< Miche 6 >

1 Koute koulye a sa ke SENYÈ a ap di: “Leve, plede ka ou devan mòn yo; kite kolin yo tande vwa ou.
Halljátok csak azt, amit az Örökkévaló mond: Fel, pörölj a hegyekkel és hallják meg a halmok hangodat.
2 Koute, O mòn yo, pwosè vèbal SENYÈ a, e ou menm, fondasyon latè ki dire tout tan yo. Paske SENYÈ a gen yon ka kont pèp Li a, e Li va plede ka Li ak Israël.
Halljátok, hegyek, az Örökkévaló pörét és ti szilárdak, földnek alapjai, mert pöre van az Örökkévalónak az ő népével, és pörre száll Izraéllel.
3 “Pèp Mwen, se kisa Mwen te fè Ou? Nan kisa Mwen te fatige ou? Reponn Mwen!
Népem, mit tettem neked s mivel fárasztottalak? Vallj ellenem!
4 Anverite Mwen te mennen nou monte soti nan peyi Égypte. Mwen te rachte ou soti nan kay esklavaj la. Mwen te voye devan ou Moïse, Aaron ak Marie.”
Mert felhoztalak Egyiptom országából és a rabszolgák házából kiváltottalak, és küldtem előtted Mózest, Árónt és Mirjámot.
5 Pèp mwen, sonje koulye a konsèy Balak, wa Moab la ak sa Balaam, fis a Beor a, te reponn li depi nan Sittim rive Guilgal, pou nou ta ka konnen zèv ladwati a SENYÈ a.”
Népem, emlékezzél csak, mi tanácsot kért Bálák, Móáb királya, s mit felelt neki Bileám, Beór fia – Sittímtól Gilgálig – hogy megismerjed az Örökkévalónak igaz tetteid.
6 Avèk kisa mwen ta dwe vin parèt devan SENYÈ a, e bese m ba devan Bondye anlè a? Èske mwen ta vini ak ofrann brile, ak ti bèf ki gen yon lane?
Mivel járuljak eléje az Örökkévalónak, hajoljak meg a magasság Istene előtt? Járuljak-e eléje égőáldozatokkal, egyéves borjakkal?
7 Èske SENYÈ a pran plezi nan milye de belye yo? Oswa nan dè di-milye de rivyè lwil yo? Èske se premye ne mwen an mwen dwe bay pou zak rebelyon mwen yo? Fwi a kò m pou peche nanm mwen an?
Kedvét találja-e az Örökkévaló kosok ezreiben, olajpatakok tízezreiben? Oda adjam-e elsőszülöttemet bűntettemért, testem gyümölcsét lelkem vétkéért?
8 Li te montre ou, O lòm, sa ki bon. Ki sa SENYÈ a egzije de ou? Sèl pou fè sa ki jis, renmen Mizerikòd, e mache nan imilite ak Bondye ou a?
Megmondta neked, ember, mi a jó s mit kíván az Örökkévaló tőled, ha csak nem azt, hogy jogot cselekedjél és szeretetet kedvelj és alázatosan járj Isteneddel!
9 Vwa SENYÈ a va rele vè vil la, e sajès, li menm, fè lakrent non Ou. “Koute baton an, ak Sila ki te deziye l.
Hangja az Örökkévalónak, a városhoz szól – s az üdv azé, ki tekint nevedre – halljátok a vesszőt és azt, hogy ki rendelte!
10 Èske toujou gen trezò mechanste lakay mechan an, ak yon mezi ki manke? Ki se madichonnen?
Még vannak-e a gonosznak házában gonoszság kincsei s a soványság átkozott éfája?
11 Èske Mwen kapab tolere yon fo balans ak yon sachè fo pèz?
Igazulhatok-e a gonoszság serpenyőivel s a csalárd súlykövek zacskójával?
12 Paske moun rich li yo plen vyolans. Rezidan li yo fè manti, e lang yo twonpe soti nan bouch yo.
Amelynek gazdagai erőszakkal telvék, lakói hazugságot beszéltek, nyelvük pedig csalárdság a szájukban.
13 Konsa tou, Mwen te frape ou ak yon blesi grav. Mwen te fè ou vin dezole akoz peche ou yo.
Ám én is betegre vertelek, pusztítva téged vétkeidért.
14 Ou va manje, men ou p ap satisfè. Imilyasyon ou va nan mitan ou. Ou va vin mete sou kote, men ou p ap konsève, e sa ke ou t ap rezève a, Mwen va bay li a nepe.
Eszel te, de nem lakol jól s éhességed benned van; félre teszel, de nem mented meg, s a mit megmentesz, a kardnak adom.
15 Ou va simen, men ou p ap rekòlte. Ou va kraze grenn oliv anba pye, men ou menm p ap onksyone ak lwil; kraze rezen, men ou p ap bwè diven an.
Vetni fogsz te, de nem fogsz aratni, sajtolni fogsz te olajbogyót, de nem kened magadat olajjal, mustot is, de nem iszol bort.
16 Paske se règleman Omri yo nou kenbe, ak tout zèv lakay Achab yo nou obsève, e se nan konsèy yo ke nou mache. Akoz sa, Mwen va fè ou vin detwi nèt. Pèp ou a va giyonnen, e ou va sipòte repwòch a pèp Mwen an.”
Megőrzik maguknak Omri törvényeit meg Acháb házának minden cselekvésmódját, és jártatok az ő tanácsaik szerint; azért hogy pusztasággá tegyelek, lakóit pedig piszegéssé, és népek gyalázatát viseljétek.

< Miche 6 >