one in his inheritance.
21 Men sèvitè tanp yo te rete nan ti mòn Ophel la, e Tsicha avèk Guischpa te chèf a sèvitè tanp yo.
But the temple-servants dwelt in the hill-fort; and Zicha and Gishpa were over the temple-servants.
22 Chèf Levit Jérusalem yo te Uzzi, fis a Bani an, fis a Haschabia a, fis a Matthania a, fis a Michée a, pami fis Asaph, ki te chantè pou sèvis lakay Bondye a.
And the overseer of the Levites at Jerusalem was 'Uzzi the son of Bani, the son of Chashabyah, the son of Matthanyah, the son of Micha, one of the sons of Assaph, the singers, over the business of the house of God.
23 Paske te gen lòd ki sòti nan wa a de yo menm, ak yon règ manje pou sila ki te dirije chante yo jou apre jou yo.
For the king's command was obligatory on them; and there was a fixed rate for the singers, the requirement of every day on its day.
24 Pethachja, fis a Meschézabeel la, nan fis a Zérach yo, fis a Juda a, te reprezante wa a nan tout bagay ki te konsène pèp la.
And Pethachyah the son of Meshezabel, of the children of Zerach the son of Judah, was at the king's hand in every thing concerning the people.
25 Selon vil yo avèk chan pa yo, kèk nan fis a Juda yo te rete Kirjath-Arba avèk bouk pa li yo, nan Dibon avèk landwa ki antoure li a, e Jekabtseel avèk bouk ki te antoure li yo.
And respecting the villages with their fields, some of the children of Judah dwelt at Kiryath-arba' and in its villages, and at Dibon and in its villages, and at Jekabzeel and in its villages.
26 A Jéschua, a Molada, a Beth-Paleth,
And at Jeshua', and at Moladah, and at Beth-phelet,
27 a Hatsar-Schual, a Beer-Schéba avèk bouk pa li yo,
And at Chazar-shu'al, and at Beer-sheba' and in its villages,
28 ak Tsiklag, a Mecona, avèk bouk pa li yo,
And at Ziklag, and at Mechonah and in its villages,
29 a En-Rimmon, a Tsorea, a Jarmuth,
And at 'En-rimmon, and at Zor'ah, and at Yarmuth,
30 a Zanoach, a Adullam ak bouk li yo, Lakis avèk anviwon li, Azéka avèk bouk pa li yo. Konsa, yo te fè anplasman yo soti Beer-Schéba jis rive nan vale Hinnom an.
Zanoach, 'Adullam, and in their villages, at Lachish and its fields, at 'Azekah and in its villages. And they dwelt from Beer-sheba' as far as the valley of Hinnom.
31 Anplis, fis a Benjamin yo te rete soti Guéba ale nèt, a Micmasch, a Ajja, a Béthel, avèk bouk pa li yo,
And the children of Benjamin [dwelt], beginning from Geba', at Michmash, and 'Ay-ya, and Beth-el, and in their villages,
32 a Anathoth, a Nob, a Hanania,
'Anathoth, Nob, 'Ananyah,
33 a Hatsor, a Rama, a Guithaïm,
Chazor, Ramah, Gittayim.
34 a Hadid, a Tseboïm, a Neballath,
Chadid, Zebo'im, Neballat,
35 a Lod avèk Ono, vale a ouvriye yo.
Lod, and Ono, the valley of the carpenters.
36 Soti nan Levit yo, kèk nan divizyon Juda yo te rete nan landwa Benjamin an.
And of the Levites dwelt certain divisions in Judah, and in Benjamin.

< Neemi 11 >