< Nawoun 3 >
1 Malè a vil sanglan an! Li plen nèt ak manti ak piyaj. Viktim li yo san fen.
禍哉!這流人血的城, 充滿謊詐和強暴- 搶奪的事總不止息。
2 Bri a fwèt la, bri a wou k ap sone sou wòch yo, cheval k ap galope yo ak cha k ap vòltije yo!
鞭聲響亮,車輪轟轟, 馬匹踢跳,車輛奔騰,
3 Chevalye k ap kouri desann yo; nepe k ap klere yo, lans k ap briye tankou solèy yo. Anpil mò, yon gwo ma kadav, ak kò mouri san kontwòl— yo manke tonbe sou kadav mò yo!
馬兵爭先,刀劍發光, 槍矛閃爍,被殺的甚多, 屍首成了大堆, 屍骸無數,人碰着而跌倒,
4 Tout sa akoz anpil aktivite a pwostitiye yo, sila ki vrèman byen pòtan yo, mètrès a gwo maji yo, ki vann nasyon yo nan pwostitisyon li yo, ak fanmi yo nan gwo wanga li konn fè yo.
都因那美貌的妓女多有淫行, 慣行邪術,藉淫行誘惑列國, 用邪術誘惑多族。
5 “Gade byen, Mwen vin kont ou”, deklare SENYÈ dèzame yo. Mwen va Leve jip ou jis rive nan figi ou pou montre a nasyon yo toutouni ou, pou wayòm yo wè wont ou.
萬軍之耶和華說:我與你為敵; 我必揭起你的衣襟,蒙在你臉上, 使列國看見你的赤體, 使列邦觀看你的醜陋。
6 Mwen va jete bagay ki sal nèt sou ou, fè ou vin avili e fè ou vin espektak.
我必將可憎污穢之物拋在你身上, 辱沒你,為眾目所觀。
7 Konsa, li va vin rive ke tout moun ki wè ou, yo va fè bak, e yo va di: “Men Ninive fin devaste nèt! Se kilès k ap fè dèy pou li? Se kibò pou m ta jwenn moun ki pou rekonfòte ou?”
凡看見你的,都必逃跑離開你, 說:尼尼微荒涼了!有誰為你悲傷呢? 我何處尋得安慰你的人呢?
8 Èske ou pi bon pase Nò Amon ki te pozisyone pami rivyè yo, ki te antoure ak dlo, ki te gen lanmè kon pwotèj li, e se lanmè ki te sèvi kon miray li?
你豈比挪亞們強呢? 挪亞們坐落在眾河之間,周圍有水; 海作她的濠溝, 又作她的城牆。
9 Se Éthiopie ki te pwisans li, ansanm ak Égypte ki te san limit. Puth ak Libie te pami soutyen ou yo.
古實和埃及是她無窮的力量; 弗人和路比族是她的幫手。
10 Men li te pote ale; li te antre an kaptivite. Tout ti pitit li yo te vin kraze an mòso nan tèt tout ri yo. Yo te fè tiraj osò pou onorab li yo, e mesye pwisan li yo te mare nan chèn.
但她被遷移,被擄去; 她的嬰孩在各市口上也被摔死。 人為她的尊貴人拈鬮; 她所有的大人都被鍊子鎖着。
11 Ou menm tou va vin sou nèt. Ou va kache. Ou menm tou va chache yon kote pou ou kache akoz de ènmi an.
你也必喝醉,必被埋藏, 並因仇敵的緣故尋求避難所。
12 Tout gwo fò nou yo va tankou pye fig etranje ak fwi ki mi— lè yo sekwe yo, yo tonbe nan bouch a sila k ap manje yo a.
你一切保障必像無花果樹上初熟的無花果, 若一搖撼就落在想吃之人的口中。
13 Gade byen, pèp ou a se fanm yo ye pami nou! Pòtay peyi ou yo vin ouvri byen laj bay lènmi ou yo. Dife fin devore baryè pòtay ou yo.
你地上的人民如同婦女; 你國中的關口向仇敵敞開; 你的門閂被火焚燒。
14 Rale dlo ou pou kont ou pou fè syèj la! Ranfòse fò ou yo! Antre nan ajil la, e foule mòtye a anba pye ou. Byen bati kay fou k ap fè brik yo fò!
你要打水預備受困; 要堅固你的保障, 踹土和泥,修補磚窯。
15 La, dife sa menm va vin devore ou nèt. Nepe va koupe retire ou nèt. Li va devore ou tankou krikèt volan. Li va fè ou vin anpil tankou yon krikèt volan. Li va fè ou vin anpil tankou krikèt.
在那裏,火必燒滅你; 刀必殺戮你, 吞滅你如同蝻子。 任你加增人數多如蝻子, 多如蝗蟲吧!
16 Ou fin ogmante machann ou yo plis pase zetwal syèl yo— krikèt volan ravaje, epi, konsa, li vole ale.
你增添商賈,多過天上的星; 蝻子吃盡而去。
17 Gad nou yo tankou krikèt. Jandam nou yo tankou gwo lame krikèt volan k ap poze sou wòch nan jou fredi. Lè solèy la leve yo sove ale. Kote yo rive a, pèsòn pa konnen.
你的首領多如蝗蟲; 你的軍長彷彿成群的螞蚱, 天涼的時候齊落在籬笆上, 日頭一出便都飛去, 人不知道落在何處。
18 Bèje ou yo ap dòmi, O wa Assyrie. Prens ou yo kouche nèt. Pèp ou an vin gaye sou mòn yo, e nanpwen moun ki pou rasanble yo.
亞述王啊,你的牧人睡覺; 你的貴冑安歇; 你的人民散在山間,無人招聚。
19 Nanpwen ti pansman pou sa k ap fè ou mal la. Blesi ou a p ap ka geri. Tout moun ki tande koze ou va bat men yo sou ou, paske kilès moun san rete, ki pa t resevwa nan mechanste ou?
你的損傷無法醫治; 你的傷痕極其重大。 凡聽你信息的必都因此向你拍掌。 你所行的惡誰沒有時常遭遇呢?