< Miche 1 >
1 Pawòl SENYÈ a ki te adrese a Michée, moun Moréscheth la, nan jou a Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa Juda yo, pawòl ke li te wè konsènan Samarie ak Jérusalem nan.
Men mesaj Seyè a te bay Miche, moun lavil Morechèt, sou rèy Jotam, Akaz ak Ezekyas ki te wa nan peyi jida. Men vizyon ki gen rapò ak Samari ak Jerizalèm Seyè a te fè Miche wè.
2 Tande, O pèp yo, nou tout! Koute, O latè a, ak tout sa ki ladann. Kite SENYÈ Bondye a vin temwen kont nou; SENYÈ a, depi nan tanp sen Li an.
Koute byen, nou menm tout nasyon yo. Pare zòrèy nou, nou tout k'ap viv sou latè. Seyè a, Bondye a, pral akize nou. Tande! Li rete nan tanp ki apa pou li a, l'ap pale.
3 Paske gade byen, SENYÈ a ap vin sòti nan plas Li a. Li va vin desann pou foule wo plas latè yo.
Seyè a ap soti kote li rete a, l'ap desann, l'ap mache sou tèt mòn yo.
4 Mòn yo fann anba Li; Vale yo fann tankou lasi devan dife, tankou dlo k ap vide desann yon pant apik.
Mòn yo ap fonn anba pye l' tankou lasi nan dife. Y'ap koule desann nan fon yo tankou lavalas k'ap desann mòn.
5 Tout sa se pou rebelyon a Jacob la ak pou peche Israël la. Se kisa ki rebelyon a Jacob la? Èske se pa Samarie? Se kisa ki wo plas a Juda yo? Èske se pa Jérusalem?
Tou sa ap rive paske pèp Izrayèl la fè bagay ki mal, paske pitit Jakòb yo fè sa yo pa t' dwe fè. Ki moun ki reskonsab sa pèp Izrayèl la fè a? Se pa moun Samari, kapital peyi a? Ki moun k'ap fè idolatri nan peyi Jida a? Se pa moun lavil Jerizalèm?
6 Alò, Mwen va fè Samarie vin yon pil mazi nan yon chan louvri, tankou yon kote pou plante yon chan rezen. Mwen va vide wòch batisman li yo nan vale a, e Mwen va dekouvri mete toutouni tout fondasyon li yo.
Se konsa Seyè a di: M'ap fè lavil Samari tounen yon bann mazi nan plenn lan, yon jaden pou plante rezen. M'ap voye tout miray li yo jete nan fon. Se fondasyon kay yo ase k'ap rete pou moun wè.
7 Tout zidòl li yo va vin kraze nèt, tout kado yo bay li yo va vin brile ak dife a, e tout zidòl li yo Mwen va detwi; paske se pou salè a yon pwostitiye ke li te ranmase yo, e pou salè a yon pwostitiye yo va remèt.
Y'ap kraze tout zidòl yo an miyèt moso. Y'ap boule tou sa yo te ofri bay zidòl yo nan dife. M'ap fè kay zidòl yo tounen pil wòch. Pèp la te vire do bay Bondye lè yo t'ap fè zidòl sa yo, ou ta di madan marye k'ap fè jennès. Koulye a, y'ap peye pou vire yo te vire do bay Bondye a.
8 Pousa, mwen oblije fè dèy e kriye fò. Mwen oblije ale pye atè ak toutouni. Mwen oblije fè lamantasyon tankou chen mawon, plenyen tankou otrich!
Lèfini, Miche di: Se poutèt sa m'ap plenn, m'ap kriye. M'ap pwonmennen mache pye atè, toutouni, pou m' fè wè lapenn mwen. M'ap rele tankou frize, m'ap wouke tankou chen.
9 Paske blesi li a p ap ka geri; paske li fin rive nan Juda. Li rive nan pòtay a pèp mwen an, menm Jérusalem.
Pa gen renmèd pou maladi moun lavil Samari yo. Li kontaminen peyi Jida a. Li gen tan rive jouk nan pòtay kapital peyi pèp mwen an. Li gen tan rive lavil Jerizalèm.
10 Pa pale sa nan Gath. Pa kriye menm. Nan Beth-Leaphra mwen te woule kò mwen nan pousyè.
Pa kite moun lavil Gat yo konnen sa ki rive nou! Pa kite moun Akò yo wè nou ap kriye! Woule kò nou atè nan pousyè, nou menm moun Betleafra.
11 Ale fè wout ou, ou menm ki rete Schaphir; nan lawont ak toutouni ou. Moun Tsaanan p ap chape. Plenyen Beth-Haëtsel la: Li va retire sou ou tout soutyen li.
Pase pase nou, toutouni, tèt bese, nou menm moun lavil Safi. Moun ki rete nan ti bouk Zaanan an pa ka mete tèt yo deyò. Lè w'a tande jan moun Betaezèl yo ap plenn, w'a konnen ou p'ap jwenn pwoteksyon bò la ankò.
12 Paske moun Maroth vin fèb nan tann sa ki bon, akoz malè vin desann sòti nan SENYÈ a, rive nan pòtay Jérusalem nan.
Moun Mawòt yo nan lapenn. Pa gen sekou pou yo ankò, paske Seyè a fè malè a rive nan papòt lavil Jerizalèm.
13 Tache cheval yo nan cha lagè a, O moun Lakis! Fi sila a te kòmansman peche pou fi Sion an— akoz se nan ou, yo te twouve zak rebelyon a Israël yo.
Nou menm, moun lavil Lakis, nou mèt pare bon chwal pou cha nou yo. Se nou menm an premye nan peyi Izrayèl ki te konmanse ap fè sa ki mal. Se nou menm ki lakòz moun lavil Jerizalèm yo ap fè peche konsa.
14 Alò, ou va bay kado dadye a Moreschet-Gath. Lakay Aczib yo va vin yon desepsyon pou wa Israël yo.
Koulye a, nou menm moun peyi Jida, nou mèt di moun lavil Morechèt Gat yo orevwa, paske moun lavil Akzib yo bay manti, yo p'ap pote ankenn sekou bay wa Izrayèl yo.
15 Anplis, Mwen va mennen bay nou sila k ap pran posesyon nou an, O nou menm k ap viv nan Maréscha yo! Glwa Israël la va antre menm nan Adullam.
Kanta pou nou menm, moun lavil Marecha, mwen menm Seyè a, m'ap fè lènmi pran lavil la nan men nou. Grannèg nan peyi Izrayèl yo pral kache nan twou wòch Adoulam lan.
16 Vin chòv nèt; koupe tout cheve ou pou pitit ke ou renmen an. Elaji tèt chòv ou pou vin tankou èg, paske yo te ale an egzil kite ou!
Nou menm moun Jida, reziyen nou, paske sa fè kè nou fè nou mal pou nou wè sa timoun nou renmen anpil yo ap fè. Mare ren nou tankou moun ki nan lapenn, paske y'ap depòte timoun nou yo ale byen lwen nou.