< Miche 4 >
1 Men nan dènye jou yo, li va vin rive ke mòn a SENYÈ a va vin etabli kon chèf a mòn yo. Li va vin leve anwo kolin yo, e pèp nasyon yo va kouri kon dlo pou rive kote l.
Un notiks pastara laikā, tad Tā Kunga nama kalns stāvēs pāri pār visiem kalniem un būs paaugstināts pār pakalniem.
2 Anpil nasyon va vin di: “Vini, annou monte sou mòn SENYÈ a, lakay Bondye Jacob la, pou L ka enstwi nou nan chemen Li yo e pou nou ka mache sou pa Li yo.” Paske depi nan Sion, lalwa va sòti e pawòl SENYÈ a va soti Jérusalem.
Un tautas tur plūdīs un daudz pagāni tur noies un sacīs: “Nāciet, ejam augšā uz Tā Kunga kalnu un uz Jēkaba Dieva namu, ka Viņš mums māca Savus ceļus, un mēs staigājam Viņa tekās”, jo no Ciānas izies mācība un Tā Kunga vārds no Jeruzālemes.
3 Konsa, Li va jije antre anpil pèp e pran desizyon pou anpil nasyon ki byen lwen. Yo va bat nepe yo pou fè yo tounen cha pou laboure latè yo, ak lans lagè yo pou fè yo tounen kwòk imondaj. Nasyon p ap leve nepe kont nasyon e p ap aprann fè lagè ankò.
Un Viņš tiesās lielas tautas un sodīs varenus pagānus it tālu, un tie pārkals savus zobenus par lemešiem un savus šķēpus par cirpēm (ecešām), tauta pret tautu nepacels zobenu un vairs nemācīsies karot,
4 Men yo va fè chak moun chita anba chan rezen pa yo, ak anba pye fig pa yo. Pèsòn p ap fè yo pè: paske bouch SENYÈ dèzame yo fin pale sa.
Bet tie sēdēs ikviens apakš sava vīna koka un apakš sava vīģes koka, un nebūs neviena, kas tos iztrūcinās, jo Tā Kunga Cebaot mute to runājusi.
5 Malgre tout pèp yo mache nan non dye pa yo, pou nou menm, nou va mache nan non SENYÈ Bondye nou an jis pou tout tan e pou tout tan.
Jo visas tautas staigā ikviena sava dieva vārdā, bet mēs staigāsim Tā Kunga, sava Dieva, vārdā mūžīgi mūžam.
6 “Nan jou sa a”, deklare SENYÈ a, “Mwen va rasanble moun bwate yo, e Mwen va reyini moun rejte yo, ak sa ke M te aflije yo.
“Tai dienā,” saka Tas Kungs, “Es sapulcināšu, kas klibo, un salasīšu, kas aizdzīts, un ko Es biju mocījis,
7 Mwen va fè moun bwate yo vin yon retay, e moun rejte yo vin yon nasyon pwisan; Konsa, SENYÈ a va renye sou yo nan Mòn Sion depi koulye a rive jis pou tout tan.”
Un Es darīšu, ka klibajam būs atlikums un ka aizdzītais paliks par varenu tautu, un Tas Kungs būs ķēniņš pār tiem Ciānas kalnā no šā laika un mūžīgi mūžam.
8 A nou menm, wo tou bann mouton an, mòn fi Sion an, sou ou menm, li va retounen. Wi, menm ansyen pouvwa a, wayòm nan de fi Jérusalem nan.
Un tu ganības torni, Ciānas meitas stiprums, pie tevis nāks un tev tiks tā pirmā valdība, Jeruzālemes meitas valstība.”
9 Alò, poukisa ou rele anmwey konsa? Èske pa gen wa pami nou? Èske konseye nou an fin peri? Kite gwo doulè a sezi nou kon yon fanm k ap pouse fè pitit?
Nu tad, kāpēc tu brēc ar tādu brēkšanu? Vai tev nav ķēniņa? Vai tavs padoma devējs gājis bojā, ka tevi sāpes sagrābušas, kā dzemdētāju?
10 Se pou ou vin an doulè, doulè pou pouse fè pitit fi a Sion an, kon yon fanm ki ansent; paske koulye a, ou va sòti nan vil la pou rete nan chan, e ou va ale menm nan Babylone. La, ou va delivre. La, SENYÈ a va rachte ou, soti nan men ènmi ou yo.
Ciet jel un vaidi, Ciānas meita, kā dzemdētāja. Jo nu tu gan iziesi no pilsētas ārā un dzīvosi laukā un iesi uz Bābeli, bet tur tu tapsi izglābta, tur tevi Tas Kungs izpestīs no tavu ienaidnieku rokas.
11 Epi koulye a, gen anpil nasyon ki rasanble kont ou k ap di: “Kite li fin souye nèt, e kite zye nou wè dezi nou sou Sion.”
Nu gan daudz pagānu pret tevi sapulcināti un saka: lai viņa top sagānīta, lai mūsu acis (prieku) redz pie Ciānas.
12 Men yo pa konnen refleksyon a SENYÈ a, ni yo pa konprann bi Li a; paske Li te ranmase moun sa yo, kon pakèt sereyal yo, pou pote sou glasi vannen an.
Bet tie nezin Tā Kunga domas un nesaprot Viņa padomu, ka Viņš tos sakrājis kā kūlīšus piedarbā.
13 Leve pou bat jèm nan, O fi Sion an! Paske M ap fè kòn ou an vin yon kòn fè, e zago ou kon yon zago an bwonz. Ou va bat an mòso anpil pèp, pou ou kapab konsakre a SENYÈ a tout richès enjis pa yo, ke nou ranmase ak tout byen pa yo, bay SENYÈ tout latè a.
Celies un kul, Ciānas meita, jo Es tavu ragu darīšu par dzelzi un tavus nagus par varu, un tu sakulsi daudz tautas; tad es Tam Kungam nosvētīšu, ko viņi laupījuši, un viņu padomu visas pasaules Valdītājam.