< Miche 2 >

1 Malè a sila k ap fè plan inikite yo, k ap manevre mechanste sou kabann yo! Lè maten rive, yo pratike li, paske sa nan pouvwa a men yo.
הוי חשבי און ופעלי רע על משכבותם באור הבקר יעשוה כי יש לאל ידם
2 Yo lanvi chan a lòt, epi konsa yo sezi yo, kay yo, e konsa yo pran yo. Yo oprimen yon nonm ak kay li, Yon nonm ak tout eritaj li.
וחמדו שדות וגזלו ובתים ונשאו ועשקו גבר וביתו ואיש ונחלתו
3 Pou sa, pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen ap fè yon plan kont pèp sa a, yon malè k ap fè nou p ap ka retire kou nou; ni nou p ap ka mache ak awogans, paske sa se yon move tan.
לכן כה אמר יהוה הנני חשב על המשפחה הזאת רעה אשר לא תמישו משם צוארתיכם ולא תלכו רומה--כי עת רעה היא
4 Nan jou sa a, yo va fè leve kont nou yon pawòl; mokè yo va kriye ak yon lamantasyon tris. Yo va di: ‘Nou fin detwi nèt! Li divize eritaj a pèp mwen an. A la retire, Li retire l nan men mwen! Li bay moun trèt yo! Li divize bay chan nou yo!’”
ביום ההוא ישא עליכם משל ונהה נהי נהיה אמר שדוד נשדנו--חלק עמי ימיר איך ימיש לי לשובב שדינו יחלק
5 Akoz sa, nou p ap gen pèsòn ki va tann lign mezi pou fè tiraj osò nan asanble SENYÈ a.
לכן לא יהיה לך משליך חבל בגורל בקהל יהוה
6 “Pa pwofetize”!—yo pwofetize— “Pa pwofetize de bagay de sila yo. Repwòch sa yo p ap janm rive nou.”
אל תטפו יטיפון לא יטפו לאלה לא יסג כלמות
7 Èske sa dwe pale, O Lakay Jacob? “Èske Lespri SENYÈ a pa an kolè? Èske bagay sa yo se zèv pa Li? Èske pawòl Mwen yo pa fè byen pou sila k ap mache dwat la?”
האמור בית יעקב הקצר רוח יהוה--אם אלה מעלליו הלוא דברי ייטיבו עם הישר הלך
8 Men koulye a, pèp Mwen an leve tankou yon ènmi. Nou chire retire manto ak abiman de sila k ap pase pa aza yo; moun k ap retounen, soti nan lagè.
ואתמול עמי לאויב יקומם ממול שלמה אדר תפשטון מעברים בטח שובי מלחמה
9 Fanm a pèp Mwen yo, nou chase yo deyò pou soti kite bèl ti kay yo. Nan men jèn pitit yo, nou rache retire tout benediksyon Mwen, jis pou tout tan.
נשי עמי תגרשון מבית תענגיה מעל עלליה תקחו הדרי לעולם
10 Leve ale! Se pa isit ou ap jwenn repo; li plen ak sa ki pa pwòp, sa kab detwi, menm avèk yon destriksyon byen grav.
קומו ולכו כי לא זאת המנוחה בעבור טמאה תחבל וחבל נמרץ
11 Si yon nonm ap mache nan yon lespri manti pou l di: “Mwen va pale avèk nou konsènan diven ak bwason fò,” li ta kapab menm vin pwofèt a pèp sa a.
לו איש הלך רוח ושקר כזב אטף לך ליין ולשכר והיה מטיף העם הזה
12 Anverite, Mwen va rasanble nou tout, O Jacob! Anverite, Mwen va ranmase retay Israël yo. Mwen va mete yo ansanm tankou mouton nan pak; tankou yon bann mouton nan mitan patiraj yo. Y ap plenn ak moun.
אסף אאסף יעקב כלך קבץ אקבץ שארית ישראל--יחד אשימנו כצאן בצרה כעדר בתוך הדברו תהימנה מאדם
13 Sila k ap ouvri kraze chemen a va ale devan yo. Yo kraze pòtay la pou soti. Se wa yo ki pase devan yo, ak SENYÈ la a latèt yo.
עלה הפרץ לפניהם--פרצו ויעברו שער ויצאו בו ויעבר מלכם לפניהם ויהוה בראשם

< Miche 2 >